D.P.U. 20-80 23 mas 2022
Envestigasyon Depatman Sèvis Piblik (Department of Public Utilities, DPU) la nan pwòp
inisyativ li sou wòl konpayi distribisyon lokal gaz yo pandan Commonwealth la ap atenn
objektif klimatik 2050 li vize yo.
Nan 29 oktòb 2020, Depatman Sèvis Piblik (“Depatman”) la te vote pou ouvri yon
envestigasyon sou règleman potansyèl yo ki pral pèmèt Commonwealth la atenn
objektif sou emisyon gaz a efè de sè li yo ki se nèt-zewo disi 2050 epi wòl konpayi
distribisyon lokal gaz Massachusetts (‘’LDC’’) pou atenn objektif sa. Envestigasyon
Depatman Sèvis Piblik la nan pwòp inisyativ li sou wòl konpayi distribisyon lokal gaz yo
pandan Commonwealth la ap atenn objektif klimatik 2050 li vize yo, D.P.U. 20-80, Vote
ak Òdone Ouvèti Envestigasyon nan 7 (29 oktòb 2020) (‘’Òdonans’’). Depatman an te
anrejistre zafè sa kòm D.P.U. 20-80.
Nan Òdonans li, Depatman an te mande LDC pou kòmanse yon demann
konjwent pou pwopozisyon (“RFP’’) pou yon konsiltan endepandan reyalize yon etid ak
prepare yon rapò (“Rapò’’) nan paramèt yo ki diskite nan Òdonans lan. Òdonans nan 4.
Rapò ki dekoule de sa se pou enfòme ak sipòte pwopozisyon apa ki soti nan chak LDC
ki gen ladan rekòmandasyon ak plan LDC pou ede Commonwealth la atenn objektif
(“Pwopozisyon’’) klimatik 2050 li yo. Òdonans nan 6. Nan 18 mas 2022, LDC te soumèt
Rapò ak Pwopozisyon yo.
Akòz kèk mezi sekirite ak prekosyon ki gen rapò ak evènman an pèsòn yo
akòz pandemi COVID-19 la, Depatman an pral reyalize de(2) odyans piblik vityèl pou resevwa kòmantè sou Rapò ak Pwopozisyon yo. Depatman an pral reyalize deodyans piblik apati videyokonferans sou Zoom:
Madi 3 me 2022, ap kòmanse nan 7:00 p.m.
Jedi 5 me 2022, ap kòmanse nan 2:00 p.m.
Patisipan yo kapab patisipe nan odyans 3 me 2022 a nan 7:00 pm apati lyen an,
https://us06web.zoom.us/j/82975717590, ak odyans 5 me 2022 a nan 2:00 p.m. apati
lyen an, https://us06web.zoom.us/j/87436932048, apati yon òdinatè, telefòn entèlijan
oswa tablèt. Li pa nesesè pou telechaje yon lojisyèl anvan. Pou jwenn aksè nan odyans
yo apati odyo sèlman, patisipan yo kapab rele nan nenpòt nan odyans yo nan
(646) 5588656 oswa (301) 7158592 (se pa yon liy gratis) epi antre # ID
Reyinyon 829 7571 7590 pou odyans 3 me 2022 a epi # ID Reyinyon 874 3693 2048
pou odyans 5 me 2022 a. Si ou prevwa fè kòmantè atravè Zoom pandan nenpòt
odyans piblik la, voye yon imèl jiska lendi 2 me 2022, bay sarah.smegal@mass.gov
avèk non, adrès imèl, adrès postal ou ak dat odyans lan. Si ou prevwa kòmante nan
telefòn, kite on mesaj vokal jiska lendi 2 me 2022, nan (617) 305-3653 avèk non,
nimewo telefòn, adrès postal ou ak dat odyans lan.
Lè w ap itilize platfòm Zoom lan, w ap kapab tande odyans lan ak fè kòmantè
nan lang Angle, Panyòl, Chinwa, Kreyòl Ayisyen ak Vyetnamyen. Pou jwenn aksè ak
sèvis entèpretasyon atravè Zoom pandan odyans lan, klike sou bouton “Entèpretasyon”
an nan meni ki anba ekran aplikasyon Zoom lan epi chwazi lang ou (sa vle di, Angle,
Panyòl, Pòtigè, Chinwa, Kreyòl Ayisyen oswa Vyetnamyen).
Kòm opsyon, nenpòt moun ki enterese kòmante sou Rapò ak/oswa Pwopozisyon
LDC yo ka soumèt kòmantè alekri bay Depatman an pa pita pase lè fèmti biznis (5:00
p.m.) nan vandredi 6 me 2022. Nan mezi yon moun oswa antite vle soumèt kòmantè
konfòmeman avèk Avi sa, soumisyon elektwonik, jan sa detaye anba a, sifi. Depatman
an pral konsidere tout kòmantè yo soumèt yo, men espesyalman kòmantè ki konsantre
sou sa yo: (1) chemen devlope ki endike nan Rapò final konsiltan yo ansanm avèk
sipozisyon ak analiz kache nan Rapò final konsiltan yo ak Pwopozisyon espesifik LDC
yo; (2) estrikti règlemantè ki nesesè pou sipòte tranzisyon ekitab ak sekiritè pou
emisyon gaz a efè de sè nèt-zewo disi 2050; epi (3) chanjman imedyat ke LDC ta ka
aplike pou atenn dekabonizasyon.
Nan moman sa a, tout depo yo ap soumèt bay Depatman an sèlman sou fòma
elektwonik, konfòmeman ak memorandòm 15 jen 2021 Depatman an ki abòde egzijans
depo modifye kontinyèl yo. Jiska nouvèl lòd, pati yo dwe kenbe vèsyon papye orijinal
depo a epi Depatman an ap detèmine nan pita lè yo dwe depoze vèsyon papye a bay
Sekretè Depatman an.
Tout kòmantè yo dwe soumèt bay Depatman an nan fòma .pdf atravè pyès
jwent nan imèl bay dpu.efiling@mass.gov ak sarah.smegal@mass.gov. Anplis de sa, tout kòmantè yo dwe soumèt atravè imèl bay avoka LDC yo konsa:
Pou Boston Gas Company d/b/a
National Grid:
Alexandra Blackmore, Esq.
Andrea Keeffe, Esq.
Bess Gorman, Esq.
National Grid
alexandra.blackmore@us.ngrid.com
andrea.keeffe@nationalgrid.com
bess.gorman@nationalgrid.com
-ak-
John K. Habib, Esq.
Ashley S. Wagner, Esq.
Keegan Werlin, LLP
jhabib@keeganwerlin.com
awagner@keeganwerlin.com
Pou Liberty Utilities (New England
Natural Gas Company) Corp. d/b/a
Liberty Utilities:
Ronald J. Ritchie, Esq.
Liberty Utilities
r.j.ritchie@libertyutilities.com
-ak-
Kevin F. Penders, Esq.
Keegan Werlin LLP
kpenders@keeganwerlin.com
Pou Berkshire Gas Company:
Daniel P. Venora, Esq.
Keegan Werlin LLP
dvenora@keeganwerlin.com
Pou Fitchburg Gas and Electric Light
Company d/b/a Unitil:
Patrick Taylor, Esq.
Matthew Campbell, Esq.
Unitil Service Corp
taylorp@unitil.com
campbellm@unitil.com
Pou NSTAR Gas Company and
Eversource Gas of Massachusetts
d/b/a Eversource Energy:
Danielle Winter, Esq.
Keegan Werlin LLP
dwinter@keeganwerlin.com
Tèks imèl la dwe presize: (1) nimewo anrejistreman pwosè a (D.P.U. 20-80); (2) non
moun oswa konpayi k ap soumèt depo a; epi (3) yon deskripsyon kout tit dokiman an.
Non fichye elektwonik la dwe idantifye dokiman an men pa dwe depase 50 karaktè nan
longè li. Lòt pwen enpòtan, tout gwo fichye yo dwe divize an fichye elektwonik ki pa
depase 20 MB.
Nan moman sa, yon kopi papye Rapò ak Pwopozisyon yo p ap disponib pou
piblik la wè nan biwo LDC yo oswa Depatman an. Depo ak lòt dokiman ki soumèt sou
fòma elektwonik yo ap afiche osito sa posib sou sitwèb Depatman an atravè Sal Fichye
sou entènèt nou an nan:
https://eeaonline.eea.state.ma.us/DPU/Fileroom/dockets/bynumber (antre “2080”).
Aranjman nan odyans piblik yo pou moun ki gen andikap disponib sou demann.
Kontakte Kowòdonatè ADA Depatman an nan DPUADACoordinator@mass.gov. Ajoute
yon deskripsyon aranjman w ap bezwen an, epi ajoute tout detay ou kapab. Epitou
ajoute yon mwayen pou Depatman an kontakte ou si nou bezwen plis enfòmasyon. Bay
ase avi davans nan mezi posib. N ap aksepte demann nan dènye minit yo men sa ka
rive yo pa jwenn aranjman. Pou mande materyèl yo nan fòma ki aksesib pou moun ki
gen andikap yo (Bray, gwo karaktè, fichye elektwonik, fòma odyo) kontakte Kowòdonatè
ADA Depatman an nan DPUADACoordinator@mass.gov.
Nenpòt moun ki bezwen plis enfòmasyon konsènan Rapò ak Pwopozisyon yo dwe
kontakte konseye pou LDC a jan sa endike anwo a. Nenpòt moun ki vle plis
enfòmasyon konsènan avi sa dwe kontakte Sarah A. Smegal, Ofisye Odyans,
Depatman Sèvis Piblik la, nan sarah.smegal@mass.gov.