M si kèk nan nou remake, nan tout seri “Tande ak wè se de” a, m pale de tout kalite chòk m pran etan m al Ayiti a, chòk diferan bagay m dekouvri, ki pa sanble yo nòmal pou mwen, men m pa di anyen sou chòk lengwistik la, konmkwa li pa t egziste… Men se pa vre, nou konn sa: chòk la la; m gendwa pa santi l menm jan ak on lòt moun, on moun nòmal ki pa blennde sou kesyon lang. M pran sa m tande nan bouch moun, sa m wè sou mi, sou pankat, sou bandwòl, m fè yo an¬tre djakout esperyans mwen. Konsa, chòk la on ti jan amòti, men li la.
Premye pawoli ki te frape mwen, se “zo blòd”. Nan plizyè okazyon m tande jenn timoun ap di: “Msye parèt/kanpe sou mwen an zo blòd.” An jeneral, lè m tande on pawoli premye fwa, m pa kou¬ri al mande moun k ap pale yo sa sa vle di (paske m konnen yo pa oblije ka esplike sans li): m tann m tande l plizyè fwa pou m wè si m ka pran sans li pou kont mwen. Men m te vle fè on lòt esperyans ak pawoli “zo blòd” la—paske ma¬ryaj ‘zo’ ak ‘blòd’ la pa t mache nan san m. Kote pawoli a soti? Depi ki lè l parèt nan langaj moun yo? Èske se anvan oubyen apre DOUZ JANVYE? Ki sans chak mo yo? M wè ‘zo’ a: m konn “zo devan”, “zo bouke chen”, “zo re”, “zo mangay”, “zo ak po”, “zo di”…, men pa rekonèt ‘blòd’ la, ni an pent, ni an penti.
Gen on ti demwazèl ki esplike m “kanpe an zo blòd” la, se “kanpe ansenèryen”, se “montre ou pa kè”, “montre ou pa bay pyès moun regle anyen pou ou”. Li bay egzanp: “Ou ta gendwa di Preval kanpe an zo blòd sou nou depi lontan, ni anvan ni apre tranblemanntè a.” Kidonk se yon atitid: ‘m pa ka fè san sot nan wòch’, ‘m pa t mande n pou n te vote pou mwen’, ‘m pa t pwomèt nou anyen’, ‘se pa nou sèlman ki nan di’, ‘m se on moun menm jan avèk nou tou’, ‘my palace collapsed’…
Dezyèm pawoli ki te pi make m, se “asayan”. Se de sitwayen, de jenn gason, ou ta di sosis yo mare ansanm, ki renmen sèvi ak pawoli sa a. “Asayan anvayi nou.” “Asayan debake sou nou.” Tanzantan youn ap anmègde lòt, rele l “Asayan!” Dapre esplikasyon mesye yo, se ta depi epòk apre Douz Janvye, pawoli sa a parèt. Lavi nan kan, anba tant, aprann yo pou yo toujou veyatif. On separasyon diri gendwa ap fèt byen pwòp, epi asayan debake sou yo—kidonk gwoup nèg ki sot nan lòt kan, nan lòt zòn ki parèt tankou atoufè vin dappiyanp sou ti bagay y ap separe ba yo a. Gen on lè gen on pawòl, ki chape sot nan bouch youn nan de mesye yo, ki fè m konprann pawòl ‘asayan’ an te ka la depi pi lontan, on pawòl ki konekte ak mouvman baz, mouvman militan, mouv¬man zòn non dwa, mouvman gang tou. Asayan ki sot nan tèl gang gendwa debake al anvayi teritwa tèl lòt gang… Se on pawòl kòmando, on pawòl atoufè, on pawòl san manman.
Sa depan si asayan yo gen patwon; sa depan tou ki moun ki patwon asayan yo. Sa fè m chonje on mesaj m te wè ekri sou yon kannòt bò lanmè Leyogàn—mi pi kwè se te non kannòt: “Bon Pa¬twon pa fasil”! Se on pawòl ki sonnen tankou on pwovèb, antouka se on pawòl esperyans. Espe¬ryans granmoun lan nan memwa li. Lespri chè, konnen mal. Gen on pawòl m wè sou on bout mi ki rete kanpe apre tranblemanntè a: “Tanpri Sispan-n boule boutèy ak Sachè Plastic” [Tanpri sispann boule boutèy ak sache plastik.] Bèl pawòl! Men pou ki moun? Pa twò lwen mesaj la, te gen on gwo pil fatra ki t ap boule; odè ki t ap monte ansanm ak lafimen an pa t bay manti: te gen on bon voyay plastik ki t ap boule. Pètèt yo ta dwe mete on pankat tankou youn m te wè bò on teren vid Leyogàn: “LI ENTEDI, TANPRI – PA JETE – DEBRI LA.” Gen bagay se entèdi pou yo entèdi yo. Moun konprann langaj ‘entèdi’, paske gendwa gen konsekans si yo kenbe yo ap meprize entèdi a: tanpri souple sèlman pa sifi. Fòk gen Leta, fòk gen otorite!
Leta pa gen mwayen pou l retire moun yo anba tant. Leta pa menm gen mwayen pou l peye fè ranmase fatra nan lari. Leta pa gen mwayen pou l fè anyen. “Ti kochon, ti san”, se sa pwovèb la di, men genlè pa gen san menm, pa yon gout pou fè remèd. Nou ta gendwa di tou: “Mezi lajan ou, mezi wanga ou!” Men kès Leta anba dekonm, ansanm ak Sèvis Kontribisyon—eskize m, DGI—: pa gen mwayen fè wanga menm. Gen on lòt pwovèb ki te ekri sou on mi—m pa chonje ki kote m te wè l—ki pati nan menm sans lan: “Ti zwa¬zo ri mezi bèk li.” Pawòl pwovèb la si¬prann mwen, men m renmen l kanmenm. Li difisil pou nou ta imajine on zwazo k ap ri—fò m di m pa konn ki jan zwazo ri. M renmen lè zwazo ap chan¬te, men m pa si se mezi bèk yo ki fè yo ka chante tèl jan osnon tèl lòt jan.
Pi bèl mesaj, pi bèl imaj ki ret nan tèt mwen depi m sot Ayiti a, se pawòl ki ekri sou yon gwo kamyon ki te chaje machandiz—sak te fè tiyon sou tèt li: “Pale pale ou, m ap travay.” Rezon ki fè imaj la pa ka sot nan tèt mwen, se paske kamyon sa a te an pàn. Li te kanpe sou Nasyonal #2 a, pa twò lwen Wout Dabòn lan. M prèske si se pa t on ti pàn senp, se te on pàn awozin. Travayè yo te chita bò wout la, nan lonbray bwat la. “Pale pale ou, m ap travay” se on bèl pawòl… menm lè machin sistèm lan an pàn!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *