Dous Makòs se youn nan pwodui nou toujou fyè pou nou fè moun deyò dekouvri. Deja pou youn, tout moun renmen jwenn on ti bagay dous pou yo pase nan bouch yo, sikre kè yo. Men tou, dous Makòs gen on bagay espesyal ladan l, lòt kalite dous yo pa genyen. Alòs fòm ta di ‘ori¬ji¬nal’ osnon ‘bon jan’ dous Makòs la—si sa egziste.
Ki sa m vle di. Lè plan al achte dous Makòs la te fèt, te gen on kesyon se nan fak¬to¬ri a menm pou n al pran l, Tigwav. Sa pa t on pwoblèm, nou te deja Leyogàn deja. Sa k te sanble on pwo¬blèm, se lè yo te di nou, fòk se on moun ki konn kote a ki pou al mennen nou. M pa t konprann. Premye lide ki te pase nan tèt mwen, se te: kòm Tigwav se youn nan kote tranblemanntè a te fra¬pe, gendwa se on sitiyasyon ‘kay kraze, nimewo efase’…
Kote faktori dous Makòs la ye a, se on zòn yo rele Chabàn. Fò ou pran on machin sot Leyogàn lage ou Tigwav, epi ou kanpe nan estasyon an pou on pran on lòt machin k ap mennen ou la. Lè moun ki te akonpaye nou an rete machin lan, m gade a goch, a dwat, sou tou de bò Nasyonal Ni¬me¬wo 2 a, m pa wè anyen ki ta sanble ak on faktori. Te plen ansèy ki mansyone ‘dous Makòs’—tankou ansèy “bon bagay – Originale – Douce – Macoss” osnon “Super – Douce Macoss – Chez Dio”. Se pa youn nan kote sa yo nou te antre: kote nou te antre a pa t make anyen, pa t gen pyès ansèy. Men te chaje kliyan k ap tann kòmann yo. Lè gwoup pa m lan pase kòmann li, yo mete n pou yon inèdtan, sa pèmèt nou al fè on flann nan zòn lan. Se atò m wè ansèy kote yo di gen ‘dous Makòs orijinal’.
Letan pou n retounen al chache kòmann lan, m te gentan pati byen lwen nan refleksyon. Kou¬man fè kote yo mennen nou pou n achte bon jan dous Makòs la, li pa make anyen? Èske se paske depi gen on bon kleren on kote, tout tafyatè ap jwenn wout li? Bouch an bouch, youn di lòt—pi bon osnon pi move re¬klam, se nan bouch kliyan sa rete.
Kote ‘faktori’ dous Makòs siperyè a ye a, se on lakou sou lamen dwat, lè ou bay tèt nan sid, sou Nasyonal Nimewo 2 a—on kote yo rele Chabàn, jan m te di nou. Nan antre lakou a, pa t gen anyen estraòdinè. Te gen de twa medam ki chita sou bò dwat, anba pyebwa, youn nan fant janm lòt, nan penyen tèt, bay odyans. Te gen timoun tou, timoun anbazaj, pitit yo, k ap jwe. Nan mi¬tan, te gen on kay bas, kote biznis pase kòmann, ranmase lajan t ap fèt. Te gen on ti dam byen won ki te an kontwòl. Sou bò goch, te gen 2 tifi 6-7 an ki chita sou tèt on vye pikòp, ap jwe ak plizyè bwat kreyon koulè mele ak sache sirèt. M sispèk se pitit “dam byen won ki te an kontwòl” la yo ye. On jennonm ki te apiye sou pikòp la di nou—se te nou de, mwen menm ak on lòt kan¬ma¬rad, nou te mèt antre al gade dèyè a, kidonk nan lakou a kote nou te imajine ‘fak¬to¬ri’ a ye a. Lè “ti dam byen won” an wè nou, li eseye kwape nou, men nou di l nou te gen otorizasyon. Sa pa anpeche l al pati ak on bò jennonm lan—“Nou pa janm otorize moun pase dèyè!” Men nou te gentan la. Pandan lòt kanmarad la te alawonway ap fè foto, fè entèvyou an chalkalis, m te gentan nan gran konvèsasyon ak ‘direktè’ a. Sa m rele direktè a, se on pèsonaj ki sanble li leve anba on gwo maladi ki pòk on bò, konm kidire msye se on nonm k ap mache pa do, paske li te pran on gwo pataswèl nan men lavi a. Se limenm ki bòs la. Li ban m kèk ti enfòmasyon—sou Ma¬dan Ma¬kòs, sou jan biznis la anplwaye on pakèt moun, fè on bann fanmi (plis pase 20) man¬je. Msye di mwen moun ki te kòmanse fè orijinal dous makòs la, se te Madan Fènan Laba … ki te soti an Do¬minikani ak non ‘Marcos’ la.
Lè m rive pa dèyè a toutbon vre, sa m wè, m pa t ka pale. Se te krèvkè. Te gen 8 fwaye dife ak gwo chodyè yo rele ‘manman grann’ sou yo. Chodyè yo t ap bouyi. Te gen on melanj ki te gen lèt ladan yo. Kidonk fòk te gen moun k ap brase san rete pou lèt la pa bouyi moute, debòde, ton¬be, gaspiye. Se te djòb on ekip timoun—m konte te gen 24, soti laj 6 an rive 16-17 an, tigason ak gran ti jennjan. Devan chak cho¬dyè, te gen 2 timoun k ap brase ak on kiyè bwa manch long pwo¬lon¬je …
Fò n pa kwè te gen gwo enstalasyon kote chodyè yo te ye a: 5 ti bout tonèl, kouvri ak (retay) tòl. Cho¬dyè yo chofe ak bwa, youn nan pi gwo pwoblèm pwodiksyon an … Kesyon sanitè, se zewo (m regrèt pa t gen on ofisye sanitè nan gwoup la)! Ti mesye yo kouri al nan raje a, al pipi osnon fè lòt bagay, epi yo tounen al bò dife a, san yo pa lave men yo…
M gade timoun yo ak lapenn. Genyen se zo ak po yo ye. M pa santi m alèz pou m ap fè pwo¬mo¬syon dous Makòs. M pa achte. M si, menm jan anpil moun konn kote pou y ale pou y al fè kòmann dous Makòs la, gen anpil zotobre nan peyi ki al la tou… Èske yo konnen nan ki kondi¬syon timoun yo ap travay pou yo pwodui dous Makò la? Èske sa enterese yo?
Sa mande on ankèt serye—si n enterese pou n konnen nan ki kondisyon ‘dous Makòs’ fèt, fò n al gade. Pètèt tou, nou te ka al chache ansèy sa a m te wè Tigwav: “PROGRAMME DE REN¬FOR¬CEMENT INTEGRE DU MILIEU DES AFFAIRES EN HAITI – PRIMA / ACTION: AP¬PUI A LA PRODUCTION ET A LA COMMERCIALISATION DE DOUS MAKOS / EXE¬CU¬TION: CEHPAPE & APDM. Ferme Agro-ecologique Député Limongy Jean.”
Gen dous ki anmè kou fyèl!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply