Dèyè Pawòl
Gen Pawòl
avèk Wozvèl Jan-Batis

Tande ak wè se de
6. Ou kwè fè Dous Makòs dous! (I)

Tèlman gen pawòl krèvkè nou ka tande sou Ayiti nan radyo, lè nou jwenn on bon ti pawòl fyè-te nan yon emisyon, nou pa kite sa pase konsa. Nou koute l; si n kapab, nou tepe l pou n fè lòt moun tande l; e si nou konnen yo pral rebay emisyon sa a, nou di tout moun pare pou yo koute l. Sa rive m ak plizyè emisyon, men emisyon ki plis rete nan tèt mwen se yon emisyon Michèl Sou-ka, Radyo Siyal FM, te fè sou wonm Babankou, on wonm yo konnen toupatou sou latè, on wonm ki fè tout Ayisyen fyè, menm si yo pa bwesonyè, menm si yo pa ka pran sant alkòl. (A¬dye-ridan! M chonje on kanmarad, si l chita li manje de twa mango… li sou, bon jan sou, bay dja¬pòt!)
Depi apre m fin tande emisyon sa a, m te fè lide ekri kèk kwonik sou diferan bagay nou pwo¬dui ann Ayiti e ki ta ka, oubyen ki abitye, reprezante n deyò san pwoblèm. M te fè on lis diferan pwodui m te pral ekri sou yo. Jodi a, lè m ap reli nòt mwen, men sa m jwenn.
Byè Prestij se wolo¬loy. Yo menm fè blag sou Prezidan nou an, Ti Rene, kamera televizyon te siprann ak on byè peyi etranje nan men l, ‘Presi¬den¬te’, on byè dominiken: “Rete! Gade on Prezi-dan k pa gen prestij!” (M tou pwo¬fite fè ‘Brana’, Brasri Nasyonal, kado reklam sa a: “Si ou pa bwè Prestij, ou pa p janm gen prestij!”)
Babankou ak Prestij se 2 gwo pwodui, men chaje lòt ki kapab kenbe konpa a. Nou te ka rete sou kesyon bweson an: gen wonm Vilè, Jeremi (m pa ka di n si l bon, ki degre l, paske epòk la m pa t gen laj pou m te eseye l); moun Okay gen Dazma (tankou on kanmarad te konn di, “Dazma a gen gou poul!”—e se pa manti). M pa konn si Sele Bride, malgre non an, ka bay tèt chaje nan pe-yi etran¬je, fè Blan tounen chwal li… Bweson pa mache san mizik: ‘Konpa Dirèk’, orijinal la os-non di¬fe¬ran vèsyon me¬lanje, se on pwodui ki anfòm sou konpa l tou. Bèl tablo atis nou yo, se pa pale. Ti tonton, ti ma¬danm mawogani nou yo, tout kalite ti bonga yo, se bèl bagay tou.
Pa gen twò lontan, m t ap fè ma¬kèt, m wè on seri bèl mango, yo mete etikèt ‘Haiti Mangoes’ (Man¬go Ayiti) bò kote yo: menm si yo te koute tèt nèg, yo te ban m anvi fè tòtòt osnon fè sou¬sèt jan m te konn di nan peyi m, Jeremi—peyi konparèt, peyi pate Kalas, bobori, peyi tonmtonm, pe-yi piskèt (Ay piskèt nan dekou mwa dawou! Nou gendwa pa ka espòte l fre, men tablèt piskèt, ki¬donk piskèt seche ki makònen ansanm, tankou yo te fè krèy, pa gen parèy!)
M chonje wayal kay Madan Merès (pa kasav ak manba non—bon jan wayal ki gen kreson ak on bon ti sòs pike sou li!); m chonje konsonmen kay Klèmozant, fritay kay Tazi, m chonje soupi kay madan Toni Samdi, m chonje doukounou Okay, m chonje akasan kay Madan Masèl, m chon¬je akasan nan fèy tou, m chonje kasav Manich… menm si se pa pwodui ki vrèman janbe lan¬mè al layite zèl yo.
Se jan de pwodui sa yo m te gen sou lis mwen an. Men etan m al Ayiti pou vakans lan, m reya-li¬ze lis mwen an te manke, epi tou gen on pakèt lòt refleksyon m po t ko fè. M pa t gen pate kò¬de. M pa t gen griyo. M pa t gen kann anana. M pa t gen fresko—jan de fresko m wè isi yo pa ka parèt devan fresko lakay. M pa t gen kòk ole. M pa t gen kenèp. M pa t gen pat gwayav. M pa t gen manba. M pa t gen siwo kann. M pa t gen ni bonbon siwo, ni bonbon sik, ni bonbon lanmi-don. M pa t gen ni tablèt wowoli, ni tablèt pistach, ni tablèt nwa, ni tablèt kòk rache, ni tablèt gra¬je, ni dous… Non m pa t gen okenn nan dous. M pa t menm gen dous Makòs—dous Makòs wi, on bagay tout moun si renmen!
Lè m al Ayiti a, m te gen chans al vizite, non: akonpaye zanmi ki te pral achte nan, ‘faktori’ Ma-kòs. M di faktori paske m pa jwenn lòt pawòl pou m di konnye a—semèn pwochèn, m a re¬tounen sou sa. Tout pandan vizit la, fim entèvyou ak 2 gwo zotobre wonm Babankou yo ap de¬wou¬le nan tèt mwen. On konpayi ki la lontan, k ap mache, ki fè on pwodui moun nan lemonn antye renmen, men vizit la, m si se li k te fè sa, te mete on kolonn kesyon nan tèt mwen—e pa t gen repons pou yo nan entèvyou a.
Konbyen moun k ap travay nan konpayi wonm Babankou a? Konbyen yo peye yo? Ki jan yo pe¬ye yo? Èske sa yo peye yo a se on montan ki pèmèt yo viv on ti jan? Èske moun yo ap travay nan kondisyon ki res¬pekte diyite yo? Èske Leta konnen nan ki kondisyon moun yo ap travay? Ès-ke gen sèvis Leta ki reskonsab pou kontwole nan ki kondisyon Ayisyen ap travay? Konbyen è d tan moun yo travay pa jou, pa semèn? Èske konpayi a gen on plan pansyon pou anplwaye yo? Èske konpayi a gen on plan asirans sante? Èske Leta egzije konpayi k ap fonksyone nan peyi a pou yo gen yon plan asirans sante? Èske konpayi a pran kòb sou anplwaye yo pou l voye nan ONA pou yo? Èske l fè depo regilyèman pou anplwaye yo nan ONA? Lè on anplwaye pran chòk pandan l nan travay la, ki sa k pase? Ki moun ki reskonsab swen sante li? Konbyen tan li kapab fè san l pa oblije al travay anvan l geri toutbon vre? Konbyen tan konpayi a osnon sèvis Leta ki anchaje kesyon aksidan travay ap fè ap peye anplwaye a? Anpil kesyon…
Pou ki sa k fè kesyon sa yo vin nan tèt mwen etan m ap vizite “faktori” Dous Makòs la?

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *