Lè m ouvè paj jounal “Le Nouvelliste” la nan entènèt Jedi pase, 26 Mas 2009, gen on tit ki tèl-man fè m siyon, m deside fò m al tcheke sa l pote. M si pa gen moun ki t ap wè on tit tankou “Les oeufs ne tombent pas du ciel”, Ze pa tonbe sot nan syèl, ki pa t ap enterese al gade ki pawòl li rale dèyè l.
Mwen menm, anvan menm m te al li atik la, se on sèl eklari m pete: kouman pou ze ta fè tonbe sot nan syèl? Ze m konnen an! Èske se an fè yo fèt? Èske pa gen chans pou yo ta fele? (Adye, sa fè m chonje Bido: nou konn toujou ap rele msye ‘ze fele’, tèlman tibononm lan te frajil!) M ban nou garanti, pou sa m konnen de ze, ze sa yo t ap kraze avan yo ateri atè. Amwenske se ta seri gwo ze kalanderik nou te konn rankontre nan kont Nonk Bouki yo!?
Apre jounalis la, Michèl Kalen (Michel Carlin), fin deklare pa gen rate ze nan mache, nan ma-kèt, li poze on kesyon: Ki kote ze moun yo ap vann yo soti? Selon pawòl li pran nan bouch Se¬kre-tè Deta Michèl Chansi, pifò ze yo manje ann Ayiti se nan peyi a yo pwodui yo, men ze ki nan makèt yo, se ze ki sot lòtbò, Ozetazini. Nan atik la m aprann te gen on rate ze nan kòmans¬man 2008 la apre on anbago gouvènman ayisyen an te mete sou pwodui bèt volay ki soti an Domini¬ka-ni. Ki anbago atò? Fò bizismann Ayisyen ak Dominiken pa ta gen ladrès menm!? Fò yo pa ta konn kouman pou yo grese pat enspektè Ladwann yo ki sou fontyè a!?
M tèlman pran gou nan atik la, m deside fè on rechèch nan jounal la sou mo ‘ze’ a—men, nou konnen, an Franse. M jwenn on atik menm jounalis la, ki pote dat 24 Mas 2009, kidonk 2 jou anvan lòt la. “Pas d’omelette domincaine avant longtemps”, ‘Nou po ko prèt pou nou nan manje ze poul dominiken’, se on atik ki pale de anbago a, ki bay non viris yo te dekouvri ki bay bèt volay dominiken yo lapipi a, ki site deklarasyon Sekretè Deta Michèl Chansi ki fè konnen desizyon anbago a la pi rèd.
Men Sekretè Deta a rekonnèt gen on poblèm: “Ayiti pa ka pwodui yon milyon ze pa jou pou l satisfè tout moun.” Solisyon an pa senp: seswa yo ta kreye on seri de poulaye modèn ki mande gwo envestisman lajan, epitou fòk yo ka jwenn manje pou yo nouri bèt yo; osnon yo ta ankadre 250 mil fanmi abitan ki fè elvay bèt volay, pou yo ta bay chak fanmi 10-12 pondez konsa…
Nou wè pawòl ze a se pa on pawòl ki ka ateri fasil. Se sa k fè menm m panse tout rale-mennen-vini sa a se on demach ‘konte ze nan vant poul’. Se on operasyon ki difisil anpil, pou m pa di se on bagay ki pa posib. Antouka sa ta mande anpil lasyans pou nou ta menm ka wè ze yo andedan vant manman poul la, alewè pou n ta rive konte yo. Sa ta mande pou nou poze sonn sou vant man¬man poul la, pou nou ta fè on sonogram pou li, pou nou detekte ze, si jamè ta gen ze… Paske nan jan kat la riske bat la a, pa gen okenn garanti se nan vant on manman poul tout ze y ap be-zwen nan peyi a pral soti. Gendwa se lasyans ki pral pwodui ze pou peyi a…
Sa fè m reflechi sou on lòt kesyon: koze on seri de moun ki di se poul di sèlman yo manje a, ti poul pye chèch la! Moun sa yo pa nan dòmi kole ak poul grimèl, poul milatrès. Yo di ou poul sa yo pa gen nanm, yo pa gen bon gou. Si moun sa yo pa manje poul grimèl, èske nou gen asirans yo pral manje ze y ap panse ki sot nan vant poul grimèl, kidonk ze grimo?
Pandan m sou pawòl poul grimèl la, lide kochon grimèl la vin nan tèt mwen tou. M pa kwè moun ki po ko gen 35 an ka chonje koze kochon grimèl sa a. Paske se te an 1981-82, sa gen 27-28 an, gouvènman Janklod Divalye te foure kò l anba drapo PEPPADEP la (Programme d’Éradi¬ca-tion de la Peste Porcine Africaine et du Développement de l’Élevage Porcin) pou l detwi dènye ras kochon abitan te genyen, swadizan kochon sa yo te malad, swadizan maladi yo ta kapab al kontamine kochon ki jis Ozetazini. Te gen plis pase yon milyon ko¬chon Ayiti. Rive 1984, yo te deklare pa gen pyès kochon malad ankò ann Ayiti. Kidonk pa t rete pyès kochon ankò, paske yo te touye yo tout.
Sa k enterese m nan kesyon sa a, se kochon yo te rele kochon grimèl yo: se te on seri kochon ki te soti Ayowa (Iowa), Etazini. Yo pa t ka grate. Yo pa t nan woule nan labou, manje nenpòt tchaw yo jwenn. Fò ye te gen kay pou yo rete, manje espesyal pou yo manje. Yo te vin ap konpa-re kochon grimèl ak kochon Kreyòl yo te vin ranplase. Malgre lide ‘kochon Kreyòl’ la, lè l tonbe nan zòrèy nou, li sonnen byen, m pa chonje yo te siyen ‘Kreyòl’ anvan afè PEPPADEP la. Si yo te gen on siyati, se te djòl long. Sa montre nou, kòm pawòl la di, lè kabwèt la kole, nou konn non bèf la—kidonk nan ka sa a nou te gentan gen on non pou kochon lakay yo.
L ap difisil pou ze ki te kale kochon grimèl yo retounen nan vant PEPPADEP pou l ta rekale ‘Kochon Kreyòl’ yo ban nou. Nou dwe sispann dòmi reve! Nou dwe sispann fè rèv je klè! Yon grenn egzanp: nan bidjè peyi a, yo te fè plan sou kòb y ap resevwa nan men Ameriken, men sanble kòb la pa p vini ankò. Èske nou pa ta dwe ap konte sou ti poul ki fin kale olye pou n ap konte sou ze ki nan vant poul?

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply