Tout mesye yo te reyini tankou chak apremidi. Jwèt domino a te pran chè. Kout zo t ap tonbe tribòbabò. “Ti kreten! Men bon zo fre nan wèl nou! Ou ap vin di ou pase: fè men ou kontre avèk parèy ou a, sa ou rele asosye ou la! M ap montre n jwe domino isit! Asòs, ou mèt tonbe! Ak otorite! Mwen nèg fò ki di ou sa!”
Se toujou on plezi, lè ou kanpe ou ap gade bank domino nèg lakay. Sa gen on cham ti mo wòwòt pa ka dekri. Jwè ki sou tab, k ap fè kalkil, kou jwè dèyè k ap gade nan men tout moun, fè kòmantè sou kou ki ta dwe fèt, bay apwobasyon sou kou ki pral fèt, yo tout se aktè prensipal. Yo tout ap patisipe tou nan on lòt distraksyon: kòmantè politik sou dènye evennman Ayiti.
Wikenn sa a, se te on sèl koze: R pwen R (R.R): Revoke, Ranplase. Revoke on Premye Minis, ranplase l ak on lòt. Revoke Michèl Divivye Pyèlwi, ranplase l ak Jozèf Jan-Maks Bèlriv. Sa k di Prezidan Preval mechan, pou l lage bon zanmi l konsa. Sa k reponn Prezidan an pa t ka pwoteje Premye Minis Pyèlwi akòz manmzèl bavote fè gagòt nan 197 milyon dola Petwo Karibe a. Sa k fè kòmantè sou Senatè Jozèf Lanbè ki te degize ak linèt avyatè l nan je l pou l al mennen Premye Minis Pyèlwi labatwa pou l retire premye po l jan l te pwomèt sa nan on deklarasyon malouk li te fè anvan entèpelasyon an. Sa k pale de Senatè ‘J kib’ (J3), Senatè ‘John Joel Joseph’ ki te deklare prezans li nan chanm lan se pou l vote sèlman, se pa pou l nan fè deba—konmkwa li te ka fè deba tou. Men sa k te pi frape m, se kòmantè on sitwayen fè sou Senatè Jan Ektò Anakasis: “Lè demach t ap fèt nan Sena a pou yo voye Madan Pyèlwi ale, Senatè Anakasis te devan bann lan; jou vòt la menm, tout moun te wè l anndan chanm Sena a ak telefòn li nan zòrèy li, ap resevwa lòd nan men patwon l; epi se menm senatè sa a ki twouve li vin pami 4 senatè ki te kanpe an kwa kont deklarasyon politik jeneral nouvo Premye Minis la, Bèlriv. M te toujou konnen msye sa a se te on rat mòde soufle, men fwa sa a, li fè sa twò klè.”
Kon m tande pawòl ‘rat mòde soufle’ a, gen souvni ki monte nan tèt mwen, e ki deklannche refleksyon tou. On rat mòde soufle, se pa yon espès rat, tankou si on moun ta di on rat bout ke, on rat ki te pèdi ke l nan lagè osnon nan on ratyè. Se pa menm bagay avèk si nou di on rat do kale, on rat ki tèlman fin granmoun li pèdi plim sou do l, osnon on rat ki pran kèk kout dlo cho ki dekale do l. Nou pa ka konpare l tou ak koze rat ki nan tou rego lavil, ki diferan ak rat k ap kouri nan jaden andeyò. (Nou chaje pawoli ki branche sou rat: fòk m ta fè on rale espesyal sou rapò nou ak rat… men m po ko pare pou sa.)
Non, on rat mòde soufle, se pa on rat espesyal: se nenpòt ki rat. M pa espesyalis nan kesyon rat, men m aprann anba bouch granmoun, depi m te piti, tout rat, anvan yo mòde ou, yo soufle kote yo pral mòde a. Malgre pawoli a, si n ta pran l motamo, ta vle fè nou konprann se apre rat la fin fè zak la, fin bay kout dan an li soufle ou, fò n pati ak lide lojik nou pa toujou tradui nan lang lan jan nou ta vle a. Kesyon nou ta gendwa poze: Èske granmoun yo te konn temwen aksyon rat yo? M pa si, men m konnen se on rezónman yo fè ki pèmèt yo fè dediksyon sa a.
M chonje lè m te nan laj 5-6 zan, nan zòn kote m te rete a, se tankou te gen on epidemi rat k ap mòde timoun lannuit. Timoun al dòmi leswa, epi yo leve maten benyen an san. Granmoun yo di se rat ki mòde yo nan dòmi. Men pa janm gen okenn manman, papa, osnon lòt granmoun nan kay kote timoun nan ye a ki tande timoun lan fè okenn rèl: dòmi kou on timoun ta dòmi di, fò on kout dan rat ta reveye l, menm se on sèl kout rèl fò l ta bay. Kidonk se analiz sa a ki pèmèt granmoun yo fè konklizyon lasyans pa yo pou yo di se soufle rat rat yo soufle kote y ap mòde a anvan yo bay kout dan an. (Men fò m di tou gen de twa granmoun ki te konn panse atak lannuit sa yo se te ka travay rat de pye ki ta gendwa rat a zèl tou, kidonk malfektè ak lougawou.)
Nou ta gendwa mande si se pa on pawòl granmoun yo envante pou yo bay timoun fouyapòt kenbe. M t ap reponn nou rezon nou nan plan men nou, se mwen ki pa t dwe vin rakonte nou segrè granmoun ban mwen. Epi tou, se pa granmoun bò lakay ki envante pawoli a: tout granmoun toupatou sèvi ak pawòl rat mòde soufle a.
Sa sa vle di, ojis? Lè on rat soufle ou anvan l mòde ou, se pou ou ka pa konnen si l mòde ou. Nou ta gendwa konpare soufle a ak anestezi dantis ba ou anvan l al demonte machwè ou. Men si anestezi se rezilta nesesite, soufle se travay ipokrit. Kidonk selon jan sitwayen jwè domino a wè koze a, senatè rat mòde soufle a, Senatè Anakasis, se ta yon senatè ipokrit, yon ipokrit karesan menm. Men èske se vre senatè a se on rat mòde soufle? Ki moun l ap twonpe a? Ki moun l ap pete a? Èske konpòtman senatè se pa plis fason on aktè ki nan on pyès teyat ta aji? Èske se pa pyon l ap pouse sou on damye osnon sou on pyon dis?
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com