Lè m kanpe on kote, m tande jenn timoun k ap pale, pa gen anyen ki sot nan bouch yo ki etone m. Sa m di nou la a, kwè m si n vle, se pawòl esperyans. Jenn tifi ak jenn tigason, kit yo te wè gen granmoun la, kit yo te antre yo menm, yo pale tout bagay, san rezèv: afè pèsonèl yo, kou afè lòt moun, mele ak on ekip gwo mo sal, on batle gwo betiz rèk. Ou ta di, m fin abitye, zòrèy mwen pa tande yo ankò! Non, gen on bagay ki pran kontwòl bonnanj mwen, on defo m genyen: yo rele sa de¬fò¬masyon pwofesyonèl. Kidonk se pa fòt mwen si m pa ka tande vwa moun k ap pa¬le pou zòrèy mwen pa anrejistre son yo.
— “Ou bay manti twòp, machè! Sa ou di a, se pa vre! Ou manti kou chen!” — “Bon pawòl m ba ou, se pa manti. M ka fè nen¬pòt sèman ba ou.” — “Ou pa bezwen pèdi tan ou. M pa p janm kwè ou, paske sèman konnen ou, ou menm!”
M pantan lè m tande konvèsasyon sa a. M pa t atann mwen m t apral tande jan de koze konsa nan bouch jenn timoun. ‘Sèman konnen ou!’ se pa ti pawoli òdinè. Siman ti medam sa yo, yo toujou anba bouch, paske pa gen lòt fason pou yo ta aprann jan de koze sa yo.
M gen nan tèt mwen souvni on pawoli ki sanble tèt koupe ak pawoli sa a. M chonje lè yo te konn ap pale de on moun ki chache kont, on moun ki tilandeng, osnon de yon moun ki move za¬fè, on moun ki fè ak¬syon ki ka fè yo arete l, yon konn di “Entèl se on brave danje, reskonsab ma¬lè. Prizon konnen l.”
On moun prizon konnen, se on moun ki abitye al nan prizon, ki pa pè prizon. Konsekans al nan prizon pa fè l anyen. N a remake yo pa di ‘moun lan konn prizon’—ki ta vle di moun sa a konn jan prizon di, l ap pran prekosyon l pou l pa al twouve l nan prizon ankò. Si se prizon an ki konn moun lan, sa vle di se prizon an li menm ki abitye ak moun lan, menm jan ak on chen abitye ak on moun ki konn vin lakay mèt li: prizon an pa p fè moun lan anyen li pa atann. Lè pawòl la de¬pla¬se tonbe sou ‘sèman ki konnen on moun’, se ta menm prensip la tou: sèman an pa p fè moun lan anyen… Antouka se sa nou konprann nan koze a, men fò n pran on ti tan pou n mezire fòs kon¬parezon sa a toutbon vre.
Prizon se on kote, se on espas ki sou kontwòl otorite ki gen pouvwa pou yo voye moun yo de¬klare ki fè sa k pa sa al reflechi pou on dire tan. On moun ka evite pou ou pa al nan prizon, men gen moun yo konn voye vin pile pye ou espre pou ou ka fè on aksyon. Se sa k fè menm yo di “Prizon pa janm manke moun!” Epitou, ki moun ki pa chonje pawòl Gwo Moso a: “Prizon pa fèt pou chen. Se pou pechè d latè de bra balanse l fèt!?”
Sèman li menm, se pawòl. Pa pawòl konsa konsa, pawòl vaykevay. Non, sèman se on pawòl fòs, on pawòl aksyon, ki lanse avèk volonte pou konvenk moun tèl deklarasyon, tèl pwomès se laverite. Lè on moun fè on sèman, se chwa li: pyès moun pa kò fòse pyès lòt moun fè sèman. Epi¬tou, pou on moun fè sèman, fò ou konn sèmante, fò ou konn sa pou ou di nan sèman an. Sè¬man gen gramè li ak tout kadans li. Lè moun ki pale Angle ap sèmante, yo ka di ‘I swear’; moun ki pale Franse a ka di ‘Je te jure’. Men, nou menm ki pale Kreyòl, lè n ap sèmante, nou pa sèvi ak mo ‘sèman’ osnon ‘sèmante’ a anndan sèman an.
Timoun piti pa t gen dwa sèmante devan granmoun, sòf si se te an jwèt. Tankou lè n te konn ap jwe ‘Ti Sourit’: — “Ti sourit!?” — “Plètil!” — “Sa ou ap manje?” — “Grenn pwa!” — “Ban m ti kal!” — “Jamè!” — “Fè sèman!” — “Vyèj pete kourèl mwen, zoupendoup!”
Nou te chante ak tout fòs nou, tout konviksyon nou. Sèman sa a pa t deranje pyès moun. Pi de¬van, nou t apral aprann on pakèt lòt modèl sèman. Tankou sèman an jwèt: youn ladan yo, se te ‘M mande Bondye de rat charye m, de mabouya fè lantèman m!’; on lòt se te: ‘Tonnè kraze chen!’ osnon ‘Tonnè krisboulout!’ Konsa tou, nou t apral rive nan sèman pou toutbon: ‘M mande Bondye m pa leve demen maten!’; ‘M mande Bondye m fou!’; ‘De je m pete!’ Lè sa pi rèd menm, lè y ap chache kote laverite kache, gen moun ki konn al pi lwen: ‘M mande Bondye de pitit mwen yo…!’
Se konsa nou t aprann sèmante. Gen nan nou ki pi bon ladan pase lòt. Nan ‘Tant Mezi’ (Moris Siksto), nou wè enpòtans sèman nan leve-jwenn nou. Tant Mezi t ap esplike Siksto kouman li fè on kòmè l ki pale tankou pètpèt mayi fè piblikasyon pou li: li lage on nouvèl nan bouch li, epi li mande l pou l pa repete sa. Kidonk, manmzèl oblije sèmante: “Kòm mwen mande l pou l pa re¬pe¬te, li fè sèman li pa p repete, men lè l ap fè sèman an, m ap voye je gade li, m wè l ap peze gwo zotèy li atè, donk ou pa mande si se on moun ki pral simen koze a nan tout lari a. Wè! Men, Mo¬ris pitit, se on bagay m konnen depi lontan, Bondye fè fanm kado sèman.”
Kidonk dapre Tant Mezi, ‘sèman konn fanm’. Men se pa sèlman on kesyon de ‘sèman konnen on moun’, men fòk moun lan konn sekrè a tou—sekrè peze gwo zòtèy pous la atè a! Antouka, sekrè pa sekrè, on moun ki renmen sèmante, moun ki toujou nan ‘Tonnè kraze!’, depi loray ap gwonde, se retire kò nou bò kote li!
Pawòl sèmante sa a gen rès dèyè li…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *