De jou po t ko pase apre m te fin ekri koze ‘Senatè rat mòde soufle’ a, epi m al sote sou on konvèsasyon. M di konvèsasyon paske m tande on moun ki sanble l ap pale ak lòt moun, antouka ki pa sanble li t ap pale ak tèt li, tankou moun fou; men, an reyalite, lè m kouche zòrèy mwen, ap eseye kapte son, m pa t janm rive tande vwa on lòt moun, ni tou lè m eseye kale je m gade, m pa t wè de tèt: se on sèl moun m te wè avèk telefòn li nan zòrèy li, ki t ap lage pawòl tankou si se te ak tout moun k ap pase li t ap pale. Madanm lan t ap pale nan telefòn lan avèk on raj: “Jezila pa bezwen pran pòz ap vin fache li paske yo rele l ‘tanbou de bounda’. Se sa l ye menm! On moun pa ka ou fin fè aksyon ou, epi pou ou ap pran wont sèvi kòlè. Moun lan toujou ap aplodi tou de kan: ou pa konn kote l kanpe. Si bon zanmi ou gen pwoblèm avèk mari l, ou pa ka lè ou devan youn ou di byen, lè ou dèyè l ou di mal. Si ou pa vle pran pozisyon, ou pa di ni byen ni mal. Se on kout dlo cho, on kout dlo frèt, tout tan. Mwen menm, m ap di sa menm, yo te mèt al rapòte l: li se on moun ki gen de lang, pyès moun pa ka fè l konfyans!”

Lè m fin tande rafal pawòl sa yo, m retounen al li sa m te ekri sou ‘Senatè rat mòde soufle’ a. Nan fen an m te poze kesyon: “…èske se vre senatè a se on rat mòde soufle? Ki moun l ap twonpe a? Ki moun l ap pete a? Èske konpòtman senatè a se pa plis fason on aktè ki nan on pyès teyat ta aji? Èske se pa pyon l ap pouse sou on damye osnon sou on pyon dis?” M te poze kesyon sa yo paske m pa t fin si nan sitiyasyon ki t ap pale a senatè te vrèman gen on moun li t ap lolo… pou l vale l. Senatè a te cho devan bann ki te pran lari pou bat chalbari dèyè Premye Minis Pyèlwi a. Li pa t soufle sou premye minis la anvan l mòde l, li pa t nan voye wòch kache men. Konsa tou senatè a te chwazi pou l te youn pami kat senatè ki pa t vote ni an favè ni kont deklarasyon politik jeneral nouvo Premye Minis Bèlriv, nouvo premye minis la. Kidonk senatè a te kanpe kont on premye minis, epi li te montre a klè li pa an favè lòt la. Se pa vrèman on koze rat mòde soufle. Men m konprann se nòmal pou tout moun t ap tann apre aksyon l kont ansyen premye minis la, senatè a te pral kanpe kin dèyè nouvo premye minis la. Yo po ko konn senatè a! Se afè pa l li t ap regle—ki dwe pa afè okenn pati politik, okenn gwoupman…

M kwè gen lòt pawòl ki plis kadre ak konpòtman senatè a: ‘tanbou de bounda’ se youn ladan yo. Bounda on tanbou se bouch kote son an soti a. Tèt tanbou a se kote ki gen po bèf osnon po kabrit la (oubyen ankò kèlkelanswa lòt po yo sèvi pou fè tanbou a), kote tanbouyè a pral bat la (ak men l osnon ak bagèt). Nòmalman on tanbou se on tèt ak on bounda. Tanbou pa ka gen de bounda. Se on sitiyasyon ki pa t ap nòmal. Nan on bann rara, nan on bann bokal, nou jwenn lòt enstriman ki fè n chonje tanbou, tankou banbou. Men banbou pa tanbou. Banbou gen de pwent (yo pa di de bounda!): ou soufle nan on pwent, son an soti nan lòt pwent lan. Yo ka frape bagèt sou kò banbou a tou, menm jan yo ka fè sa sou kò tanbou a. Men sa a se on diplis, se ajoute on kata anba anba.

Kidonk on tanbou, jan nou wè l la a pa ka gen de bounda. Amwenske se on lòt espès tanbou, on tanbou estraòdinè ki ta gen kapasite pou l ta bay de son diferan. Nan ka sa a, se pa ta vrèman tanbou a ki ta gen de bounda toutbon vre, men se ta tanbouyè a ki ta gen kapasite pou l fè tanbou a bay de son diferan… selon moman an, selon ka sikonstans lan. Se ta on tanbouyè tou nan manch. Senatè nou an, daprè sa nou konprann, ta gen kapasite sa a pou l fè tanbou l ap bat la renmèt de son diferan—kidonk pou l ta fè l tounen on tanbou de bounda. (Nou konprann se pa on politisyen ki anvi bat tanbou l, epi danse l pou kont li! Li pa t ap renmen sa! Plezi l se mete tout moun nan won!)

Lide tanbou de bounda a, se ta menm lide ak on moun ki gen de lang. Sa fè lontan m te fè on rale sou moun ki gen de lang. “M sispèk moun sa yo se moun ki pa nòmal; se pa Bondye ki kreye yo! M pa konnen ki jan yo fè pou yo kenbe tou de lang yo nan bouch yo. Èske se youn chak bò? Osnon èske se on sèl lang lan, men yo sèvi ak tou le de bò l, tankou si se te on kouto? Men wi: kouto fanmasi! On bò koupe bonbon, lòt bò a koupe pwazon. (…) Moun ki “gen de lang” se moun ki konn “chanje lang”. Se moun ki fin di on pawòl, epi l di se pa sa l te di, moun ki toujou ap dedi. [Gendwa se on moun ki fin ap pale on lòt moun mal (kidonk on lang long), epi lè yo vin fè l esplikasyon, li sèmante li pa t janm di pawòl konsa.) Tout moun ki gen de lang se mantè. Se moun ki ka fè nenpòt bagay. Yo menm ak vòlè dòmi nan menm kabann…”

Men m pa gen entansyon mete etikèt konsa sou do senatè a. Eskize se lizay!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *