“M kwè nan pwovèb, se vre, men pawòl ‘regle jis pa gate zanmi’ an resi pa vre, paske m konn on moun depi ou ap eseye fè regleman avèk li, li fache avèk ou!”

On sitwayen ki te temwen deklarasyon sa a vin mande m sa m panse sou kòmantè a. M te pwomèt li m te pral reflechi sou sa, paske m pa janm twò cho pou m reyaji sou sa m tande san m pa fè on pakèt konsiderasyon.

M si m di sa deja sou plizyè fòm diferan: pwovèb se temwayaj esperyans zansèt nou ki rive vin jwenn nou ak abiman pawòl sajès, pawòl granmoun. Gen de fwa, pawòl la se on prigad; gen de lòt lè, se on konsèy; konsa tou, pawòl la konn se on konsta, on pawòl san konviksyon on moun lage byen vag, an senèryen. Sanble se nan kategori sa a menm pawòl ‘regle jis’ la antre…

Premye kontak mwen ak reyalite pwovèb sa a, m dwe te nan laj sis-setan konsa, laj granmoun koumanse voye timoun achte nan boutik ak kòb an pyès pou yo pote monnen ba yo—san yo pa oblije vlope kòb la nan on ti papye ni mande timoun lan kenbe l byen di pou l pa pèdi, paske yo se gran timoun konnye a. Te gen on tigason, Bido, papa l te konn voye l al achte sigarèt kay Bòs Kivye osnon kay Tant Sèti, epi lè Bido pote monnen an bay papa li, papa a toujou di li, li mèt kenbe l. Bido ki vin konprann demach papa panse ki ka pran sa pou abitid: on jou, li sot achte, li deside monnen an se pou li, l ap tou kenbe l, san l pa di papa l anyen.

Lide Bido a sanble l te mache, paske papa l pa t di l anyen. Èske Bido te depanse kòb la menm jou a? M pa konnen. E si l te depanse l tou, li pa t depanse l avè m! Kèk jou pase, papa Bido rele l pou l voye l achte. Lè Bido tounen, li pa t renmèt monnen an ankò. Papa a di l: “Kote monnen m, bòs la? Tou ban m monnen lòt jou a tou! Ou konprann m te bliye!? Se fent ou m t ap gade; se liyen m t ap liyen ou. Ou koumanse antre nan move mès konnye a!” Malgre Bido sezi, li gen tan jwenn on pawòl pou l reponn papa a: “M konnen monnen an se pou mwen l te ye, m tou pran l. Ou toujou abitye ban mwen l.” Papa a te gen on leson pou li: “Se pa konsa sa fèt ti lami. Ou pa janm sèvi tèt ou nan afè moun! Se pou ou tann yo ba ou. Menmsi se te mwen menm, menmsi se te manman ou, si nou pa ba ou, pa pran! Pi devan nan lavi a, ou ap gen pou ou aprann regle jis pa gate zanmi. Moun ou byen avèk yo anpil ap vin mande ou regleman. Ou ap gen pou ou esplike ki sa ou te fè ak trimès yo…”

Koze ‘regle jis’ la pa t klè pou mwen nan moman sa a. Men pi devan, m t apral konprann pou ki rezon papa Bido te ensiste sou prensip regleman an. Te gen on machann lèt ki te pratik manman Bido. Li te pase bay lèt 6 jou pa semenn pou l touche chak kenzèn. Men gen on kenzèn, li te manke twa jou, akòz on vye grip ki te mete l kouche. Lè moman an rive pou l touche, sa pa t klè konbyen pou l te resevwa. Manman Bido te di se 8 jou li dwe l, machann lèt la te di se 10 jou li te bay lèt. Pawòl anpil. Ki moun ki te gen rezon? Machann lèt la osnon pratik la? Machann lèt la te di: “Pratik, m bezwen ou, ou bezwen m. Regle jis pa ka gate zafè nou. Nou pa ka nan fè kont pou on jou osnon de jou.”

Nan tèt mwen, mwen menm, m pa t ka konprann pou ki rezon tout pawòl anpil sa a. M pa t ka konprann sou ki baz regleman an t ap fèt. Sou baz sa pratik chonje. Sou baz sa machann chonje. Depi ki lè memwa te fidèl konsa?! Epi tou, èske anpil moun pa pran abitid chonje sa yo vle chonje?! Èske li pa t ap pi fasil si yo te dakò pou yo tou le de make chak jou lèt la delivre? Sa k t ap pase ak prensip regle jis la? Èske li t ap gen menm fòs la toujou? Gen on prensip ki rele: “Anvan bri, defann kont.” Èske prensip sa a ta ede nou nan kesyon fè regleman an?

Gen moun ki renmen nan palmante ak lòt. Menmsi ta gen on mwayen pou yo evite fè regleman nan lib, yo pa p chwazi mwayen sa a. Paske lè sa a yo pa p gen pyès rezon ankò pou yo pa nan palmante…

Semenn pase a, nan okazyon selebrasyon vitwa Titid nan eleksyon 16 desanm 90 la, m tande militan k ap di Prezidan Preval pou l sispann koupe fache ak baz Lavalas la k ap mande l regleman, paske regle jis pa ta dwe gate zanmi. M pa t konprann de ki regleman militan yo t ap pale a. Pawòl pa t pou mwen. Men lè m pran tan pou m koute, koze a vin fè sans. Militan yo di yo te fè di l ak Prezidan an pou l te ka fè lidè yo zòt voye annegzil retounen vin viv nan peyi li; yo di yo te al vote, epi lè yo wè vòt la pa t ase pou Prezidan an pase depi nan premye tou, yo te monte jis otèl Monntana, al pran on beny chans nan pisin…

Dil la pa t ekri sou papye. Pifò dil politik pa ekri sou papye. E menm lè dil yo te ekri sou papye, ki moun ki janm akspete pou asosye ap vin mande yo regleman?! Al mande mesye ki te siyen akò ‘Governors Island’ yo…

Regle jis pa ta dwe gate zanmi… men sa a se souwè moun fè lè Nwèl!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply