Semenn sa a nou rive sou dènye “re-” ki nan tit seri a: “refonde”. Nan ‘rebati’ ak ‘rekonstwi’, pa gen pwoblèm pou nou idantifye 2 pati nan chak mo: ‘re + bati’ ak ‘re + konstwi’. ‘Re-’ se yon prefiks ki bay lide yon aksyon ki pral fèt ankò—kidonk aksyon ‘bati ankò’ osnon aksyon ‘konstwi ankò’. Men prezans ‘re-’ pa toujou on garanti n ap jwenn sans yon aksyon ki pral fèt ankò, prezans ‘re-’ pa vle di prefiks.

Se fòmasyon ak devlopman vokabilè lang lan ki kenbe sekrè fonksyònman ‘re-’ kòm prefiks ou non. M pa konnen si gen rechèch ki fèt sou aspè sa a—si nou konnen, pataje sous la avèk mwen souple. Men de twa egzanp pou nou konsidere anvan nou antre nan ‘refonde’.

1. REDI – a) “M redi msye vin sou mwen pou bisiklèt la pa frape l.” (REDI sa a se ‘rale’. Se pa re + di. RE- pa prefiks nan ka sa a.)
b) “M redi msye pawòl la maten an, men li pran pòz li pa tande m.” (REDI sa a se ‘di ankò’. Kidonk se re + di.)
2. REPONN – c) “M di l bonjou, li pa reponn. M pa konn sa m fè l.” (REPONN sa a se ‘aji on jan ki fè konnen ou tande’. Se pa re + ponn. RE- pa prefiks nan ka sa a.)
d) Apa poul la ap kodase ankò! Li genlè reponn ankò? (REPONN sa a se ‘ponn ankò’. Kidonk se re + ponn.)
3. REMÈT: e) “M remèt liv la.” (Gendwa se ‘on liv m te prete, m pote l tounen’. Pa gen moun ki pral analize l tankou re + mèt. RE- pa on prefiks nan ka sa a.)
4. REMETE: f) “Lè ou pran l, toujou remete l nan plas li pou lè ou bezwen l ankò.” (Nou gendwa pa fin twò alèz ak fòm sa a ki pa vrèman nesesè paske ‘mete’ pou kont li ka jwe menm wòl la—men m sèvi avèk li pou m montre nou diferans nan 2 fòm yo, alòske sous franse a gen on sèl fòm pou tou 2 sans yo.)

Kesyon an: Èske ‘refonde’ se ‘re + fonde’ osnon on lòt bagay nèt? Moun ki plis sèvi ak pawòl refonde a, se prezidan an, prezidan Preval. Men nou pa p jwenn detay nan bouch li ki presize sans pawòl la. Tou sa nou ka tande l di se, an franse osnon an kreyòl, “Il faut refonder le pays.” / “Fò n refonde peyi a.” Konmkwa tout moun ta sipoze konprann sa l vle di. M pa konn sa refonde vle di an kreyòl. Nou ka fè l di on bagay, si nou vle—se on pouvwa kreyasyon ki boujonnen nan katastwòf, nan boulvèsman 12 janvye 2010 la—men nou pa gen mo sa a nan lang lan. On diksyonè fransè, Lawous, di “refonder” se “reconstruire sur des bases, des valeurs nouvelles, notamment dans le domaine politique”.

Kidonk ‘refonde’ sa a ki koumanse gaye depi 12 janvye a, se leve yo leve l sot nan franse a vin lage l ban nou. Li pa sanble li suiv menm chema ak rebati / rekonstwi, chema “re- +” la. Sans nou genyen pou ‘fonde’ pa tolere on operasyon ‘fonde ankò, on lòt fwa ankò’. Ki sa nou jwenn nan sans ‘fonde’? On moun ka fonde yon lekòl, yon pati politik, yon legliz—kidonk se fonde yon enstitisyon. Fonde se kreye. Fonde pa bay lide bati osnon konstwi. Lè ou fonde on vil, ou deside se nan tèl tèl zòn vil la ap tabli: ou kreye vil la. Espas pou ou mete yon enstitisyon ou fonde gendwa gentan la deja. Konsa tou, on direktè gendwa fonde yon lekòl, epi li lwe on bilding pou l mete lekòl la. Menm bagay pou legliz la: legliz la fonde, gendwa poko gen kay pou li—se gwoup la, se lide a yo kreye—fidèl yo gendwa kòmanse reyini nan salon fondatè a osnon chak fidèl gen tou pa yo pou legliz la reyini lakay yo. Yon enstitisyon ki fin fonde, li fin fonde nèt, li pa ka nan refonde, li pa ka nan rekreye. Fonde fèt on sèl fwa: pa gen 2 fonde.

Pawòl ‘refonde’ a, m espere nou konprann sa, pa on pawòl natif-natal, on pawòl ki pral antre nan tèt pèp la pou l jwenn on koneksyon ak reyalite konesans li.

Menm jan ak on kay, on bilding, on pon yo bati, ki ka kraze, yon pati politik, yon legliz, yon lekòl, yon enstitisyon yo fonde ka kraze tou. Men se pa menm kraze a. Kraze on bilding, se on kraze fizik, se on kraze sot tonbe, kraze ak moun ladan l, kraze tonbe sou moun. Piske on enstitisyon pa fòseman bezwen yon espas fizik pou l egziste, kraze l diferan ak kraze on batisman. On enstitisyon ka kraze ak on moun ladan l, pi souvan fondatè enstitisyon an, men li pa sot tonbe sou moun lan, pa gen moun ki anba dekonm li. On enstitisyon pa bezwen tonbe pou l kraze. (Se vre tou, li gendwa tonbe san l pa kraze: kidonk valè l gendwa bese, li pa gen menm kalite ankò, li pa nan nivo li te ye anvan an!) Konsa tou bilding on enstitisyon ka sot tonbe san enstitisyon an pa kraze pou sa. Palè a gendwa tonbe ak tout ministè yo, men sa pa vle di gouvènman an tonbe, sa pa vle di Leta yo reprezante a pa egziste ankò. Men tou nou konn tande on gouvènman tonbe san se pa bilding gouvènman an ki tonbe.

Sou menm baz pawòl ‘refonde’ a, m tande moun yo fè on glise nan ‘refondasyon’. Men menm rezon ki fè refonde pa mache a, se menm li menm lan ki fè refondasyon pa mache tou. Sa ki konplike analiz la, se paske gen yon sans fondasyon ki pa konekte ak fonde. Lè y ap bati / konstwi yon kay, fò yo fouye fondasyon li, epi leve on sòl. Fondasyon an se baz kay la.

Èske lè prezidan an di ‘refonde’ li vle di ‘refouye fondasyon peyi a, ba li lòt baz sosyal, politik, ekonomik, edikatif’? Enben, an nou refouye fondasyon peyi a!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply