Entansyon m nan seri sa a, se gade diferan pawòl an re- (nou poko ka di si se re-majè osnon re-minè) gouvènman ayisyen an, kominote entènasyonal la, gwoup moun ki di yo nan klas politik la ak sa yo rele sosyete sivil la—ladan l sitwayen k ap dòmi leve anba tant yo—ap eseye akòde pou yo ka rive retire peyi a anba dekonm. Kòm sa toujou rive nan demach dèyè pawòl, nou oblije fè plizyè dètou anvan nou rive sou nannan koze a.
Premye dètou nou te fè, se te pou n t al gade ki jan yo mezire dega ki fèt akòz tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Sa enpòtan: se jan diferan gwoup yo konprann dega yo ki pral pèmèt yo deside ki “re-” pou yo chwazi. Nou remake sanble gen yon antant pou tout moun di “peyi a kraze nèt” on jan pou yo bay lide “pifò peyi a kraze”. Semenn pase, m te met ansanm sifas depatman ki pran pi gwo frap yo (Lwès, Sidès ak Nip) ak sa ki ta pran on ti frap tou piti sèlman(Grandans ak Sid) pou m te konpare yo ak sifas depatman ki pa ta pran pyès frap menm (Nòdwès, Nò, Nòdès, Sant ak Latibonit): konparezon an pa demontre moun k ap di peyi a kraze nèt yo gen rezon— 14.657 km2 pa pran pyès chòk konpare ak 12.954 km2 ki pran gwo osnon mwayenn chòk.
Kidonk, se pa sou baz sifas y ap plede di peyi a kraze nèt la: piske kapital la kraze, kapital la kote tout andministrasyon peyi a konsantre, enben, se tout peyi a ki kraze! Gen moun ki di sa, yo konnen trè byen se pa vre, men yo kontinye di l, paske sa ranje yo; gen lòt ki di sa paske yo pa konprann osnon yo grandi ak lide se Pòtoprens ki enpòtan. E se la tout kesyon an ye: kote ki an reyalite pa kraze yo gen moun ladan yo tou, moun k ap viv ak tout bezwen yo, tout rèv yo, kidonk kote sa yo kontinye ap fonksyone… men chay pwoblèm yo vin pi plis, pwoblèm yo ogmante: plis moun ki bezwen manje, ki bezwen dlo, plis moun ki bezwen kay pou yo rete, plis moun ki bezwen lopital ak sant de sante pou y al pran swen, plis timoun ak jenn moun tou ki bezwen al lekòl, plis manman ak papa ki bezwen jwenn on ti travay pou yo okipe pitit yo, plis chomè tou nan kote sa yo.
Pwoblèm repondong pou chak depatman peyi a ta genyen pou yo kore lòt depatman ki frape se on pwoblèm reyèl. Anpil moun koumanse pale de sa. M te tande on sitwayen ki t ap poze kesyon konsa nan radio: Èske nou te wè kamyon k ap sot nan zòn Nò, Nòdwès, Nòdès, Plato Santral, Latibonit vin pote sekou bay moun nan Lwès? Èske nou te wè kamyon ki sot nan Sid, batiman ki sot nan Grandans vin pote sekou nan Sidès ak nan Nip? Nou konprann sitwayen sa a pa t ap tann repons pyès moun: se te on kesyon-akizasyon, on kesyon-repwòch.
Pwoblèm sa a mennen nou nan on pawòl an “de-” nou tande anpil moun ap di ki nesesè pou nou ta pale anvan nou ta al antre nan nenpòt pawòl an “re-”. Pawòl an “de-” a, yo rele l “desantralizasyon”, yo di tou “dekonsantrasyon”. Chaje pwojè desantralizasyon deyò a. M pa konn ki sa yo mete anndan yo. M pa konn si yo tout ta ka met ansanm fè on sèl. Men lè yo pale de desantralizasyon, yo pale de administrasyon resous on peyi ki pa dwe chita on sèl kote, nan on gwo vil, sou kontwòl on gwo direktè, men ki ta dwe dedouble an plizyè branch nan tout zòn peyi a; yo pale tou de endistri ki dwe etabli nan tout zòn on jan pou tout popilasyon an pa rete konsantre on sèl kote, pou tout moun pa kofre kò yo nan menm ti espas la…
Koze espas la se youn nan koze ki pi enpòtan. Espas fizik, espas anviwònman, espas kote moun rete. Espas enpòtan nan lavi on pèp, nan lavi on gwoup, nan lavi on moun. Youn nan premye pawòl ki t ap pale apre tranblemanntè a se pawòl “re-bati”. Se nòmal apre on moun fin pran on gwo pataswèl li tonbe, leve l leve kanpe, se chache on kote pou l apiye l. Si, lè l vire gade, li pa wè okenn poto osnon on panno kay pou l apiye, reyaksyon l se re-bati, re-konstwi bout joupa a, kay la ki tonbe a. Konsa tou, lè pèp ayisyen leve kanpe nan mèkredi 13 janvye, li santi fò l re-bati, re-konstwi peyi l. Men peyi ak kay pa menm. Re-bati, re-konstwi kay se desizyon on grenn moun; men re-bati, re-konstwi on peyi pa desizyon on grenn moun, se desizyon on pèp. Ki jan pèp la pran desizyon sa a? Ki jan li bay dizon l sou sa k dwe fèt? Epitou, ki sa k di tout moun dakò pou re- okenn bagay?
M tande plizyè sitwayen ki di se bati pou yo bati peyi a, paske peyi a pa t janm bati pou on pèp yo rele pèp asyisyen. Yo di se espas kolon yo te bati pou bezwen pa yo, pou chan kann yo, pou moulen yo, pou plantasyon yo. Travay sa a mande on bann chita pale, kèlkelanswa non yo bay chita pale sa yo—chita pale pou n di ki jan nou wè espas la, ki sa nou vle met ladan l, ki jan nou vle pataje l… Men kèk sitwayen, pètèt sa k gen plis pou yo pèdi yo, deklare demach sa a an reta, paske nan peyi sa a ki pa t bati pou nou an, gen anpil nan nou ki gen papye eritaj nou, ki gen istwa zansèt nou, ki gen demanbre nou, ki pa dispoze chanje on pwèlyèm nan anyen, ki pa p dakò pou okenn rebat kat ta vin lonje dwèt sou byen tatawèl bizawèl kite pou nou.
Re-bati, re-konstwi ap koute mwen chè, paske pa p gen twòp kesyon, paske ap gen mwens dezagreman!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com