Gen anpil blag k ap fèt sèjousi, blag sou lavi ann Ayiti, blag sou lavi Ayisyen depi tranblemanntè a. Blag moun ki anba tant nan kan, nan diferan zòn Pòtoprens, Leyogàn, Jakmèl… Blag moun nan lòt zòn peyi a ki santi tè a ap tranble pi souvan depi 12 janvye a, ki pa santi yo alèz pou yo rete anndan kay… Blag sa yo se Ayisyen k ap fè yo, se pa moun deyò k ap fè blag sou nou, griyen dan kong yo sou nou. Non, se Ayisyen parèy nou, atis ki konn fè komik pou yo fè moun griyen dan yo, pou chase lapenn, pou kwape kalkil, pou fè n reflechi tou sou sans lavi nou jounen jodi a—se yo menm k ap fè blag sa yo.

Anpil moun pa konprann wòl blag sa yo: yo pran yo mal. Men wòl blagè a, se pou l pèmèt lavi kontinye. Lè nou fin antere mò, lè nou fin panse blese, lè nou fin kalkile pèt, se pou nou deside ki jan n ap kontinye vanse nan memwa tout sila yo ki pèdi lavi yo nan gwo brase bil latè 12 janvye 2010 la. Se pa nan rete byen mòksis nou pral avanse. Kou a te di, li te terib, se vre, men pa gen mwayen de-fèt sa k te fin fèt: okontrè, se on koze re-fèt k ap pale. On koze retire bagay anba dekonm, ki parèt sou fòm blag, men se koze toutbon, paske se an jwèt yo batize jwif, se nan griyen dan yo regle bagay serye.

Youn nan pi gwo blag ki gen deyò a, se on blag yo fè sou gouvènman an. Yo di li anba dekonm toujou. Se afè pèp la l ye, se afè pèp la li twa dwe ap regle. Kidonk fòk pèp la degaje l kou Mèt Jan-Jak, al debleye pou l retire gouvènman an, pou l retire afè l la, anba dekonm, paske pèp la pa santi prezans gouvènman an, li pa santi fòs li… menm si gen sitwayen k ap mache ak bèl mayo sou yo ki make “M sipòte gouvènman m.” Kòm anpil moun ap plede di fòk tout bagay refèt nèt, si gouvènman an pa soti anba dekonm, li pa p ka patisipe nan anyen—kit li te gen fanatik k ap sipòte l, kit li pa t genyen.

Nan on ti bout m pran nan on konvèsasyon ant plizyè kanmarad ki t ap kraze on domino chen manje chen, m tande youn ki di: “M pale ak fanmi m Ayiti, yo di m peyi a kraze nèt. Tout kay, tout bilding plat atè. Yo di m yo menm k ap viv dèyè a, yo pa rekonnèt zòn lan menm ankò. Mwen menm, si m ale konnye a, m ap pèdi. Fòk se refè yo refè peyi a nèt!” On lòt mande: “Sa ou rele refè a? Kouman pou yo refè l la!? E lòt kote nan peyi a ki pa kraze yo, tankou nan peyi m!” On twazyèm di: “Mwen menm, m tande tout kalite pawòl. M pa fin si gen pyès moun ki konn sa k pi bon pou peyi a, m pa si yo konn sa yo vle fè. Genyen ki di se rekonstwi pou yo rekonstwi peyi a; gen lòt ki di se rebati pou yo rebati l; prezidan an menm se on pawòl refondasyon, refonde m tande l ap pale; epi ki lòt pawòl re- ankò m tande y ap plede di… Mwen menm, franchman, m pa konnen!”

M poze menm kesyon yo tou, pafwa ak de twa kanmarad, men pifò fwa yo nan tèt mwen paske kesyon sa yo gen dètou. Premye pawòl ki te frape m, se pawòl “peyi a kraze nèt” la. Nou konnen se depatman Lwès, Nip ak Sidès ki plis pran gwo frap tranblemanntè a. Depatman Grandans ak Sid pa pran gwo frap. Depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Sant pa frape menm. Nenpòt ki moun ki tande “nèt”, gen imaj “pifò” ki parèt nan sèvo l. Kidonk peyi a kraze nèt ta vle di se pifò peyi a ki kraze. Si n ap gade peyi a depatman pa depatman, si n ap gade espas fizik peyi a, pati ki pa touche ditou ditou a reprezante plis pase mwatye sifas peyi a. Dapre enfòmasyon m jwenn nan sit entènèt ‘Haïti-reference: Departements geographiques d’Haïti’, ki nan adrès sa a: http://www.haiti-reference.com/geographie/departement/index.html, sifas Latibonit se 4.895 km2, sifas Sant se 3.675 km2, sifas Nòdwès se 2.176 km2, sifas Nò se 2.106 km2, sifas Nòdès se 1.805 km2; sa fè antou 14.657 km2 ki pa pran pyès chòk nan tranbleman ki fèt 12 janvye 2010 la—konpare ak sifas kote ki pran gwo chòk osnon mwayenn chòk: Lwès (4.827 km2), Sidès (2.023 km2), Nip (1.219 km2), Grandans (2.091 km2), Sid (2.794 km2): antou 12.954 km2. Kidonk si n ap gade kesyon an sou baz sa a, baz sifas peyi a, koze kraze nèt la, se pa vre! Se on pawòl anlè! Sa ki dwe vre, se paske nan sistèm jan yo jere peyi a, sistèm jan yo fè l fonksyone a, se tankou yon kò ki gen yon tèt ak diferan lòt pati peyi a ye. Kòm se toujou tèt ki pi enpòtan, sè la sèvo a ye, lè tèt la pran on gwo chòk, rès pati kò a pa gen repondong pou yo kenbe pwotokòl fè kò a fonksyone kòmsadwa. Amwenske yo te prepare rès kò a espre pou sa.

Sa nou konstate: Pòtoprens, tèt peyi a, pran gwo chòk, tout peyi a sibi konsekans gwo chòk sa a tou. Paske se Pòtoprens tout bagay enpòtan nan peyi a ye: Palè Nasyonal, Lachanm, Palè Jistis, biwo prensipal tout ministè yo, inivèsite, faktori, anbasad, ayewopò, lopital, anfen… anfen… Tou sa on moun bezwen regle, se Pòtoprens pou l monte! Gen moun ki pa ret Pòtoprens, men nan dat 12 janvye 2010 la, yo te twouve yo nan Pòtoprens paske yo te gen on afè enpòtan yo pa te ka regle nan vil pwovens kote yo te rete a. Gen nan moun sa yo ki pèdi lavi yo, gen ladan yo ki estwopye, gen lòt ki donmaje nan sèvèl tèt yo pou tout rès vi yo…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *