Vandredi 29 Me 2009, m tande on nouvèl sou youn nan radyo Ayisyen sou entènèt la, m pa chonje kilès ladan yo ojis. Dapre nouvèl la, Konsèy Elektoral Pwovizwa a te pwomèt tout moun ki te travay nan eleksyon 19 Avril 2009 la, li t apral depoze lajan pou yo nan Inibank—kidonk se la pou yo ta al touche lajan an. Men lè mesyedam yo parèt, bouch anfarinen, labank lan, nad-marinad: anplwaye labank lan fè yo konnen K.E.P. a pa t depoze okenn lajan pou yo. Yo pran poto. K.E.P. a ba yo poto!

Nou ka imajine deblozay pale anpil sitiyasyon sa a kreye. Gen plizyè nan mesyedam yo ki deklare yo pa p mete pwent pye yo nan okenn biwo, nan okenn sant pou dezyèm tou eleksyon an. Yo tou di K.E.P. a “Ou a yan!” Gen on sitwayen menm ki deklare lè Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse nouvèl y ap peye yo ti tchotcho a, li te tèlman dispoze pou l al manje vant deboutonnen, menm si se te pou on grenn jou a, li te gentan pran metsin…

M anvi ri, m pa ka ri. Sitiyasyon an sanble l komik, men koze pran metsin, se pawòl serye, se pa pawòl jwèt. Sitou pou moun ki grandi nan zòn Jeremi. Nou oblije devlope on konsyans espesyal pou sans dedouble pawoli ‘pran metsin’ lan vin gen pou nou. Nan bouch moun ki pa moun zòn lan—se toujou konsa sa pase: se toujou pawòl zòt ki sèvi on gwoup kòm glas pou li gade figi li—, nou aprann konprann kouman yo gade nou: nou gen piskèt, nou gen konparèt, nou gen mango òdinè, nou gen veritab kase sèk, men tou nou konn pran metsin pou moun. Zòt byen serye sou koze sa a: ‘Pa jwe ak moun Jeremi, se malfektè yo ye, yo ka al pran metsin pou ou!’

Se de pawòl diferan: pran metsin pou tèt ou ak pran metsin pou lòt moun. Men pou nou antre nan koze a byen, fò nou gade ki sa metsin lan ye, ki jan yo pran li, ki moun yo bay metsin, ki kote pou on moun ye pou yo ba l metsin, pou ki rezon yo bay moun metsin.

On metsin se on remèd. On remèd moun pran nan bouch. Ki pase nan tout filyè kò, desann nan lestonmak, ranmase dechè, pou netwaye sistèm kò. Gen plizyè kalite metsin. Nou ka imajine yo chak fè netwayaj la nan jan pa yo, selon engredyan natirèl ki ladan yo, selon fason yo konpoze yo. Gen metsin luil, luil maskreti, yo konn melanje ak kafe anmè. Yo konn bay timoun on ti kiyè luilderisen tou lè yo konstipe. Gen metsin kas ak sene pou konbat vè, vè solitè ak lòt espès. Gen metsin sèl. Gen metsin Sentiv, pigatif Sentiv. Yo konn bay moun lòk tou, men m pa konn ki kalite fèy, ki kalite medikaman yo mete ladan l.

Metsin pa janm gen bon gou. Metsin se remèd. Men gen metsin ki pi makawon, ki gen pi move gou pase lòt. Sanble metsin yo konsidere ki pi move a, ki pi anmè pase fyèl la, se metsin jalap. M pa janm wè metsin jalap la. On ti rechèch rapid m fè aprann mwen jalap la se on lyann Meksiken, yo sèvi avèk rasin li pou yo trete ka konstipasyon sevè. Antouka, depi nou twouve nou nan on sitiyasyon grav, anmè kou fyèl, nou pale de metsin jalap!

Fò nou bay de presizyon anvan nou kontinye. Toudabò, gen lòt mwayen yo fè netwayaj nan sistèm kò: lè m te timoun, m te konn wè lakay pifò moun m te konnen on bagay yo te rele bòk; li te an fòm on gwo po emaye, li te gen on tib kawotchou ki konnekte ladan li. Yo te konn sèvi avèk bòk la pou bay moun lavman—kidonk pou lave lestonmak. Yo pa pran lavman pa wo, se pa ba yo pran l. Èske se sa k fè yo pa rele l metsin lan?

Dezyèm presizyon an: pa sanble se moun sèlman ki pran metsin. Bèt tou, dapre sa nou konprann, konn enpòtans metsin. M pa chonje depi ki lè m aprann sa, men chen konn ki sa pou yo fè pou yo pran metsin: yo manje zèb lè yo santi lestonmak yo chaje. Sa pèmèt yo soulaje tèt yo.

Se responsablite manman osnon grann pou yo siveye ki lè timoun bezwen metsin. Men wè pa wè, lè lekòl pral ouvè tout timoun sou metsin. Apre vakans twa mwa, lè timoun yo fin manje mango, veritab, zaboka, mayi vèt ak tout lòt kalite grennbwa, fò yo netwaye sistèm yo, retire vye bil, vye vè, elimine vye grès manfouben, netwaye san yo, on jan pou yo pare pou ouvèti dèklas, apre Mès Sentespri. Bay timoun metsin nan koumansman ane lekòl la antre nan on bann lòt woutin.

Woutin tankou benyen, dekrase kò, byen foubi dèyè nwa kou, kakòn jenou ak je pye—men tou sa pa anpeche konn gen lòt benyen an, benyen nan plen jounen, midi tapan, benyen pou chase move zè, bay pwoteksyon pou ane a, benyen nan bon beny fèy ki t ap pase solèy nan on gwo kivèt emaye…

Woutin tankou mennen tigason nan kwafè pou fè yo retire raje a, rak bwa a nan tèt yo, pou l pa anpeche yo aprann; woutin tankou detrese tèt tifi, lave l, demele cheve yo, grese yo, grese po tèt la, bay bèl kout peny…

Woutin tankou desann lavil al achte twa inifòm, mennen timoun al pran mezi kay kwafè, kay koutriyèz, retounen al achte on demi ón twal ankò, paske janm timoun yo vin pi long, paske yo fè on ti gwosi; woutin al achte soulye kay Bata, on pè pou lekòl, on pè pou legliz—ou oblije pran yo ak avantaj paske pye timoun yo ap grandi, epitou, piti menm pri, gwo menm pri…

Woutin tankou al devan plas Katedral, tout zòn Ri Bònfwa, ak on lis liv nan men ou, ap chache liv dezyèm men, ki pa twò malmennen, ki pa twò fatige… avèk espwa ou pa p oblije al apante tout libreri jis ou jwenn on liv tèt nèg…

Wi, metsin anvan lekòl ouvè se on woutin. Tout depans yo, se on metsin jalap!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *