Gen on pawòl m pa t tande depi lontan. Sa k konnen tou ki volim pawòl m gen syèk dizan m pa tande! Se sèlman lè m tande yo konsyans mwen ka vin reveye pou yo. Ala de dilèm, papa… sitou pou on moun ki kwè se pawòl ki dwe balize chemen rankont nou youn ak lòt! Nou ka di m se nòmal, sa rive tout moun ki gen kèk jou deyò, tout natif-natal k ap viv lwen baz la, menm si yo eseye rete konnekte ak lakay nan koute diferan emisyon radyo sou entènèt.
Lè pawòl la frape m lan, li vin resisite souvni tout ti zanmi m, tout kondisip mwen, tout timoun sou katye m, tout timoun nèt alawonnbadè m te konn jwe avèk yo. Ki pawòl li te ye? Apre gouvènman Premye Minis Michèl Pyèlwi a fin tonbe a, gen on sitwayen ki di: “Prezidan Preval se sèl nèg k ap mennen sou teren an depi on bon bout tan, sèl nèg ki pa nan bay gòl pou kontribisyon. Se bon gòl li bay. Kanta pou gòl Premye Minis lan menm, se sa nèt!”
M si nou gentan konprann se “pou kontribisyon” ki lakòz tout mouvman sa yo ap fèt anndan mwèl tèt mwen. M chonje lè nou te konn ap fè chenè lè n te timoun, moun ki genyen an, lè li fin fè kantite pwen li te dwe fè a, tankou 50 osnon 100, li toujou lage on degi: “Zwèl manman ou! Zwèl papa ou! Zwèl matant ou! Zwèl tonton ou! Zwèl tout fanmi ou! Zwèl! Zwèl! Zwèl!” Chak kout zwèl yo, se te on chenè anplis. Se te chenè nan lib. Chenè ki pa t konte. Chenè pou granmesi. Chenè pou kontribisyon!
Lè n te konn ap fè on dekan tou, amwenske on jwè te pase sou gadyen anfas la, osnon trible l pou l antre nan kan an ak boul la, pa t janm gen garanti gòl la fèt. Paske nan dekan sa yo pa t janm gen abit. Swa boul la te pase razad poto kan an, swa l te pase twò wo, swa l te frape nan poto gòl la, epi l sot deyò… Kidonk gen twòp jan pou boul la pa gòl. Ekip ki kwè li te bay gòl la pa gen lòt chwa: li oblije deklare se on gòl kontribisyon. “Sa a se pou kontribisyon! Kòmanse konte, bann ti kreten!”
M konnen gen anpil nan nou ki pran koze ‘pou kontribisyon’ an trèzoserye. Lè nou te gen ekip nou k ap jwe anba stad la, epi abit la (paske lòt ekip la te achte l osnon pou bon plezi l) deside gòl ekip la fè a li pa p bay li, nou reziyen nou, nou ni se pou kontribisyon nou bay gòl la. Men bagay la ap manje nou. Èske se pa gòl sa a menm abit la pa t bay la ki pral lakòz ekip nou an pa al nan final?! Osnon ankò, èske si abit la te bay gòl sa a, ekip nou an pa t ap genyen on pwen anplis ki t ap pèmèt li pa al tonbe nan dezyèm divizyon?
Antouka, kit se te ‘zwèl’ osnon ‘pou kontribisyon’, se te menm amou. Gòl la bay nan lib! Pa gen anyen pyès moun ka fè kont sa. Men, kote pawòl ‘pou kontribisyon’ sa a soti? Biwo Kontribisyon, nou te konnen nan tout zòn pwovens nou yo, wòl yo se te kolekte enpo lokatif, se te fè komèsan peye patant, se te mete on ekip pèseptè deyò pou yo fè ti machann peye kat, se te touche lajan katdidantite ak resepise… Kote kòb sa yo ale? Tout moun gen enpresyon kòb sa yo bay nan lib. Paske se pa tout ki rive nan men Leta. Rès la fè wout kochi, antre nan pòch tout kalite granmanjè. Lè m ap grandi, m te konn on pèseptè; fò nonm sa a dwe te posede yon ka nan vil la, tèlman li t ap fè kòb li nan peze souse ti machann lan. Sa nonm sa a te konn fè, m sispèk se te taktik tout lòt peseptè nan peyi a, se te bay machann yo kat, epi lè l ap touche li repran kat la ankò. Kidonk menm kat la pral sèvi 2 fwa, 3 fwa… e Mouche Leta, se on sèl ti bout kat la li konnen. Nou konprann pou ki rezon pawòl la di ‘mache a pa dwe gen twòp pèseptè!’ Woulman an fèt pi byen, regleman ak lòt chèf yo fèt pi fasil. Tout moun ap boule gra, jis mayi mi. Separasyon soti depi anba rive pi anwo. Entelijans k ap travay!
Jodi a pa gen Biwo Kontribisyon ankò. Yo chanje non l. Sa gen kèk tan. Yo rele l D.G.I. Men espresyon ‘pou kontribisyon’ an pa pèdi plas li nan memwa lengwistik nou. Èske nou ka imajine demen osnon nan on lòt jenerasyon on Ayisyen pral di “Ayiti bay Trinidad on gòl pou D.G.I.”? Sa pa enposib. Men pa gen anyen mekanik nan rapò on lang ak sosyete kote l ap evolye a. On pawoli tankou ‘pou kontribisyon’ pa t kreye konsa, nan on laboratwa, epi yo lage l nan lari a. Li soti nan on reyalite sosyal wòl ‘Biwo Kontribisyon’ te genyen nan lavi moun nan peyi a. Se on antre soti ant espresyon ki disponib nan lang lan ak on analiz reyalite a ki pèmèt ‘pou kontribisyon’ vin posib.
Anpil fwa ou konn nan konvèsasyon ak moun ki gen lide yo, kwayans yo, yo menm yo ta di ‘opinyon’ yo, sou pawòl ki ta dwe di nan lang lan, ki jan yo ta dwe di yo, san yo pa pran tan esplike ou sou ki prensip yo baze pou yo bay ‘opinyon’ sa a. Si yo ta di ou bouch yo pou yo, yo fèt pou yo pale, yo gen dwa pou yo pale, ou ta gendwa reponn yo: ‘Opinyon pa sot nan bouch, se nan tèt li soti. E si tèt la pa p travay, si l pa p pran on bann enfòmasyon pou l analize yo, fè yo pale, tèt sa a pa gen okenn dwa pou l gen opinyon!”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *