Menmsi on moun ou te rete nan on tou wòch, byen fon, nan peyi pèdi, ou pa ta ka pa tande ‘nouvèl la’. “Kilès ladan yo?”, ou dwe ap mande, paske ou tande plizyè nouvèl… Fè m konfyans si m di ‘nouvèl la’, se paske se on sèl grenn lan ki genyen, tout rès yo vin branche sou li. Wi, tout moun tande nouvèl la: nan lannuit madi pou ouvè mèkredi 25 Novanm 2009 la, Konsèy Elektoral Pwovizwa (K.E.P.) a bay lis pati politik ki apwouve pou yo patisipe nan eleksyon ki ta dwe fèt an Fevriye ak Mas 2010: Fanmi Lavalas, pati ansyen prezidan Aristid la, pa sou lis la ankò, menm jan sa te fèt lè eleksyon nan kòmansman 2009 la. Se vre se pa Fanmi Lavalas sèl ki pran kanè, men se sitiyasyon pa l la ki fè plis pawòl anpil. Politisyen tout plimay pwoteste: Kouman K.E.P. a fè panse li pral fè on eleksyon ki rele eleksyon toutbon vre san pi gwo pati ki genyen nan peyi a pa ladan l?!

Dezyèm pi gwo nouvèl la, se deklarasyon reprezantan nasyonal Fanmi Lavalas la, kidonk Titid, fè sou radyo Solidarite menm jou mèkredi 25 novanm lan. Li sètifye se li menm menm ki siyen papye pou otorize on manm pati a reprezante l. Ansyen prezidan an mete anpil pawòl deyò sou rapò l ak prezidan Preval—tankou jan l te pwoteje ansyen premye minis li a pou atoufè pa t fè on jan avèk li lè premye koudeta a, alòske se menm nèg sa a, engra a, ki jounen jodi a soti pou l pete je l. Anpil moun kontan tande ansyen prezidan an—sa fè lontan yo pa t pran nouvèl li. Yo di li sonnen tankou on prezidan, li pale dò, li pale byen, sitou lè l di pouvwa a se pa on zo on prezidan gen nan men l, l ap mete nan bouch moun li vle pou yo fè on ti souse, pouvwa mache ak lalwa. Men gen on sitwayen, apre li fin tande ansyen prezidan an, ki souke tèt li, li di: “Podyab! Tou rich pa mal, se tounen dèyè a ki pi mal. Pou jan Titid te gen pouvwa, gade se Titid jodi a pouvwa ap fè abi. Se pou Titid konnen ‘pòt an bwa pa goumen ak pòt an fè’…”

Si m byen konprann sitwayen an, pòt an bwa a, se Titid, pòt an fè a, se Preval. Dapre sa l di a, Preval pi solid pase Titid. Pa gen mwayen pou Titid al twoke kòn li ak Preval: l ap pèdi. Pou ki rezon? Paske se Preval ki gen pouvwa a nan men l; se li k sou teren an; se li k nan pozisyon pou l fè on moun souse on zo… Kwayans ‘pòt an bwa pa fè lesefrape ak pòt an fè’ chita fon nan leve-jwenn nou: nou grandi ak lide bagay ki fèt an fè pi solid pase bagay ki fèt an bwa. Moun ap jete bon kabann an bwa yo genyen depi syèk dizan pou yo ranmase on kabann an fè yo kwè ki pi solid. Kidonk nou pa menm konsidere kalite bwa (gayak, gonmye, chèn, kanpèch…) ki pral frape ak feray la, epi nou deklare feray la pi bon. Se menm jan an tou nou antre nan lojik ‘gwo’ ak ‘piti’ a: ‘gwo’ vle di gwo kouray, ‘piti’ vle di flègèdèk; ‘gwo’ gen fòs, ‘piti’ se feblès. Men lapresman pou nou suiv tandans tradisyon leve-jwenn, nou bliye esperyans ki montre nou anpil fwa ‘pi piti pi rèd’—ou ka monte sou resif si ou konprann ou pral pran piyay sou on piti, sitou si se on piti ki rès li anba tè! Se pa on afè de pi piti, se on afè de ‘mal sele k ap foule’—Ki jan ou sangle? Ki jan ou prepare? Ki kote rasin ou ye?

Men, pou m di nou verite, se pa imaj ‘pòt an bwa, pòt an fè’ ki te vin nan tèt mwen an premye lè m te koumanse reflechi sou rapò ant de zotobre yo, Aristid ak Preval. Gen on imaj on lòt kòmantè m te tande, sa pa gen twò lontan, te kreye nan lespri m. Mesyedam, gran konnen, ki t ap fè kalite kòmantè sa a te prezante aksyon Aristid yo tankou aksyon dife, aksyon Preval yo tankou aksyon dlo. Dlo ak dife: de gwo fòs. Dife ki gen kapasite pou l lanse flanm li selon direksyon van an, osnon nan kat pwen kadino, pou l ratibwaze, detwi tou sa k kanpe sou wout li, pou l rive kote l bezwen an. Dlo ki gen kapasite pou l filtre, souse, glise, anbrase, ansèkle tou sa k sou wout li pou l layite kò l jan l pi pito. Kote teyori sa a soti? M pa konnen—esperyans mesyedam yo? Èske l konnekte ak pawòl ‘naje pou soti’ yo di ki sistèm gouvènen Preval la? Sa sanble. Si ou oblije naje, se paske ou nan dlo (epi ou pa ta renmen neye). Men gen on bagay ki parèt dwòl pou mwen: teyori a pa di anyen sou ‘lavalas’, senbòl Aristid, on senbòl dlo. Èske se paske yo konsidere dlo sa a diferan ak dlo Preval la? Dlo Preval la ta on dlo kal, men on dlo trèt tou, ki ka neye ou san ou pa remake sa, alòske lavalas la li menm se on dlo k ap desann tout boulin ak klewon, twonpèt, pase pran tou sa l jwenn, ap gwonde pou tou sa k gen zòrèy: Grenadye alaso, sa ki mouri zafè a yo! Kidonk kit fòs lavalas, kit fòs dife, se ta menm amou? Non, yo pa di l konsa; m pa p met pawòl nan bouch pyès moun!

Imaj m pi renmen lè m ap gade rapò Preval ak Titid, se nan pwovèb ‘lè poul mare, ravèt fè l esplikasyon’ m jwenn li. Sou teren politik la, se Titid ki gen pouvwa pou l ta elimine Preval. Se Titid ki nan wòl poul la. Men lavi a gen dètou. Titid mare nan pye tab. Prèske jouke. A demi antòtye. Pètèt nou ta renmen on pi bèl imaj: lè chat pa la, rat bay kalinda…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *