Malgre m fini ak seri kwonik “Tande ak wè se de” a, anpil sijè m ap gen pou m debat pral pote etanp esperyans m fè ann Ayiti pandan gran vakans 2010 la. M pa t janm imajine DOUZ JANVYE t ap vin jwe wòl sa a nan vi m: on pens grip k ap fòse machin panse m al nan direksyon li chwazi pou li.
Soti 2 me rive 23 me 2007, m te ekri on seri kwonik, “Ki jan nou wè chen”, sou rapò nou ak Kon¬pè Chen, selon jan rapò sa a grave nan leve-jwenn nou, sou fòm pawoli osnon pwovèb. M te di tout bagay nèt nan seri sa a, antouka tout bagay ki te merite di. Kidonk, pa ta gen pyès re¬zon, si konnye a m wè on chen k ap kouri bò kote mèt li nan on pak, on lòt ki chita nan plas devan sou kousen machin bò kote mèt li, ap panche tèt li deyò pou l pran fre van an, osnon on lòt an¬kò k ap pran lèz kò li sou janm mèt li k ap dodine anba galeri lakay li…, pa ta gen okenn rezon pou m ta sezi ni pou m ta gen bezwen fè okenn kòmantè ankò. Pa ta gen rezon… men se pa rezon ki kon-two¬le tout bagay, ki gen la¬lwa dirije. Lè m wè chen, 7 ne mare anba kè m, an menm tan yon pa-wòl me te tande ann Ayiti remonte nan souvni m.
Youn nan jou pandan sejou m lan, m wè on ekip chen, tankou yon eskwad, k ap mache an¬sanm, byen deside, konmkwa yo te gen on misyon yo te pral ranpli. M ap suiv yo, ak je m. Epi, san-zatann konsa, lidè gwoup la kanpe, li leve tèt li anlè, li wouke. De twa lòt suiv li. On sitwayen ki te la, on jenn ga¬son, fè yon remak: “Gendwa se la mèt yo te rete. [M konprann l ap pale de chen ki wouke yo.] Jou swa ‘bagay la’ [kidonk tranblemanntè a], etan n ap sove moun ki te kwen¬se anba dekonm, te gen on ekip chen ki te kanpe devan kay mèt yo, ap wouke menm jan an. On wouke transpò lanmò. Chen yo te sove, men mèt yo te swa mouri, swa bloke nan kèk twou. Se yo ki t ap fè nou konnen kote ki te gen kretyen-vi¬van ki te ka bezwen sekou nou…”
On ekip “chen san mèt”, san pwoteksyon, ki kondane pou yo degaje yo pou kont yo (m te anvi di ‘naje pou yo soti’, men chen konn dlo twòp), pou klo¬wòks k ap touye kretyen-vivan an pa tou-ye yo tou—se sa ki te vin nan tèt mwen. Men sa te touche m anpil: genlè pito on moun fè ou plis ak chen, paske chen sanble yo gen fidelite plis pase kretyen-vivan… Èske nou ta ka imajine gen moun ki ta ka rayi sò chen sa yo, jis pou yo ta swete twoke plas avèk yo? Non, pa vre? Èske si m ta di nou m tande, ak de zò¬rèy mwen (kidonk ‘tande’ sa a egal ‘wè’), on sitwayen k ap di on lòt “Pito m te chen ou!”, n ap kwè m? Nou oblije!
Enben se pa pawòl blag m ap ban nou. Gen on kote m t ap pase, m pi si se te pi ba legliz Sent Bè¬nadèt (sou wout Matisan, Pòtoprens), tankou m ta di nou rive nan zòn bò Senkyèm Avni Bò-lòs konsa, m wè yon espektak (pa gen lòt jan pou m di sa), ki retounen vin pase konbyen fwa nan tèt mwen, tankou on move rèv, tankou on fim dyab, vin souflete santiman fyète m kòm Ayisyen: on gwo pil fa¬tra (ou ta di se la boko fatra a ye!), ak tout kalite debri ladan l: moun ak chen ap fou¬ye chache m pa konn ki sa, konm¬si yo te nan konpetisyon youn ak lòt… Chen yo viv nan lari, yo pa gen mèt ankò—menm lè yo te gen mèt, pa t gen garanti yo te gen lòt kote pou yo dòmi, esepte nan lakou kay mèt yo, kote yo te gen dwa jape pou chase move zè ak moun move lide… Men moun yo, yo menm, nou ka imajine kote y ap viv. Gen anpil ladan yo k ap viv tankou chen, se sa sa sanble. Men pa tout chen, pa pen¬mèt ou! Paske gen chen ki gen 3 repa pa jou (alòske gen lòt ki pa gen on ti zo pou yo souse); ki gen ti kay yo pou yo rete (alòske gen lòt ki pa gen on kwen kras pou yo mete kò yo); ki gen jwèt pou yo jwe (alòske gen lòt ki pa p janm gen lide jwèt nan tèt yo: chen grangou pa jwe); ki gen bòn pou oki¬pe yo, benyen yo, retire pis sou yo (alòske gen lòt se yo k pou degaje yo, chase pis k ap fè zo bwa ke yo tounen otobis); ki gen mèt pou karese yo, bobo yo (alòske pifò chen se vaka¬bon k ap kalonnen yo); ki gen doktè pou konsilte yo, ba yo piki, preskri medikaman pou yo (alòs¬ke pifò chen, se yo ki pwòp doktè pa yo, ki bay tèt yo metsin nan manje ti zèb si)… Se pa tout moun ki gen chans viv tankou on seri de chen, fò n konprann sa!
E m pa si non, se de chen k ap byen mennen yo, moun ki di “Pito m te chen ou!” lan ap pale! Li gendwa pa menm konnen si chen konsa egziste. Sa grav! Se on pawòl dezolasyon. Paske moun lan wè ki jan chen bò lakay li ap viv: an chen—pa gen anyen chen sa yo genyen on moun pa ta ka genyen, pas¬ke an reyalite yo pa gen anyen… Sa k fè sa? Moun ki gen chen sa yo, se de moun ki pa t menm merite pou yo te gen chen, paske jan koze a di a: yo deja tou chen pou kont yo.
“Pito m te chen ou!”, anpil fwa se on koze “Ou pa tout chen!” Ou jwenn, ou ap fè frekan, alòs-ke gen moun ki ta renmen nan pozisyon ou—paske moun sa yo, y ap leve chen pou yo kouche, yo nan konpetisyon ak chen pou on ti lasibab…
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com