Anpil moun ki ret Pòtoprens pa moun Pòtoprens. Menm gen on pawòl ki ta vle fè kwè pa gen moun Pòtoprens, konmkwa tout moun Pòtoprens se ta moun vini. Men lè moun vini fè pitit on kote, timoun sa yo pa gen ni de ni twa peyi: kote yo kale a, se la yo moun. Se pou sa k fè nou gen peyi manman nou, peyi papa nou. Premye sans mo peyi a pou nou, se sans kote lonbrit nou antere, kote demanbre nou ye. Se lè nou pati, al nan peyi etranje, lide peyi vin gen sans Ayiti nan tèt tout moun.

Moun ki pa moun Pòtoprens yo, yo se moun pwovens. Gen pwovens ak pwovens: gen pwovens ki pre Pòtoprens, tèlman pre moun pa menm konsidere yo tankou pwovens. Moun Leyogàn, se moun Leyogàn, yo pa moun pwovens. Moun Kwadèboukè, se moun Kwadèboukè, yo pa moun pwovens. Ni Leyogàn, ni Kwadèboukè, se nen ak bouch yo ye ak Pòtoprens. Nenpòt ki lè moun ki soti zòn sa yo vle, yo ka al nan peyi yo. Yo nèk kanpe Sou Pòtay pa yo a, Pòtay Leyogàn osnon Pòtay Sen Jozèf, epi byen vag yo pran machin pou yo al lakay yo.

Alòske moun ki soti nan pwovens toutbon, moun Belans, moun Okay, moun Gonayiv, moun Latibonit, moun Tomonn, moun Beladè, moun Pòdepè, moun Jakmèl, moun Jeremi, moun sa yo, sitou lè yo fin tabli Pòtoprens depi yon bon bout tan, al lakay yo se pa on bagay fasil. Yo pa ka leve bridsoukou konsa yo pati. Yo te kite lakay pou y al chache lavi pi lwen, nan kapital la, Pòtoprens, yo pa ka antre konsa. Fò yo travay pou yo sere on ti lajan pou yo ka pran okazyon, lè nouvèl rive vin jwenn yo gen ka nan fanmi yo, ka aksidan, ka moun ki olidmò, ka lanmò.

Gen tras on konvèsasyon ki nan tèt mwen depi m te piti. Se te on konvèsasyon ant de granmoun. Yo pa t ap pale avè m, men yo t ap pale pou mwen tou. Fò nou rekonnèt sa: sa fè pati de jan yo fòme nou nan leve-jwenn nou. Lè nou timoun, si nou konn kouman pou nou fè ti kò n piti, granmoun ap pale nenpòt pawòl devan nou. Nou la, nou pa la. Se nou, se pa nou. Nou jis rete la, ap pran son.

Konvèsasyon sa a, se te lè nouvèl te vin jwenn Asefi, fè l konnen manman l mouri. Asefi se te on ti dam moun Manich, pa lòtbò Okay, ki t ap travay nan on faktori sou wout Ayewopò a. Malgre li te gentan gen 4 an depi l te tabli Pòtoprens, li pa t gen mwayen pou l te lwe vye bout kay pa l. Se te kay on madanm li te rele Matant Madan Jan li te fè ladesant. Asefi te kriye tankou on timoun piti lè nouvèl la rive a. Ak dekwa. Tout moun te pran lapèn pou Asefi. Tout moun te pwofite rakonte esperyans pèdi manman pa yo. Se te on sèl litani. “Ay, pitit mwen! Moso manman se pi gwo moso. Manman on sèl, papa plizyè. Ou pa ka ranplase manman. Se kot papa ki gen se pètèt, kot manman pa gen sa.” Moun yo reyaji tankou on kò mason. Menm moun manman yo te la toujou pa t ka anpeche tristès anvayi kè yo. Asefi pa t ka kenbe dlo nan je l. Men rezon ki te fè Asefi plis ap kriye a, ann di li te kriye de fwa, se te paske li pa t wè limyè lajan pou l te pati al nan peyi l, menmsi se pa t pou l te al tere manman l, gen lòt moun dèyè ki te ka okipe sa, men pou l te wè manman an on dènye fwa anvan yo mete l 6 pye 6 pous anba tè.

Konvèsasyon an se pa t sou do Asefi l te ye, men se te de Asefi de granmoun yo t ap pale. Lè on moun nan malè, se pa lè sa a ou pwofite pou ou ap pale l mal. Men te gen on reyalite ki te bay on okazyon pou tout moun aprann. Peyi Asefi lwen, okazyon l chè. Lè on moun soti nan on zòn ki lwen, fò l toujou degaje l pou l gen on ti lajan sere, anba malèt li, pou lè gen on malè pou l pa nan kouri. “Gade jan tifi a ap kriye la a. Si l te menm gen on ti bwat segre kote li t ap lage on degouden chak jou ladan l, konnye a, menm se kòb okazyon an, fò l ta jwenn. Se pawòl sa a wi yo toujou ap di nou an: Peyi ou lwen, okazyon ou chè!”

Nou tout nou konprann koze a. Sans mo ‘peyi’ a klè pou nou—nou wè sa deja: peyi on moun se kote l soti a, vil kote li moun lan. Lide ‘lwen’ an, se lide distans kote zòn sa a ye ak kapital la, Pòtoprens. ‘Okazyon’ se transpò piblik moun lan gen pou l pran pou l al nan peyi li, kit se te batiman li te pran pou l al Jeremi osnon Lakòt, kit se te otobis osnon kamyon li te pran pou l al Gwomòn osnon Okap. Pi lwen, pi chè! Si okazyon an chè, li pa p fasil pou moun lan jis pati al nan peyi l konsa.

Pawòl ‘Peyi lwen, okazyon chè’ a se on pawòl ki ta dwe fè moun ki sot nan pwovens fonksyone on jan ki diferan ak moun Pòtoprens. Yo pa gen tan pou yo betize, yo pa ka chita sou wozèt yo toutlasentjounen. Se chache yo vin chache, yo pa vin lage piyay.

Lè m t ap fè rechèch pou m te ekri kwonik sa a, gen on kanmarad, nèg Fò Libète, ki di m grann li te konn sèvi ak pawoli “peyi lwen, gonbo di”, nan sans lè jaden ou lwen ak lakay ou, gonbo ou gendwa rèk sou pye anvan ou al keyi yo—alòske gonbo pa dwe rete jis li rèk sou pye, sòf si se plan ou vle fè avè l.

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *