Semenn pase m te anonse nou, nan fen dezyèm pati a, m konsidere va Minis Jistis ak Sekirite piblik Ayisyen an, Msye Jan-Jozèf Egzime, fè sou jounalis Vizyon 2000 la, Valeri Nima, jou Lendi 19 Janvye 2009 la, se on demach ‘dwèt bouwo’. Jijman sa a, se pa on pawòl ki tonbe konsa konsa: m ap mennen nou dèyè pawòl Minis la yo pou nou al fè pwòp konsta pa nou. Men, an menm tan n ap fè demach sa a, fò n tabli sans lapawoli ‘dwèt bouwo’ a klè pou tout moun.
Lè nou te timoun, ni mwen ni ou, nan fè jwèt, nou te konn fè dekouvèt nan lang nou, nan leve-jwenn nou. Konsa, nou te aprann anpil prensip ki enpòtan, san pyès moun pa t oblije mete n chita pou yo montre nou yo. M pa ka chonje kantite prensip nou aprann ak dwèt men nou—wi, m byen di dwèt men nou, m pa di dwèt pye nou. Men nou pa t manke pa sèvi ak dwèt nou! Lè nou pa t ap pase on fil antre soti nan dwèt nou pou nou te aprann fè prizonnye sove, nou t ap aprann bay siga osnon ba yo douk, mare chen, pou anpeche yo vin sal lari devan lakay nou.
Youn nan aktivite m chonje nou te konn fè ak tou le senk dwèt men nou yo te gen chante ladan l tou. Nou kòmanse ak ti dwèt la, nou pase youn pa youn sou chak dwèt yo, jis nou rive sou dwèt gwo pous la: “Sa a di: ‘Manman, mwen grangou!’ Sa a di: ‘Sa pou m fè pou sa!’ Sa a di: ‘An n ale vòlè!’ Sa a di: ‘Si yo bare nou!’ Sa a di: ‘Mwen menm, m pa ladan l!’” M si nou rekonnèt ‘dwèt gwo pous’ la nan ‘mwen menm, m pa ladan l’ lan. Dwèt gwo pous toujou apa, li toujou kanpe pou kò l, li pa mele nan afè moun—magazen l se klou, li pa pran konmi! M si nou rekonnèt ‘dwèt long’ tou. Se li menm, papa chat osnon manman chat, ki di ‘an n ale vòlè’ a. E dwèt ki di ‘si yo bare nou’ an, kilès li ye? Wi, se li menm ki ant ‘dwèt gwo pous’ ak ‘dwèt long’ lan. Li konn de ki sa l ap pale, ‘landjèz’ la, ‘lang long’ lan, ‘jouda’ a! Se li menm wi ki ‘dwèt bouwo’ a; yo rele l ‘dwèt jouda’ tou. On bouwo prizon, on jouda k ap mache denonse. Se metye l!
Wòl on moun ki ‘dwèt bouwo’, se lonje dwèt li sou moun, se bay moun kout dwèt. Tèlman se espesyalite l, yo pa menm bezwen di ‘lonje dwèt bouwo’ osnon ‘bay kou dwèt bouwo’. Ant 22 Septanm 57 ak 7 Fevriye 86, dwèt bouwo reskonsab anpil moun al chwe Fò Dimanch osnon Rechèch. Gen on kanmarad ki te di m lide dwèt bouwo a gendwa pa mache pou Minis Egzime, paske msye gen on repitasyon militan dwa moun. Gendwa se vre. Men, konbyen fwa on moun konn ap goumen kont on sistèm, epi l al kale menm sistèm lan lè tou pa l rive pou l pran pouvwa!?
Men sou ki fòm, Minis Egzime te bay Valeri Nima kout dwèt la: “ ‘Supposons un moment que’ m t ap aksepte tou sa ke yo di, petèt ke m ta oblije, ou menm, fè arete ou!” Pi devan, li vin di: “Enben ‘sachez que’, ou menm, yo site non ou kòm etan on nèg ki enplike nan bagay la tou. […] Kòmsi ke ou gen kòb nan men ou! […] Yo di ke, ou menm, ou enplike nan bagay la, paske ou gen kòb Pòdepè a nan men ou!”
M tande moun ki di Minis la se on sipozisyon li t ap fè. Yo pran bout fraz Franse ‘supposons un moment que’ a kòm baz lojik. Men sipozisyon Minis la fè a, se pa sou akizasyon li di ki genyen deyò a sou Valeri Nima a. Non, Minis la klè. Li bay presizyon: “ ‘Sachez que’, ou menm, yo site non ou…” Fòm sipozisyon Minis la, se pou l jistifye bay laprès rezon ki fè lajistis pa fè tout aksyon li ta dwe fè kont moun yo akize nan dosye Pòdepè a. Sa Minis la di a, m tande l tankou on prigad li voye bay tout laprès ki cho devan bann lan. Men ki jan m tande prigad sa a: “Si pou m ta ap aji kont tout moun yo nonmen non yo nan dosye Pòdepè a, fò m ta aji an premye kont frè bra nou, Valeri, paske non l nonmen tou.”
Lè n ap gade fason Minis la bay kout dwèt la, nou wè se pa on bagay an jwèt. Se gwo kalkil ki fèt. Minis la te ka al envite tèt li nan nenpòt lòt segman ‘L’Invité du jour’—se sa k pa manke, tout radyo gen on segman konsa nan nouvèl yo. Konsa, li ta voye on mesaj endirèk bay Valeri Nima. Non, Minis la chwazi pou li envite tèt li sou Vizyon 2000, epi li lage bonm lan. Reyaksyon: on silans 3 segonn! (Al regade kwonik 4 Fev. 09 la.) Fò n bay jounalis la sa k pou li tou: tankou on bon kòk, li pran on pataswèl, men li resezi l tousuit; li bite, men l pa tonbe. Nan repons rapid-faya li deklannche ak Minis la, ou wè li pa pran nan kaponnay la.
Si nou gen dout Minis la pa t fè on kout dwèt, an nou gade repons li bay lè Valeri di “Yo ta gendwa entèpele m?”: “Non, men, ‘c’est sûr et certain que’ y ap entèpele ou.” Èske nou remake gen on ti bout fraz Franse ki parèt chak fwa Minis la ap montre pozisyon otorite l—‘supposons un moment que’, ‘sachez que’, ‘c’est sûr et certain que’?
On dènye mo: gwo pawòl akizasyon yo, tankou ‘ou gen kòb Pòdepè a nan men ou’ tonbe an Kreyòl. Tout peyi a nèt tande yo. Men lè Minis la, swadizan di eskize se lizay la, se an Franse pawòl la tonbe. Nan konbyen zòrèy pawòl sa a antre? Èske de twa pawòl Franse dwe vire lòlòy moun k ap reflechi? Adyeridan!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com