Lide seri kwonik sa a vin nan tèt mwen apre ‘bagay Egzime/Nima’ a. Nou dwe ap mande pou ki rezon m sèvi ak mo ‘bagay’ la. Repons lan senp. Depi nan tit la, nou ka wè ki jan m an de lide: pawòl m ranmase anba bouch fè m konprann chak moun konprann sa k te pase a jan pa yo. Yo pa ka deside si se on ‘ensidan’, on ‘kaponnay gwo ponyèt’, on ‘deblozay’, on ‘gwo zen’, on ‘mechanste’, on ‘maldòn bouch chape’…
De ki sa n ap pale, ojis? Lendi 19 Janvye 2009, nan segman ‘L’Invité du jour’ (‘Info Vision’/Radyo Vizyon 2000), Valeri Nima (VN) te resevwa Minis Jistis la, Jan-Jozèf Egzime (JJE). Nannan entèvyou a, se te sou dosye Pòdpè a, on dosye dwòg. M transkri pou nou on pati enpòtan nan entèvyou a. Semèn pwochèn n a kòmanse fè kòmantè.
[…]
VN: Nan kad dosye sa a nou wè genyen on ansanm de moun yo te deja entèpele, yo vin avèk yo Pòtoprens, yo reale avèk yo Pòdepè, ansuit m tande avoka, maten an ankò, pale, denonse lefètke yo retounen avèk yo Pòtoprens, de bagay desejan… Ki sa k esplike ale-vini sa a nan dosye a?
JJE: Bon, natirèlman, ou konnen ke, an matyè de dwòg, premyèman ou gen ekstra-jidisyarite a m te ka di. Bon, … menm pou pwoteksyon, paske se on zòn ki vrèman trè difisil, ou dakò avèk mwen? Donk menm pou pwoteksyon moun sa yo, mwen m estime ke, sevreke nou menm nou pran responsablite nou e ke nou pase ‘les instructions qu’il faut’ pou ke moun yo, ‘dans la sérénité’, sa ke nou bezwen ‘dans la sérénité’. ‘L’enquête n’est pas finie.’ Moun sa yo ke yo entèpele, ke yo arete, se pa de moun, se kòmsi m ta di ou ankèt la fini, gen tout yon seri de lòt mezi ki pral pran, gen de lòt moun nesesèman ke yo pral entèpele. ‘Donc il faut attendre’. Donk ou pa bezwen, moun yo pa bezwen, ni avoka, ni ankenn moun, ni ou menm, nou pa bezwen wè sa ‘d’un mauvais oeil’, ‘le fait que’ gen ale vini. Fò yo ale devan jij yo kanmèm.
VN: Oke dakò. Mentan, gen ‘de nouvaux éléments’ nan dosye a. Gen komisè de polis, Filip Jan-Remon ki desede. Natirèlman, men lòt pwoblèm ou wè yo pral repwoche laprès la, ‘Monsieur le Ministre’, entre nous, trè souvan lè ke genyen yon ankèt ki gen pou fèt, nou tèlman abitye avèk ankèt ‘l’enquête se poursuit’, sa vin fè ke laprès on ti jan vin pi vijilan jodi a, pou omwen veye, kèlkeswa eleman l vin genyen, ‘dès lors que’ li gen on minimòm de verifikasyon bò kote on ofisyèl, li oblije bay li pou ede sosyete a wè klè, paske talè l pral, yo pè pou dosye a pa kouvri, pou ke on lòt bagay pa vin ranplase l. Se sa k pwoblèm lan la a. Ou konprann…
JJE: Mwen konprann trè byen sa Valeri. Okontrè, mwen menm, mwen trè dakò avèk ou. Men erezman pou nou, erezman pou nou ke jistis lan, menm si yo akize l pafwa de konplisite, de lantè, tou sa ke ou vle, li pa aji menm jan avèk sèten voye monte ki fèt. Paske, ban m di ou on egzanp senp, ‘supposons un moment que’ m te itilize on bagay ekspeditif jan ke yo vle fè a, ke lajistis te ekspeditif, jan ke yo mande l la, ou konnen ke nòmalman, premye ‘suspect’ a nan tout bagay sa yo, se ta monnami Jelen. Ou konnen ke jij Jelen se mwen ki te mete l nan sistèm jidisyè a, en, ant parantèz? Donk, m pa gen on pwoblèm avèk li. E m pa ta ka gen on pwoblèm avèk li, paske sa ke m bezwen an reyalite sèke ankèt la kontinye. Paseke, gen anpil voye monte. ‘Supposons un moment que’ m t ap aksepte tou sa ke yo di, petèt ke m ta oblije ou menm fè arete ou.
[Silans: 3 segonn]
VN: Ou ap pale de kiyès?
JJE: Ou menm! Ou menm, Valeri Nima!
VN: Pou ki dosye?
JJE: Sou dosye sa a!
VN: Ki rapò?
JJE: Paseke, enben se sa wi. Ou wè, ou wè ki jan ou etone. Enben, ‘sachez que’ ou menm yo site non ou kòm etan on nèg ki enplike nan bagay la tou.
VN: A ki tit?
JJE: A ki tit? Kòmsi ke ou gen kòb nan men ou!
[VN fè on demi ri, tankou pawòl la rizib: ‘Aaa, oke!’]
JJE: Non, men se sa wi ke m vle esplike pou ou a. Men, m pa pral kouri di paske yo di sa ke se vre. ‘Non, mais c’est une chose très sérieuse, Valéry!’ Menm jan ou wè ke y ap kòlpòte de bagay, y ap veyikile de bagay, yo veyikile de bagay sou ou tou. Yo di ke ou menm, ou enplike nan bagay la, paseke ou gen kòb Pòdepè a nan men ou. Ou panse ke m pral kwè sa yo di a, egzakteman se laverite, m pral otomatikman di, ‘dans ce cas’, fò nou mete Valeri ‘sous les verrous’. Non, se pa konsa sa fèt!
VN: Yo ta gendwa entèpele m?
JJE: Non, men, ‘c’est sûr et certain que’ y ap entèpele ou. Men, mwen menm, sa ke m vle di ou, sèke lè ke yo te mande pou ke nou menm nou arete X, arete Y, donk nou pa fè li, nou pa pase enstriksyon pou fè l, paske nou konnen ke se yon sektè ki sansib, gen anpil bagay, eksetera. Donk sa vle di ke n ap fè travay nou… Tout antite jidisyè yo, tout antite bagay yo, y ap fè travay yo, Valeri. Se sa pou nou konnen.
VN: Sa nou menm nou te di, sèke nou konnen ke nan kad dosye dwòg, sitou nan kad dosye sa a, yo gen angajman ke de jounalis pran, nou menm patikilyèman, nou konnen ke kanmenm gen anpil lojik de divèsyon tou. Nou menm, se youn nan rezon ki fè nou di, nou dwe avanse avèk dosye a, menm lè gen de bagay ki fèt… Ou tande ki enfòmasyon k ap sikile. Mentnan, ann retounen, pou n pa pèdi kote n te ye a …
[…]
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com