“Se on bagay ki tris wi, mezanmi, pou yon ekip gran jakèt kanpe ap fè literati toujou sou do pèp sa a ki soti anba dekonm depi le 12 janvye, e ki jis jounen jodi a ap viv anba tant toujou! Si 12 janvye pa chanje moun sa yo, pa gen anyen k ap chanje yo. Se on bann pawòl anpil sou tout bagay! Kote maladi sa a soti mezanmi? Politik? Zewo! Netwaye lari? Zewo! Travay? Zewo! Edikasyon? Zewo! Pale anpil? Dis sou dis! …”

Pawòl sa yo touche m jis nan zo, malgre m konnen se pa avè m sitwayen an t ap pale. Se on sitwayen militan, ki te achte on mikwo radyo lajan kontan. Pwoblèm lan se pa pale a (piske sitwayen an li menm tou oblije pale pou l di sa k pa fè l plezi), non, pwoblèm lan se de ki sa n ap pale, ki sa n ap di, pou ki rezon n ap di l.

Nan seri “Pawòl apre 12 janvye” yo, nou rive, depi semenn pase, sou “pawòl chanje non lang lan”, on pawòl ki te la depi byen lontan, men sanble koze “refondasyon” an mande pou y al chache l anba dekonm. Rezon ki fè koze sa a plis atire atansyon m, se paske li parèt on kote m pa t ap tann li (on pawòl malen!), nan yon atik Woje Saven sou nesesite pou n reflechi sou pwoblèm tradiksyon dokiman ofisyèl ak tout papye Leta an kreyòl—si gen bon jan volonte pou Leta obeyi pawòl konstitisyon an di nan atik 40 lan (Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra, ak papye li siyen ak lòt peyi.)

Youn nan agiman Saven, se yon lide li devlope lè l ap di li dakò ak atik Jan Previyon (Jean Prévillon) an, “What’s in a Name?” (1993): “Après quelque deux cents ans, il convient de reconnaître l’identité linguistique de chaque peuple, grand ou petit. Les langues dites romanes sont depuis longtemps désignées par les noms des peuples qui les parlent: catalan, espagnol, français, italien, portugais, occitan, roumain. De même, les langues dites “créoles” doivent être reconnues comme des langues distinctes ayant chacune ses particularités historiques, traditionnelles, folkloriques et religieuses qui se reflètent dans l’articulation, le vocabulaire et la syntaxe définis par le peuple qui la parle.” [Apre on peryòd 200 zan, fò yo rekonnèt idantite lengwistik tout pèp, ti pèp kou gwo pèp. Lang yo rele lang womàn yo, depi lontan, se non pèp ki pale yo a yo ba yo: katalan, espayòl, franse, italyen, pòtigè, oksitan, woumen. Menm jan tou, lang yo rele “kreyòl” yo, se pou yo rekonnèt yo chak kòm on lang ki pote, nan sistèm li, vokabilè l ak sentaks li, istwa, tradisyon, fòlklò, relijyon pèp ki pale l la.]

On lòt agiman Saven parèt sou fòm on remak: Se pa pèp Sendomeng lan ki te chwazi non lang lan: se kolon fransè yo ki te rele l konsa, e se konsa tou yo te rele ni moun, ni zannimo, ni grennbwa ki te leve nan koloni an… Se konsa Saven reponn Iv Dejan ki te di: “Anvan yon moun chèche esplike pou ki sa li ta vle chanje non lang pèp ayisyen pale a, li ta bon pou li kalkile yon ti keksyon: ki dwa yon moun pou li chanje non yon lang ki la nan yon peyi depi plis pase 200 ane? / Moun ki pale kreyòl ann Ayiti, depi sou tan lakoloni, rele lang yo pale a kreyòl. Yo pa rele l ayisyen. Ki dwa kèk entelektyèl pou yo chanje non lang tout yon pèp?” (nan ‘Èske se pou nou chanje non kreyòl la?’) Men Dejan di plis pase sa.

Nan yon atik ki rele “Le créole ou l’haïtien. Changer le nom de la rose?” (atik sa a parèt sou sit Haïti-Nation dimanch 7 fevriye 2010), Dejan pati kont lojik “non on lang = non pèp ki pale lang lan”—on lide Frimann (Freeman) te eseye defann nan prefas on diksyonnè li pibliye ak Lagè (Laguerre) an 1996. Si n ta tcheke sou tout kontinan yo, se ann Ewòp nou gen plis chans jwenn lojik sa a—sitou ak lang womàn yo jan lis Saven an montre a. Men menm ann Ewòp, Dejan presize: Ilandè ak Ekosè yo pale angle avèk/osnon gayelik: yo pa pale ilandè osnon ekosè; Bèlj yo pale franse, flaman osnon alman: yo pa pale bèlj; Suis yo pale alman, franse, italyen ak reto-woman: yo pa pale suis … Ann Amerik di Nò, Amerik Santral, Amerik di Sid, lojik non lang = non pèp la pa mache. Sou lòt kontinan yo, lojik la pa egziste nonplis. Pètèt nou ta dwe reflechi plis sou reyalite sa a ak Dejan: Gen sèlman 189 eta ki manm Nasyonzini alòske yo fè estimasyon nan zòn ant 5 mil ak 6 mil lang ki egziste sou latè…

Kidonk, lojik sa a, se nan tèt kèk grenn moun li ye. Siman li dwe gen on lòt bagay dèyè l. Frimann pale de “diyite”. Konbyen Ayisyen Frimann konnen ki jennen paske yo rele lang natif-natal yo kreyòl la? Kilès yo ye? Pètèt se paske Frimann li menm li wè, osnon li rive konvenk kèk moun, mo “kreyòl” la se on mo ki vag, ki pa vle di anyen, ki san sans… “Kreyòl pale, kreyòl konprann!” Tout Ayisyen di sa. Kreyòl se on referans klè nan tèt tout Ayisyen. Yo konnen lè moun ap pale an daki ladan l; yo konnen lè moun ap pale l tankou Blan; yo konnen lè on Blan pale l kou rat; yo konnen lè on moun pran pòz pa konn pale kreyòl; yo konnen tou lè on moun pa konn pale kreyòl…

Nan zafè lang, gen koze ki enpòtan pou n pale, sitou apre 12 janvye. Pawòl chanje non lang lan, l ap toujou la … pou tout moun ki vle bat bouch yo nan koze kreyòl, men ki pa ka antre on pous nan reyalite lang lan!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *