Nan ekip “pawòl reflechi” moun ap fè deba sou yo apre 12 janvye a, nou jwenn kesyon non lang tout Ayisyen alawonnbadè pale a: “kreyòl” osnon “ayisyen”? Se pa on kesyon ki fenk parèt: li la depi byen lontan, anvan 12 janvye. Men tanzantan yo tounen avè l, san ou pa wè pou ki rezon. Èske se on maladi, on maladi fè diskisyon sou mo, on “logomachi”, jan yo ta di nan yon langay save—dapre 2 rasin grèk: logos = pawòl, makè = goumen / batay, kidonk “pale anpil… pou granmesi”.
M te pale semenn pase a de yon atik Saven k ap defann lide pou ta gen yon demach refondasyon nan aktivite ekri ak tradui dokiman ofisyèl an kreyòl si gen volonte pou yo respekte toutbon vre pawòl konstitisyon an nan atik 40 lan ki di (selon vèsyon Pòl ak Iv Dejan an): “Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra, ak papye li siyen ak lòt peyi.” Sa k etone m nan atik sa a, se paske otè a chwazi pou l fè on devire nan kesyon non lang lan anvan l abòde pwoblèm li di ki enpòtan yo. Kidonk kesyon non lang lan enpòtan pou li tou; gendwa menm se li menm ki pi enpòtan. Pou ki rezon? Logomachi?
Saven pran prèske on uityèm nan atik la (600 mo sou 4.900) pou l pale de kesyon non an. Li di se on kesyon ki la depi plis pase 70 an, on kesyon moun debat ak konviksyon nasyonalis. Li di Jan Praysmas (Jean Price-Mars) te pami premye moun ki te antre nan kesyon an: “Èske kreyòl dwe on jou vin tounen lang ayisyen menm jan gen on lang franse, on lang italyen, on lang ris?” (kesyon li poze, dapre sa Saven di, nan paj 16 “Ainsi parla l’Oncle”) Nan moman m ap ekri kwonik sa a, m pa gen liv Praysmas la anba men m, men pasaj Saven site a pa montre se nan on diskisyon sou non lang lan Praysmas antre; kesyon an se: èske lang tout pèp ayisyen an pale a ap vin tounen on jou lang Leta rekonèt ki dwe sèvi pou tout fonksyon enpòtan lavi pèp sa a menm jan sa fèt pou lòt pèp. Kidonk se pa on kesyon sou fòm, se on kesyon sou fon!
Saven li menm, ki plis enterese nan fòm, panse li jwenn repons kesyon otè “Ainsi parla l’Oncle” lan nan yon atik lengwis Dominik Fatye (Dominique Fattier) ki parèt an 1989, “Portraits de bilingues francophones haïtiens”. Fatye ekri: “Haiti: Un pays de langues en contact, un pays où quatre langues sont en contact. La première de ces langues est l’haïtien. C’est l’élément commun d’identité nationale le plus puissant; c’est également la composante la plus innée de la culture et son véhicule; c’est la langue-racine.” (Ayiti se on peyi kote lang an kontak youn ak lòt, on peyi kote kat lang an kontak. Premye a se ayisyen. Se li menm ki pi solid nan fòmasyon baz idantite nasyon an; se lang rasin pèp la.”
Dominik Fatye se on moun mwen konnen; li te pwofesè m nan Sant Lengwistik Aplike (Inivèsite Leta Ayiti) soti 1982 rive 1985. Premye refleksyon m sou rapò ant leksik jeneral lang lan ak leksik domèn patikilye, tankou leksik bòlèt osnon leksik jwè domino, se avèk li m kòmanse fè yo. Pa t janm gen diskisyon nan kou sosyolengwistik li sou non lang lan. Pètèt nan deba sou 2 gwo branch lang kreyòl yo, kreyòl Oseyan Endyen yo ak kreyòl Karayib yo, li ta vle idantifye kreyòl nou pale ann Ayiti a tankou ayisyen (ki vin distenge l ak kreyòl matiniken, dominiken, gwadloupeyen…), men se pa nan yon demach pou l opoze etikèt kreyòl ak etikèt ayisyen.
Saven, san l pa bay referans lan klè, ni tou san l pa mansyone nan ki kontèks, di Pradèl Ponpilis
(Pradel Pompilus) siyale sa fè plizyè lanne “Maximilien Laroche et d’autres créologues ne désignent notre langue maternelle que par le syntagme ‘l’haitien’, kidonk ‘Maksimilyen Lawòch, (ansyen pwofesè literati nan Inivèsite Laval), ak kèk lòt kreyològ pa rele lang natif-natal nou an lòt jan: ayisyen.) Èske sa vle di Ponpilis li menm tou li ta prefere rele lang lan aysisyen pase li rele l kreyòl? M pa wè sa nan travay li fè.
Rive jis nan pwen sa a, nou po ko janm wè pou ki rezon Saven li menm li kòmanse atik li a ak koze non lang lan. Li site pozisyon Iv Dejan (Yves Dejean) tankou yon prigad sou demach li a ak demach anpil lòt moun: “Anvan yon moun chèche esplike pou ki sa li ta vle chanje non lang pèp ayisyen pale a, li ta bon pou li kalkile yon ti keksyon: ki dwa yon moun pou li chanje non yon lang ki la nan yon peyi depi plis pase 200 ane?” “Moun ki pale kreyòl ann Ayiti, depi sou tan lakoloni, rele lang yo pale a kreyòl. Yo pa rele l ayisyen. Ki dwa kèk entelektyèl pou yo chanje non lang tout yon pèp?” (nan ‘Èske se pou nou chanje non kreyòl la?’)
Saven esplike Dejan pran abò Nani Pyou (Nanie Piou) ak lòt kòlèg li yo [m ap presize: Klè Lefèv (Claire Lefebvre), Ilda Koupmann (Hilda Koopman), Elèn Maglwa-Oli (Hélène Magloire-Holly)] paske yo pibliye an 1982 yon liv ki rele “Syntaxe de l’haïtien” (Sentaks ayisyen) [olye yo rele l “Syntaxe du créole haïtien” (Sentaks kreyòl ayisyen)]. Konsa tou li pati abò Inivèsite Bostonn ki te anonse yon kou “Kilti ayisyen … ki t apral fèt ann ayisyen” osnon abò Jan Jonasen, ki te deklare nan nimewo 19 ‘Collectif Paroles’, se ayisyen l ap rele lang lan, li pa ka rele l kreyòl…
Lojik Saven li menm, se yon grenn remak: Se pa pèp Sendomeng lan ki te chwazi non lang lan: se kolon fransè yo ki te rele l konsa, e se konsa tou yo te rele ni moun, ni zannimo, ni grennbwa ki te leve nan koloni an…
Lojik? Logomachi?
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com