12 janvye 2010 – 12 jen 2010: sa ap kouri sou 5 mwa osnon sa gentan gen 5 mwa—sa depan ki lè n ap li kwonik sa a. 5 mwa depi nou te frape. 5 mwa depi nou te pran on pataswèl desounen. Sa k ret vivan toujou, tankou tibebe lè fenk antre nan poumon yo, pete plizyè rèl anmwe; apre sa, an bon kretyen vivan, youn pale ak lòt pou nou di ki jan nou santi nou. M te fè kou pa m tou nan on seri 9 kwonik, nèf tankou nevèn, “Nou frape”, ki te parèt soti 20 janvye rive 17 mas 2010. Nan dènye kwonik nan seri a, “Epi nou tonbe pale…”, m te pale de on kesyon ki enpòtan pou mwen kòm lengwis: “wòl lang lan kòm temwen, kòm achiv evennman ki pase nan lavi nou”.
Depi 12 janvye a, m tande on bann pawòl, pawòl m te konn abitye tande, pawòl m pa t janm te konn tande anvan, men yo tout sanble pawòl ki abiye espesyalman pou vin pale de sa k pase a. Pou m retounen sou pawòl sa yo, m ap prete anpil pati nan kwonik 17 mas la.
Premyèman, se non sa k pase a. Diferan moun ki t ap pale nan mikwo radyo Siyal FM te rele l ‘Bagay la’. Nan tan nòmal, anvan 12 janvye, nou te konn sèvi ak mo ‘bagay’ la anpil nan diferan kontèks. ‘Bagay’ se te mo ki te toujou sèvi, e k ap toujou sèvi, pou n pale de yon objè, yon sitiyasyon, nou bliye non l osnon nou pa vle nonmen non l. “Kote bagay la m te ba ou kenbe pou mwen an, Joslin?” “Ou chonje bagay la m te di ou la, Ti Mari, li pa p fèt ankò non!” “M antre nan boutik la, m konnen m bezwen on bagay, men m bliye sa l ye.” On ‘bagay’ tou gendwa se on moun endezirab, on demeplè: “Gade kote m chita chita m, epi bagay la sot kote l soti, li vin gate san m!”
Apre le 12 janvye, ‘bagay’ vin pran on lòt sans: sans on pawòl libera pou detounen move zè: “Lè bagay la fin fèt, m pa rekonnèt kote m ye.” On manman bagay! On papa bagay! On kokenn bagay! On sèl bagay! Gen moun ki tande bagay la fè ‘bou-doum! bou-doum!’ Gen lòt ki tande l fè ‘glou-doup! glou-doup! Tou lòt jou, m sezi tande jounalis sou Rayo Ginen, nan pwogram GAM (Ginen Aktyalite Magazin), k ap pale de ‘goudougoudou’ (“Depi apre ‘goudougoudou’…” “Goudougoudou pa t bay chans…”) Sa fè m chonje yon atik an franse m te wè ki t ap pale de tranblemanntè Okap la an 1842—yo te sèvi ak pawòl sa a nan atik la… Imitasyon son sa moun tande se onomatope, ki vle di ‘fè non’ dapre orijin grèk mo a. Tout moun pa t tande menm bagay. Tout moun pa t menm kote. Chak moun fè esperyans pa yo, selon kote yo te ye a: anndan kay dal beton, anndan kay tòl, nan lari, a pye, sou taksi-moto, sou bisiklèt, nan machin, nan mache, nan jaden, nan faktori, bò dlo, sou dlo, sou kabann lopital… Kidonk, tout moun pa t tande son yo menm jan, yo chak te tande l ak on zòrèy diferan, zòrèy esperyans yo, esperyans son yo gen nan achiv yo. Nan eseye mete sou papye sa nou kwè nou tande moun yo di yo te tande, nou entèprete son yo tou…
On dezyèm remak m fè, se jan yo pale de fenomèn tranblemanntè a. Gen moun ki di, pètèt nan lide pou defann gouvènman an ki pa bay bon rezilta, pyès moun pa ta ka prevwa tranblemanntè pral pase (sou) Ayiti. Nan di ‘tranblemanntè pase’, gen yon pwoblèm: moun yo konsidere tranblemanntè a tankou on siklòn—poudayè, anpil fwa, bouch yo chape: yo di “Depi siklòn lan…” olye yo di “Depi tranblemanntè a…”. Nou ka di ‘siklòn pase’ paske siklòn yo gen on kote yo fòme, gen on wout yo pran pou yo vin frape on zòn, alòske on tranblemanntè jis fèt: se nan fòmasyon jeolojik tè peyi a esplikasyon tranblemanntè a ye—presyon bouyi moute nan fay yo, depase limit jis li brase bil tè a … Men nou konprann mesaj ‘tranblemanntè pase’ a: moun yo abitye ak siklòn, yo pa abitye ak tranblemanntè. Se tankou yo pa t gen koze tranblemanntè a nan memwa leve-jwenn yo.
Sa fè m pè. Sitou lè m ap reflechi sou pawòl yon dam ki t ap pale ak yon repòtè Siyal FM pou l esplike li pa t konprann sa k t ap pase lè tranblemanntè a: “M pa konn sa k rele tranblemanntè.” Se vre pa gen nou youn ki janm tande pale de sa lè n te piti. Li pa nan memwa grandèt yo. Menm lekòl pa janm di nou anyen sou sa. Sa k fè sa? Kote memwa nou? Epoutan, nenpòt ti bout rechèch ap fè n wè gen plizyè tranblemanntè ki fèt sou 2 fay sismik ki nan fondasyon Il Ispayola a, Fay Septantriyonal la (F.S.) ak Fay Anrikiyo a (F.A.): 1842, 1887, 1904 sou F.S. la; 1751, 1770, 1860—anvan kou 2010 la—sou F.A. a. Pou ki sa k fè nou pa gen memwa evennman jeolojik sa yo? Èske se paske nou pa vle chonje? Èske se paske nou te konn reyaji menm jan nou reyaji apre evennman 12 janvye 2010 la—konmsi se te on chatiman Bondye, fòk nou evite pale de sa?
Twazyèm pawòl ki te atire atansyon m, se te ‘anba dekonm’. M pa t abitye ak mo ‘dekonm’ lan nan lang lan. Ni tou konnye a, m pa tande moun di ‘dekonm’ konsa, nan tout kalite kontèks—paske mo a po ko fin (fè) chita (l) nan lang lan. Se ‘anba dekonm’ ki pawoli a. ‘Chaje moun ki anba dekonm toujou, jounen jodi a, apre tout tan sa a.’ Se on pawòl m tande regilyèman. Kidonk moun sa yo mouri (yo pa ka vivan toujou), se kadav yo ki anba dekonm lan jiskaprezan. Men gen lòt moun ki gen chans: ‘Yo rale Entèl anba dekonm—pye l kase, se vre, men li anvi. Letenèl pi fò!’
N ap kontinye semenn pwochenn ak “Pawòl apre 12 janvye…” yo.
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com