Tradisyon m eseye tabli ak nou pou m pale sou sezon Nwèl chak ane pa janm ka pran paske nou toujou antòtye nan on koze Tonton Nwèl. An desanm 2005, m te poze nou kesyon “Èske nou kwè nan Tonton Nwèl?”… epi se konsta nou te fè Tonton Nwèl pran pretèks kidnaping pou l pa pase. An 2006 m te di “Tonton Nwèl, m tounen nan kò ou ankò!”, tankou on gwo san wont, pou m “mande ou yon grenn bagay: pote on ‘konsyans politisyen reskonsab’ ni pou Premye Minis lan, ni pou Prezidan an. Pote tou pou tout minis yo. Pote pou tout politisyen nan peyi a, pou mwen. Mèsi!” Depi 2007, m pa kontinye, paske m remake se mouvman nil.
Ane sa a, 2010, se pi rèd: nou pran nan Tonton Nwèl pou toutbon. Depi byen bonè, nou kòmanse pran pataswèl. 12 janvye vin tounen on dat (Douz Janvye) nan vi nou. Epi nou tonbe nan K ak Kolera, nou deklare KKK (Konbit Kont Kolera). Epi!? Nou fenk kare nan ka ak deblozay eleksyon. Nou menm pran nan twa wa, twa kandida pou prezidan ki, nan batay premye tou, ta renmen al fè on kou sou fotèy boure apre dezyèm tou. Yo tout pale. Yo tout gen rèv yo. Yo chak ap tann Tonton Nwèl pa yo, nan sans pa yo… twa wa, non, de wa, on rèn, ki lage nou nan kouri… ak mesaj yo le 8 desanm 2010. M ban nou yo nan lòd. Se kado Nwèl nou…
“Menm jan apre eleksyon, gen yon dividal lòt moun ki dwe pran responsabilite yo. Kanta pou mwen menm, m ap kenbe kin alaganach avèk nou. Mwen tande chif K.E.P. a bay; yo pa koresponn ditou ak pwosèvèbal pa m yo, paske daprè chif pa nou, fòk mwen ta pi wo lontan. Nou pral reklame dwa nou. M ap envite tout moun ki gen reklamasyon, pou yo fè menm jan, pou yo fè l nan tèt frèt, jan lalwa mande. Se poutèt sa, mwen mande on evalyasyonn endepandan pou pwòpte rezilta sa yo. Mwen espere laverite a ap djayi ni sou kantite vwa pa m, ni sou pa lòt kandida. Moun ki fin awoyo nan fè fwod, ak zòt ki ankouraje yo, oubyen ki fèmen je yo sou move [dosye?] sa yo, y ap konn sa pou yo di ak konsyans yo, devan yon pèp ki nan grangou, ki pa gen kay, k ap mouri anba kolera, devan yon pèp ki merite tou sa ki bon, men ki nan tout malsite. Nou di moun sa yo pinga! Pèp sa a, mwen redi nou li ankò, li gen moun ki ka defann li. Mwen menm, mwen menm, Milann Maniga, mwen se youn lan yo. M pral sonje sa nèt alkole. M ap pwofite pou m voye yon gwo mèsi bay tout moun ki te vote pou mwen, avèk tout difikilte nou viv, tout magouy ke nou te reyisi kwape jou dimanch sa a. Batay la po ko bout. N ap rete kanpe dèyè vòt nou, e nou pa p pèdi batay la. Ansanm! Ansanm! Ansanm! Jouk nou pote laviktwa!”
“Pèp ayisyen, m ap di ou mèsi pou lanmou ke ou gen pou mwen, e mwen koube byen ba pou m salye nou toupatou. Depi yè swa, K.E.P. a lage peyi a nan yon tchouboum avèk rezilta malatchong li an. Depi lè sa a, tout peyi a leve kanpe pou l rele chalbari dèyè yo pou mande respekte vòt pèp la. Ni kominote entènasyonal la, ni CNO, ni fowòm ekonomik la, tout lòt obsèvatè yo, deklare ke rezilta sa a se pa bon rezilta a. Mwen konprann kòlè nou. Manifeste san vyolans se dwa pèp la. M ap mande nou veye enfiltrasyon ak pwovokasyon pou zòt pa vin lage responsabilite sou do nou. Veye anwo, veye anba. Mwen avèk nou jiska laviktwa, tèt kale. Michèl Mateli, kandida a la prezidans, Repons Peyizan.”
“Pèp ayisyen! Apre senk siklòn, on tranblemanntè, on epidemi kolera, pye Ayiti glise, men Ayiti pa tonbe. Nou remake gen kèk moun nan yon atitid iresponsab, ki anvi lage peyi a nan tchouboum, san yo pa genyen okenn konsiderasyon pou sila yo ki pa gen gran mwayen nan men yo, moun k ap viv o jou le jou yo; san yo pa gen okenn konsiderasyon pou moun ke maladi kolera frape e ke on lit sewòm te ka bay lavi si yo te gentan rive lopital a tan; san yo pa gen okenn konsiderasyon pou timoun ki pa ale lekòl; san yo pa panse ke kraze biznis moun nan sektè prive a, kraze komès ti machann pa p rapòte pesòn anyen. Okontrè, li fè tout moun vin pi pòv. Nou menm, pandan ke n ap remèsye tout sipòtè nou yo, ki te vote nou an mas nan tout rakwen peyi a, n ap kontinye mande yo pou yo rete kal, pou yo pa pran lan entimidasyon ni lan pwovokasyon. Nou kwè sèl ke kontestasyon elektoral pa p ka fèt nan kraze brize. Nou ban n garanti ke vòt nou yo pa p pase anba pye. Nou deja pran tout dispozisyon lalwa prevwa pou K.E.P. a respekte vòt pèp la. Nou tout te chita anba lonbray lwa elektoral la, e n ap kontinye rete anba l. N ap kontinye fè l konfyans, tankou n ap fè tout aktè ki konsène, ki enplike pa eleksyon an, konfyans. N ap pale de K.E.P., de Nasyonzini, de OEA, CARICOM. Demokrasi ke nou vle konstwi a egzije ke chak moun se yon vwa, e chak vwa dwe konte. Se lè chak vwa konte, grenn pa grenn, san manke yon sèl, ke prezidan ak palmantè yo genyen lejitimite pou yo mennen bak peyi a. Pandan ke n ap koube nou byen ba devan kadav moun ki mouri yo, n ap swete fanmi yo kondoleyans. N ap voye senpati nou bay ti machann ki pèdi komès yo, bay sektè prive a, bay manm sektè prive a ki pèdi biznis yo, bay atispent Plas Sen Pyè yo ke yo boule tablo yo, bay tout moun ki pèdi machin e vit machin yo. Pandan ke n ap rete mobilize dan tou lè dis depatman yo, nou mèt kontinye rete tèt frèt, pandan n ap itilize lalwa pou n defann vòt nou yo. Toujou sonje ke fòs fènwa pa ka gen laviktwa sou fòs limyè. Ayiti pa p peri. Mèsi!” (Jid Selesten)
Nou gendwa resevwa mesaj yo “tèt frèt” kondi Maniga ak Selesten… osnon “tèt kale”, kondi Mateli.
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com