Tit premye kwonik nan seri ‘Nou frape!’ a se te ‘Tèt mwen anboulatcha…’. Se te premye reyaksyon m apre tranblemanntè a—tranblemanntè nou konnen an, ki te fèt le 12 janvye 2010, a 4 è 53 minit 10 segonn lan. Premye pawòl mwen nan kwonik sa a, se te pou m di: “M pa konn konbyen tan seri sa a ap dire. Men sa pa enpòtan, paske nou gen anpil koze pou nou koze. Paske nou frape, se sa k pi enpòtan… Nou bezwen pawòl. Annsi Dewoz chante: ‘Pawòl pale se gwo remèd; pawòl chante chase lapenn.’ Mwen menm, kite m di: Pawòl ekri anpeche gangrenn tabli nan kè ki blese.”

Jodi a m rive sou nevyèm deboulay nan seri a. M tande anpil pawòl pandan 9 semenn sa yo. M aprann anpil, m kalkile anpil tou. M gen enpresyon, nan kwonik semenn sa a, se tankou se nevèn lan m ap fè pou frè ak sè ki tonbe yo, nan zòn 300 mil konsa, dapre sa yo di. Anpil espesyalis nan lasyans jeoloji, anpil espè nan kesyon kontriksyon kay ak gwo batisman, anpil save nan zafè tranblemanntè ak lòt katastwòf natirèl deklare moun sa yo mouri pou granmesi, paske se pa tranblemanntè a ki touye yo dirèkteman, se neglijans nou nan konstriksyon, nan enfòmasyon, nan edikasyon, se enkoutan nou, se kwayans nou ki lakòz tout dega sa yo…

Gen yon bagay ki enpòtan anpil pou mwen kòm lengwis: se wòl lang lan kòm temwen, kòm achiv evennman ki pase nan lavi nou. Depi 12 janvye a, m kouche zòrèy mwen ap pran son, e m li anpil tou, tout pawòl k ap di sou sa k fèt la, sou frap nou pran an. Pawòl m tande k ap pale, se tankou se on pawòl tounèf, ki fenk dekachte. On pawòl ki envante espesyalman pou n pale de sa k pase a.

Premye pawòl la, jan m te tande diferan moun t ap bay li sou radyo Siyal FM, se te on pawòl ki soti anba sezisman: ‘bagay la!’ Nan tan nòmal, anvan 12 janvye, nou te konn sèvi ak mo ‘bagay’ la anpil nan diferan kontèks: “Gade on bagay ki vin pou mwen! Ki mòd bagay sa a? M chita chita m, epi bagay la sot kote l soti, li vin gate san m!” Apre le 12 janvye, ‘bagay’ vin pran on lòt sans: sans on pawòl libera pou detounen move zè: “Lè bagay la fin fèt, m pa rekonnèt kote m ye.” On manman bagay! On papa bagay! On kokenn bagay! On sèl bagay! Gen moun ki tande bagay la fè ‘bou-doum! bou-doum!’ Gen lòt ki tande l fè ‘glou-doup! glou-doup! Tout moun pa t menm kote. Chak moun fè esperyans pa yo, selon kote yo te ye a: anndan kay dal beton, anndan kay tòl, nan lari, a pye, sou taksi-moto, sou bisiklèt, nan machin, nan mache, nan jaden, nan faktori, bò dlo, sou dlo, sou kabann lopital… Kidonk, tout moun pa t tande son yo menm jan, yo chak te tande l ak on zòrèy diferan, zòrèy esperyans yo, esperyans son yo gen nan achiv yo.

Dezyèm pawòl ki te atire atansyon m, se te ‘anba dekonm’. M pa t abitye ak mo ‘dekonm’ lan nan lang lan. Ni tou konnye a, m pa tande moun di ‘dekonm’ konsa, nan tout kalite kontèks—paske mo a po ko fin (fè) chita (l) nan lang lan. Se ‘anba dekonm’ ki pawòl la. ‘Chaje moun ki anba dekonm toujou, jounen jodi a, 2 mwa apre tranblemanntè a.’ Se on pawòl m tande kouran semenn ki sot pase a. Kidonk moun sa yo mouri, se kadav yo ki anba dekonm lan toujou. Men gen lòt moun ki gen chans: ‘Yo rale Entèl anba dekonm—pye l kase, se vre, men li anvi. Letenèl pi fò!’

Twazyèm pawòl ki te parèt depi nan premye jou yo, se on pawòl aganman, on pawòl ki parèt sou plizyè fòm: ‘fisire’, ‘filsire’, ‘silfire’… ‘Kay mwen an kanpe toujou, men li fisire.’ M pa konn kote pawòl sa a soti. M pa chonje ki moun ki te di l. Men m sispèk se nan bouch on zotobre li te soti. Se yo ki te premye ap pale de sa k pase. Tankou tout moun, yo viktim tou, yo di ki kote yo te ye 12 janvye 2010… Kay pa yo fisire, kay pa on lòt moun gendwa filsire… Sa k etone m, se paske gen lòt mo moun abitye sèvi pou yo dekri menm kalite dega ki fèt nan kay la: ‘fele’, tankou si n ap pale de on ze ki fele, osnon de on moun ki se on ze fele; ‘fann’, tankou on chemiz ke fanm osnon on mi ki fann paske l te manke siman—se ak 2 mo sa yo m pi abitye, men m tande ‘krake’ tou. On moun ta panse nan on sitiyasyon dezas, katastwòf, se ak mo ki pi natirèl on pèp pral sèvi, men sa depan ki moun k ap pale, ki jan moun lan wè tèt li nan sosyete kote l ye a…

Nan kalkile, m rive konprann, nan memwa nou kòm pèp, pa gen okenn souvni tranblemanntè. On dam ki t ap pale ak on repòtè Siyal FM esplike li pa t konprann sa k t ap pase lè tranblemanntè a, “M pa konn sa k rele tranblemanntè.” Se vre: pa gen nou youn ki janm tande pale de sa lè n te piti. Li pa nan memwa grandèt yo. Menm lekòl pa janm di nou anyen sou sa. Sa k fè sa? Kote memwa nou? Epoutan, nenpòt ti bout rechèch ap fè n wè gen plizyè tranblemanntè ki fèt sou 2 fay sismik ki nan fondasyon Il Ispayola a, Fay Septantriyonal la (F.S.) ak Fay Anrikiyo a (F.A.): 1842, 1887, 1904 sou F.S. la; 1751, 1770, 1860—anvan kou 2010 la—sou F.A. a. Pou ki sa k fè nou pa gen memwa evennman jeolojik sa yo? Èske se paske nou pa vle chonje? Èske se paske nou te konn reyaji menm jan nou reyaji apre evennman 12 janvye 2010 la—konmsi se te on chatiman Bondye, fòk nou evite pale de sa?

Èske nan pwojè edikasyon k ap prepare pou travay refondasyon tout moun ap pale a ap gen kèk chapit sou katastwòf natirèl?

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *