N ap konte semèn. Nou sou 8èm semèn depi nou pran chòk sekous 12 janvye 2010 la. Dèyè Pawòl, Gen Pawòl sou 7èm semèn seri ‘Nou frape!’ a. Anndan seri sa a, nou nan dezyèm deboulay on mini-seri, “Sa n fè n ap peye?”. Anpil koze! Anpil pawòl!

N ap konte semèn, nan lapenn, nan doulè. Lapenn pou frè ak sè n lavi a ap make mal viv anba tant, san pwoteksyon kont grangou, san garanti kont lapli… Doulè nan zantray nou, lè nou konstate fòs sekous la pa rive reveye kapasite lidè nou yo (wi, m panse kapasite a la, men l ap dòmi) pou yo fè sa ki nesesè nan enterè pèp y ap gouvènen an.

Malgre nan ekri on seri, on mini-seri, plan sa k pral di a fèt depi an lagan, dewoulman chak kwonik toujou pote mak evennman ki pase soti mèkredi rive dimanch swa. Kidonk kwonik semèn sa a ap pote mak nouvèl de 2 gwo tranblemanntè, youn ki souke Japon ak on fòs 7-7, lòt la ki brase bil Chili samdi 27 fevriye a ak on fòs 8-8. Jounalis pa manke pa konpare kantite dega ak repons lidè peyi sa yo ak kantite dega lakay pa nou ak repons lidè nou yo… M prèske anvi rele: “Ase pou nou! Pa gen rezon konparezon!” Men m konnen li nesesè pou yo lonje dwèt sou nou: sa ka ede n ranmase karaktè nou… Kwonik sa a ap pote mak tou on nouvèl ki pote dat mèkredi 24 fevriye nan jounal ‘Le Nouvelliste’; tit atik la se: ‘Yo fè va sou moun ki nan on seremoni lwa…’. Selon atik la, nan madi swa, gen on ekip pwotestan ki te al kalonnen moun ki te nan on seremoni lwa Site Solèy. Sanble se pastè yo menm ki te voye yo al fè atak la. Enspektè polis zòn lan di apre li fin pale ak pastè a, msye dakò pou li menm ak fidèl li yo pa al kalonnen moun yo ankò lè y ap fè seremoni yo… Konmkwa se pastè yo konnye a ki pou bay moun ki sèvi lwa nan peyi a pèmisyon pou yo fè seremoni yo! Konmkwa gen kwayans ki pi pwòp pase lòt… Epi atik la di tou: tansyon ant diferan relijyon vin pi chofe ann Ayiti depi apre tranblemanntè a. Pwotestan yo tankou lòt relijyon yo ap fè ‘pa m pi bon’, chache konvèti plis moun posib…

Si n byen repase memwa nou, n a chonje nan premye pati mini-seri sa a, m te pale nou de ekip pastè ki te sou Siyal FM nan okazyon twa jou jèn, twa jou priyè yo t apral òganize soti 12 rive 14 fevriye 2010 la. Gen youn ladan yo ki te di: “Fò n ranplase san kochon an ak san Jezikri.” Li t ap pale de san kochon listwa rapòte Boukmann te sakrifye nan Seremoni Bwa Kayiman nan lannuit 22 out 1991. San kochon sa a, dapre pastè a, al tache deklarasyon endepandans lan. Kidonk endepandans lan pa t fèt nan bon kondisyon, Bondye pwotestan yo pa t mete so l sou li, pou l apwouve l…

Èske se sa peche a ye? Èske se krim, èske se zak sa a nou fè n ap peye kòm pèp? Ki sa lòt moun legliz di sou sa?

M te tande Pastè Jid Valeri sou Radyo Kiskeya vandredi 26 fevriye a nan ‘Nouvèl 4 è’ ki t ap reyaji sou kalonnay Site Solèy la. Pastè a di: “Kretyen pa la pou lavanjans.” Li di Kris la pa janm fòse moun konvèti. Li jis kite pòt la louvri, tout moun lib pou yo antre osnon pa antre.

Men pawòl m ta pi renmen pataje avèk nou soti nan on lèt ki pote dat 21 janvye 2010, Monseyè Ligonde, ansyen achevèk Pòtoprens lan, te ekri; lèt sa a bay kèk repons pou pawòl dwategòch machann pawòl malediksyon ap simen toupatou. Monseyè a di: “Tranblemanntè a se pa on chatiman ni on pinisyon Bondye. Se on fenomèn natirèl.” Pawòl la dirèk. Ou ta di se ak pwotestan yo menm l ap pale, sitou lè l deklare: “Fò n respekte frè n ak sè nou yo, libète yo ak kwayans yo.” Li di ankò: “An 2005, sa fè 5 an, Lavyèj Mari te fè on revelasyon bay on gwoup katolik pou l anonse yo t apral gen tranblemanntè Ayiti. Anpil moun t ap mouri. Anpil san t ap koule. Wi, nou te priye sou sa, e nou kontinye ap priye. Men èske nou fè sa n te dwe fè pou n te limite dega yo? Mantalite manfouben nou genyen an, mantalite ‘Bondye bon’ an, fè nou pa t pran okenn mezi ijans anvan l twò ta. An 1749, kolon yo te bati Pòtoprens pou on popilasyon 100 mil moun. Jodi a, an 2010, Pòtoprens gen nan zòn 3 milyon moun. San konte pa gen okenn lojik prensip ibanis nan fè batisman.”

Monseyè a fè n chonje Lepap t al Ayiti, li te pale tankou on pwofèt, lè l te di ‘Fòk gen on bagay ki chanje nan peyi sa a’. “Tranblemanntè sa a fè on chanjman dwòl: moun nan tout kouch sosyal viktim; kadavkò moun rich a kote kadavkò moun pòv; kadavkò milat blayi a kote kadavkò moun nwa; pa gen tan pou chèlbè antèman dyak sou dyak, kote monpè ap chante lwanj izirye, ponyadè ki pa t konn gen tan pou yo met pye legliz nan konte lajan. Jodi a, moun rich ak moun pòv kase randevou devan on tou nwa…” Monseyè a bay presizyon: “Se pa de kalite chanjman sa a Pap Janpòl II t ap pale, men fò n gen kouraj pou n admèt: rich ak pòv egal ego devan lanmò.”

M konprann nan pawòl Monseyè a fò n priye, men fò n aji tou. Premye priyè m kwè nou ta dwe fè se pou n ta mande Bondye pou l ban nou sajès pou nou chwazi bon jan lidè ki pou pran ba direksyon peyi a, pou l ban nou kouraj tou, lè on lidè ap renmèt monnen nan manda li, pou nou fè l konprann se fotèy l ap chofe, se pa anyen l ap regle…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply