Depi dat 12 janvye a, m pase anpil tan ap tande radyo pou m ka suiv enfòmasyon sou sa k ap pase lakay, ki jan sa ap pase—ki moun k ap fè ki sa? ak ki moun? kouman y ap fè l? pou ki sa? nan enterè ki moun osnon ki gwoup? M li anpil tou, tou sa k tonbe anba je m, sa diferan korespondan voye ban mwen nan entènèt tankou sa m al chache pou kont mwen. Anpil analiz, anpil pawòl, tout kalite… Men pawòl ki plis frape m, se lide konmkwa sa k pase a se pa pou bonngre, se on pichon, on giyon, on malediksyon ki tonbe sou nou. M pa konn konbe fwa pa jou m tande kesyon an: “Sa n fè n ap peye?” Gen menm on chante ki garanti nou pral fè lontan ap tande pawòl sa yo. ‘1 geste pour Haïti’ se youn nan premye chante yo konpoze nan demach pou ede ranmase lajan pou pèmèt lespwa pa mouri nan kè Ayisyen. Li parèt an Frans le 21 janvye, 9 jou apre bagay la. ‘O Ayiti ki sa n fè n ap peye / Menm si nou lwen / Soufrans lan pataje’.

M pa etone lè m tande kesyon sa a. Se si m pa t tande l m ta sezi. Nou antrene pou n poze kesyon an. Sa nan sistèm nou. Nou konnen (konnen sa a vle di nou grandi nan sa) pa gen maladi sennesòv. Pa gen lanmò sennesòv. Pa gen anyen ki fèt konsa konsa nan lavi a. Nan tout temwayaj moun ap bay nan radyo, m tande on sitwayen ki di l ap gade tè a k ap ouvè, fann devan li, epi li wè tankou se on gwo papa bèt, on gwo lagrandyab, on espès dragon li konn abitye wè nan sinema k ap kouri vant ba, fann tè a plis toujou, pike devan… Rèv la efase, li di, paske li te wè sa nan dòmi yon semenn anvan tranblemanntè a …

Chak fwa on katastwòf pase, kèlkeswa kote l pase a, toujou gen on pawòl malediksyon k ap pale, on pawòl se sa moun kote a fè y ap peye. Epòk Katrina, nou te tande moun k ap di se twòp voksal ki fèt Nouvèl-Òleyan ki lakòz dlo a debòde. Se Letènèl k ap regle avèk enkoutan yo; se Letènèl ki kòmande fòs dlo a pou l aji kont pechè yo, pou l lave peche yo…

Depi nan demen apre bagay la, le 13 janvye 2010, mòd pawòl sa yo kòmanse. On predikatè ameriken, Pat Robètsonn (Pat Robertson), ki gen on pwogram anpil fidèl li suiv nan televizyon, vini bridsoukou ak repons pa l: “Gen on bagay ki pase ann Ayiti, sa gen lontan, moun yo gendwa pa vle pale de sa. Ayisyen yo te esklav Fransè yo. Se te sou Napoleyon III osnon on lòt lidè. Ayisyen yo te rasanble epi yo te pran on angajman avèk Satan. Yo te di l ‘N ap sèvi ou si ou retire nou anba Fransè yo’. Bon pawòl, m ban nou. Satan reponn yo ‘Pa gen pwoblèm!’ Se konsa yo chase Fransè yo. Sa yo fè, yo revòlte, epi yo libere tèt yo. Men depi lè sa a malediksyon tonbe sou yo, se sot nan on pwoblèm tonbe nan on lòt.”

Anpil moun reyaji, pami yo Ameriken. Ladan yo gen pwotestan menm jan ak Robètsonn. Sa k twouve se laverite l di, men pawòl yo tonbe mal nan moman an. Sa k di se pa premye fwa Robètsonn ap di tenten: lè Katrina li te di tenten, lè Premye Minis Izrayèl la te tonbe nan koma, li te di tenten… Li toujou di se pinisyon Bondye pa l la… On Bondye k ap pini Ayisyen paske yo te fè wòklò goumen pou yo kase chenn lesklavaj blan Franse te mete nan tèt yo. Èske se paske Bondye mande pou nou respekte otorite mèt nou, pa janm leve tèt nou gade yo, pa janm revòlte kont yo, menm si sans diyite nou monte nou? Èske si se ta Blan Franse ki ta kase chenn lesklavaj nèg nwè ta mete nan tèt yo, Bondye Robètsonn lan t ap fache kont yo tou?

M pa tande pastè Ayisyen yo di anyen sou sa (sètènman m ap pale de sa m tande yo): èske se konsa Bondye pa yo a fonksyone tou? Nan emisyon Tribinal di Swa, sou Siyal FM, le 10 fevriye 2010 la, te gen yon ekip pastè ki t ap pale de twa jou jèn, twa jou priyè yo t ap òganize soti 12 rive 14 fevriye, yo tout kenbe on sèl pawòl la: se pou n lapriyè, mande Bondye padon pou sa n fè k pa sa. Se menm lide se sa n fè, se peche n, ki lakòz tranblemanntè a. Youn nan pastè yo di: “Bondye te frape nou paske l te an kòlè. Jodi a, fò n remèt peyi a bay Bondye. Fò n ranplase san kochon an ak san Jezikri.” Nou pa p ka konprann pawòl ‘san kochon pou san Jezikri’ a, si n pa retounen al gade sa listwa ban nou. Paske nan lide pastè a se sakrifis Boukmann te fè ak san kochon an nan Seremoni Bwa Kayiman nan lannuit 22 out 1791 lan ki vin ban nou endepandans lan an 1804.

Se on konneksyon dirèk ak pawòl Pat Robertsonn lan. Endepandans lan pa t fèt nan bon kondisyon. Bondye blan yo, Bondye mèt yo, Bondye pwotestan jodi a pa t apwouve l. Sa ki te etone m nan emisyon sa a, animatè ki konn abitye poze politisyen ak espè nan domèn lasyans gwo kesyon pa t jwenn anyen pou yo te mande pastè yo. Gen on moman kote pastè yo t ap debat si pou yo pèmèt Prezidan Preval pale ak pèp la pandan sèvis jèn lan: youn ki te an favè lide a deklare ‘fò nou respekte otorite etabli’, ‘se Bondye k bay pouvwa’, alòske on lòt di pa gen sa pyès, se pou Prezidan an ta repanti an piblik anvan, pou l remèt peyi a bay Bondye… Sa pase konsa: animatè a pa mande pastè yo ki jan yo fè konnen se Bondye ki voye mesaj ba yo…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply