M rive nan dènye bout pelerinaj mwen, pelerinaj nan teritwa memwa m, kòm ansyen etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike—FLA, jan yo rele l jodi a. Se on pelerinaj pou m al rankontre ak souvni pwofesè m, souvni dwayen m, Pyè Vènè, ‘Msye Vènè’, tankou nou tout te konn rele l. Se fason pa m pou m eseye leve kanpe, vanse pi devan, apre gwo pataswèl, gwo espant desounen 12 janvye 2010 la. M konnen Pyè Vènè se pa sèl moun ki pèdi lavi l nan FLA a; jounal bay gen pou pi piti 175 moun, pifò ladan yo etidyan, ki mouri lè lokal fakilte a tonbe a: yo tout merite pou m di yo orevwa tou.

M remake vwayaj sou chimen memwa, se tankou monte desann sou Granri, Pòtoprens, sou Boulva Sen Michèl, Pari osnon sou Flatbouch, Bouklin, monte desann ap chache limyè on moun ou konnen: lè konsa, ou pa ka evite kwaze on bann lòt moun ou rekonèt tou, menm si se pa yo ki te mete ou deyò. Depi nan premye kout pèl “Orevwa, Msye Vènè!” a, gen on kolonn souvni ki soti pou yo andòmi m, souvni pwofesè, souvni etidyan, souvni evennman… Men ni ekip pwofesè, ni pwomosyon etidyan, ni evennman yo, yo tout te egziste granmesi ‘Msye Vènè’.

M te nonmen non pwofesè Mikèlsonn Ipolit, men m te ka nonmen non Gi Aleksann tou; li te konn fè on kou ki te rele, si m pa twonpe m, ‘entwodiksyon nan teknik travay entelektyèl’, kidonk aprann reflechi, aprann mete lòd nan lide, aprann fè rezónman, aprann sitou ouvè on seri de gwo parantèz, mete kokenn gwo esplikasyon ladan yo, epi fèmen yo… san ou pa pèdi nan sa ou t ap di a, kidonk san vètij pa pran ou—nan bon jan teknik Gi Aleksann. M te ka nonmen non Madan (Dominik) Fatye, ki te kòmanse ouvè je nou sou analiz sosyolengwistik: ki moun k ap pale, ak ki moun l ap pale, de ki moun / sa l ap pale, ki kote l ap pale, pou ki sa l ap pale, ki jan l ap pale a… M chonje sa n te pi renmen se lè li te konn ap pale nou de reklam, jan l renmen tande reklam, analize yo. On lè on tous pongongon te pran li, san lespri devègonde, m te di l “pran kontak”, tousuit li te reyaji: “Pa fè frekan!” Apre sa, li te vin konprann se te pawòl reklam m t ap teste sou li: “Pran Kontak C. Se on medikaman efikas.” Nou te vin travay byen ansanm depi lè sa a. Li te lanse m sou premye travay refleksyon m sou on leksik espesyalize, leksik bòlèt.

M te nonmen non 2 kanmarad mwen: Jelen ak Fraje. Nou te toujou ansanm: yo te rele m Mèt Janba. Nou te gen pretansyon pou nou te tèt pwomosyon an, si nou pa t ka nanm li. Medam yo pa t ap kite sa pou nou. Yo te rele nou ‘Twa Konpè yo’. Medam yo te konn kale bèt yo serye tou: kit se te Sisi (Elsi), Frigèt, Majori, Edlin, Nora, Nola…

Nou te konn ri ansanm. Kit se lè nou t ap fè fètdèble—wi etidyan Lengwistik te konn fè fètdèble—pa nou, nan estil pa nou, avèk on ti skètch ‘Twa Konpè yo’ ki pran plezi sou tout pwofesè yo, osnon mete chèlbè bèl paladò nan won, kèk blag, kèk powèm… Kit se te lè nou te pati al nan jounen Okay, vizite Lekòl Nòmal… Kit se te lè nou te antre nan chanpyona inivèsitè, al jwe nan estad Silvyo Katò samdi maten… Kit se te lè nou te chita ak repòtè Radyo Nasyonal ap fè kòmantè sou tèks kanaval… Te gen lavi nan Sant Lengwistik Aplike. Msye Vènè te ban nou lougal nou pou nou fonksyone.

Sa te kòmanse depi Pon Moren. Lè n rive Lali, kwen Riyèl Bèn, ann oktòb 1983, sa te kontinye pi rèd. Nou te gen ansèy nou. Tout moun k ap pase monte al Kris Wa, Boudon, Petyonvil te konnen nou te la. Nou te fyè. Se lè sa a nou te kòmanse jwe nan chanpyonna inivèsitè a, pou n ap kite Fakilte a byen bonè samdi maten ak inifòm blan jón abriko n sou nou …

Kèlkelanswa aktivite nou t ap fè a, dwayen Pyè Vènè te toujou la avèk nou, sòf si l pa t nan peyi a. Tankou si l ta pati al nan peyi etranje, nan konferans, al reprezante Ayiti. Anjeneral, dwayen an te toujou nan biwo l chak jou, menm samdi, ap jere enstitisyon an, kontwole tout bagay. Enstitisyon an se te lavi l, se te pitit li, se li k te kreye l. Pa t gen vis dwayen epòk la.

Apatid dezyèm ane, rapò m avèk dwayen an pa t sèlman on rapò etidyan ak pwofesè nan klas. M te konn patisipe avèk li nan aktivite ki pa nan lè lekòl, 4 è pou 8 è. Kit se te konferans ki t ap fèt. Kit se te on sondaj pou nou wè kote moun yo ye sou kesyon lang lan. Kit se te entèvyou repòtè radyo, televizyon te vin fè avèk li, m te toujou la, ap aprann. Kit se te on chèche etranje ki te vin fè on travay ak enstitisyon an, m te pami de twa etidyan ki te toujou la, paske nou te enterese nan travay ak dwayen an. Nou te konprann, tou sa k ap fèt se pou enstitisyon an, pou pèmèt yo konn egzistans li deyò a.

Rive mitan twazyèm ane, rapò m ak dwayen an te pral devlope plis toujou. Granmesi on bous kooperasyon franse te bay pou yon grenn etidyan, m te sou wout pou m al fè on metriz an Frans. Ki sa mwen menm, kòm etidyan, m ta renmen fè? Ki sa k te pi enpòtan pou enstitisyon an? Ki bezwen ki te genyen toutbon vre pou peyi a? Kesyon sa yo te enpòtan anpil…

Jodi a, Pyè Vènè pa la ankò. Men li fè plis pase 30 an ap goumen pou l ranpli misyon li te bay tèt li: fè kesyon lengwistik la avanse nan peyi a. Se konsa m chonje Pyè Vènè. Se konsa m ta renmen nou chonje Pyè Vènè tou.

Pou memwa li, pou memwa 4 pwomosyon etidyan ak tout pwofesè yo ki tonbe ansanm avèk li, fò n al retire lespri Fakilte a anba dekonm…

Ann di avèk mwen: “OREVWA, MSYE VÈNÈ!”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *