M te esplike nou lòtrejou, m te on ti jan renka pou m pati al fè on pelerinaj nan teritwa memwa m kòm ansyen etidyan nan Sant/Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti, apre m fin pran nouvèl bilding tonbe, etidyan, pwofesè, vis-dwayen, dwayen mouri. Men m vin fè tèt mwen wè rezon fòk nou menm ki vivan pale de mò yo pou souvni yo ka rete vivan nan lespri nou. Gen on lòt pi gwo rezon: lè n ap pale de mò nou yo, se de nou menm n ap pale tou, paske lavi nou te kwaze ak lavi pa yo, fè antre soti, melanje, epi chankre chak on bò… Se de Pyè Vènè m t ap pale, paske se li m te konnen, men chak moun gen devwa pou yo fè pelerinaj pa yo, pou y al ranmase souvni moun yo te konnen.

Ekspoze nenpòt kou Pwofesè Pyè Vènè se te toujou ak on objektif pou l prezante on pwoblèm fason pi klè ki genyen, evite langaj bwouye, kidonk langaj abiye tankou abitan dekore ki ta gen tandans vin konfann moun. Youn nan teknik m te devlope pou m aprann materyo nenpòt pwofesè ap anseye, se te eseye sonje kèk manni pwofesè a genyen, manni jès tankou manni pawòl. Manni Pyè Vènè ki rete on mak fabrik nan tèt mwen, se lè l ap fè on rezónman, on koneksyon lojik, li vire de men l devan l, de pwen l mare, tankou timoun k ap fè kase file, epi an menm tan an l ap di ‘dans la mesure où’, ‘étant entendu que’—de pwen l yo al frennen sèk lè l rive sou dènye mo a. (On pwofesè tankou Mikèlsonn Pòl Ipolit, ki te prèske adopte m kòm pitit li, te toujou gen on pawòl ‘banda-banda’ nan kou etnolengwistik li—e jennonm lan te banda vrèman ak pantalon a bretèl li sou li!)

Se te on plezi pou ou chita nan klas Pyè Vènè. Toujou gen on antre soti ak elèv yo. Lè ou poze on kesyon, li dirije ou sou on liy rezónman pou ou wè limyè a, pou ou reponn afè ou pou kont ou, on jan pou l pèmèt ou kòmanse fòme tèt ou kòm lengwis, ba ou enpresyon ou ka degaje ou…

Li te pi difisil pou mwen nan kòmansman, ann di jis nan fen premye ane, pou m te konprann travay Pyè Vènè t ap fè nan enstitisyon an kòm dwayen. M pa t konn sa on dwayen te ye, se jis mo a m te konn tande. Nou menm jenn etidyan, nou te konn wè dwayen an toujou nan on monte desann nan djip wouj li a, nou te konnen li te konn fè kou nan lòt fakilte tankou nan Agwonomi, nan Sikoloji, men nou pa t konn pi plis…

Sa yo te rele Sant Lengwistik Aplike epòk la, se te on gwo pyès kay nan ansyen bilding Pon Moren an—on gwo pyès kay pou biwo dwayen, biwo sekretè, on ti espas pou pwofesè yo. Mesye dam dezyèm ak twazyèm ane yo, te nan de ti klas timoun, ki te tankou ti kay jeran nan lakou bilding lan, sou men dwat, lè ou kanpe anfas bilding lan ap gade. Kiryozite te fè m al gade on lè ak de lòt kanmarad, Frits Gabriyèl Jelen (Fito) ak Woje Fraje (Mèt Fraj), pètèt pou nou te ka gentan wè ki kote nou pral chita lè nou fin pase premye ane a. Sezisman: pantalon dakoun ak jip gabadin t ap fè konpetisyon ak tèt klou sou ban! Premye ane a li menm, klas pa nou an, m chonje sa, te anba galeri a, sou bò goch bilding lan. Non, klas la pa t bare. On tablo devan, mi kay la agoch nou, epi ni dèyè ni adwat gran louvri. Nou pa t pè lapli rafal ki te ka lonje lang li, niche ponyèt nou, lanbe bò figi nou: non, on ti lapli pa t gen pouvwa pou l fonn ti sèl konnesans yo t ap ban nou an. Men nou t ap veye tèt nou, paske esperyans te vin fè n konnen pye nou te konn ap tande anlè nan etaj la, se pa t zonbi, te gen moun ki te ret nan kay la toutbon vre; pye sa yo, nou t apral fè dekouvèt la anvan lontan, te konn gen on tandans ranvèse kèk vaz pisa osnon dlo konwonpi ki te vin ateri sou tèt nou, debatize bonnanj nou, fè n pa ka konsantre.

Enben dwayen an te konn sa. Li te konprann mizè nou. Msye Vènè te di n l ap fè piwèt pou l wè si l a jwenn on pi bon kote pou l mete nou. Lè nou konprann enpòtans sa nou t ap aprann lan pou on peyi tankou peyi pa nou an, nou te mande pou ki sa se la a yo pake nou lè gen on pakèt bèl fakilte, lè Leta chaje kote li te ka mete nou. Repons la pa t dirèk, men nou te rive konprann gen enstitisyon yo pa vle wè nan peyi a…

M te toujou konnen—menmsi m pa ka chonje ni ki kote ni ki lè m te aprann sa—se ak konkou AUPELF (Association des Universités Partiellement ou Entièrement de Langue Française) Sant Lengwistik Aplike a te kreye. Men nan fouye chache lòtrejou sou entènèt la, m jwenn on dekrè prezidansyèl 7 mas 78 ki kreye enstitisyon sa a avèk objektif pou l fè fòmasyon teyorik ak pratik pou chèchè nan lengwistik, pou pwofesè lang nan nivo primè, segondè ak siperyè, ak pou tout lòt pwofesè an jeneral. Dekrè sa a te pibliye nan jounal ofisyèl ‘Le Moniteur’ nan dat 4 jen 1978. Li nòmal pou nou mande pou ki rezon on dekrè prezidansyèl kreye yon antite anndan Invèsite Leta Ayiti, epi li pa ba l mwayen pou l fonksyone. Èske te gen presyon sou gouvènman an pou l te kreye yon antite konsa? Kote presyon an te soti? Ki moun ki ka reponn?

Antouka Dwayen Pyè Vènè te degaje l kou mèt janjak: ann oktòb 1983, Sant Lengwistik aplike a te gen tout etaj on bilding ki nan kwen Lali / Riyèl Bèn pou li. Se apre sa, yo vin al nan 38 Riyèl Difò a…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *