Lè m te anonse nan premye deboulay seri a “M pa konn konbyen tan seri sa a ap dire” a, se pa pawòl trase chema m t ap pale. M te konnen m te bezwen pawòl kòm remèd pou ede m sipòte sa sa m t ap gade, sa m t ap tande. M te konnen m pa t ap jwenn pawòl chante Annsi yo pou chase lapenn pou mwen. M te konnen f`ok mwen te ekri pwòp pawòl pa m pou anpeche gangrenn tabli nan kè m k ap senyen. Men, m pa t ka imajine refleksyon yo t apral rive nan dètou sa a.

Semenn pase, m te abòde lide ‘konte’ sa nou pèdi, moun nou pèdi, jis pou m te montre se pa on bagay ki posib, menm si nou ta vle, nou pa t ap janm ka fin konte sa n pèdi. Epi kesyon an te vin glise desann sou on pant pèsonèl. M pa t ka pa nonmen non Jòj Anglad m te gen chans rankontre nan Kongrè Mondyal Ayisyen li te òganize Monreyal an 2005. M pa t ka pa pale tou de Pyè Vènè, fondatè, dwayen Sant tou dabò ansuit Fakilte Lengwistik Aplike. Pyè Vènè se te dwayen m, se te pwofesè m. Fakilte Lengwistik Aplike a, kote lanmò fese l atè, se te kay mwen, se la m te kòmanse bwè bon ti lèt lasyans lengwistik, pou m te ka pran manm, pou m te ka tounen lengwis m ye jodi a. Men m pa t vle antre nan tout fondyè kesyon yo.

M pa t santi m te ko pare pou m fè on pelerinaj nan teritwa memwa m. M pa t kwè m t ap gen ni kouraj ni lasinal pou m te retounen nan demanbre inivèsitè m pou m al re-apante chak pous souvni soti Oktòb 1982 rive Jen 1985. Men las koupe dis. Kondi Siksto ta fè youn nan pèsonaj li yo di: “Le je fòs a koupe!” Lè animatè on emisyon radyo kontakte m pou m pale de Pyè Vènè nan yon emisyon yo t ap fè sou moun koni ki pèdi lavi yo nan tranblemanntè a, m pa t gen kouraj pou m di l non. M pa t ap gendwa di l non tou, sa pa t ap bon. M reflechi m pa ka kontinye ap pwoteje tèt mwen toujou. Fò apse a eklate pou m kriye san, kriye matyè. Fò vivan pale de mò yo pou lavi ka kontinye, pou souvni mò yo ka rete vivan nan lespri tout moun.

M pare. An nou pati. M pa p di nou tout pawòl m te di nan radyo a, ni m pa p repete yo menm jan m te di yo a, men se yo k ap sèvi fondasyon ni rès pawòl semenn sa a, ni pawòl semenn k ap vini.

“Orevwa, Msye Vènè!”, se konsa m te kòmanse. Se pa paske tèt mwen pati ki fè m pale konsa. M konnen byen Pyè Vènè pa ka tande m, pyès moun pa ka detounen l. Se sa k fè menm, m pran libète m, m nonmen non l, byen fò (nan radyo). Lè m di “Orevwa, Msye Vènè!”, m pa p pale pou li. Li pa la ankò. L ale. M ap pale ak nou, nou menm vivan, ki rete dèyè, k ap soufri, k ap mande pouki, k ap chache repons; nou menm k ap gen pou n touse ponyèt nou, mete jèvrin nou deyò, pou n rebati…

M rankontre Pyè Vènè an septanm 1982 nan Sant Lengwistik Aplike a, ki te Pon Moren, nan on lekòl leta, on ansyen bilding, ki te sou Avni Maten Litè King lan. Pou ou te rive sou Pyè Vènè, fò ou te wè Matmwazèl Mirabo anvan, sekretè enstitisyon an, on moun debyen, on pèsonaj pezib, ki sanble yo te prepare l menm pou l chita resevwa tout moun ki te vin enskri ak pretansyon pou yo tounen apranti lengwis. Matmwazèl Mirabo pa t di de mo san l pa di Msye Vènè. Apre demach enskripsyon m fini, li voye m nan on ti biwo al rankontre Msye Vènè. Lè sitwayen an kanpe, m wè se on nèg mens, elanse; lè l mete on pye devan lòt, m wè se tankou on moun k anvi kouri. Li retounen ak on katab, sanble se dosye m li sot pran nan men matmwazèl la. Etan l ap li, li leve tèt li l ap gade m, loup linèt la sanble li twò gwo; m imajine se etidye l ap etidye entansyon m, rezon ki fè se nan lengwistik menm m chwazi pou m vin enskri, pou ki sa se pa nan youn nan gwo fakilte yo (tankou Medsin, Agwonomi, Fakilte dè syans, Wotzetid…) m ale. M chonje 2 kesyon li te poze m. Youn, se te pou m pale de tèt mwen, kote m soti, kote m grandi, esperyans mwen nan timoun… Lòt la se te pou m esplike ki sa m t ap fè ant 1978, lè m te fin desann filo, ak 1982, lè m al enskri nan inivèsite. M pa t konn sa l t ap chache epòk la, men m te reponn li ak tout senserite m. Apre sa m vin konprann pifò nan moun ki te enskri nan lengwistik te deja gen on bagay y ap fè—yo te Mèt osnon Matmwazèl lekòl, yo t ap travay nan IPN, yo te nan nan Dwa, yo te nan ONG… Mwen menm, m te parèt ak esperyans pa m: m te renmen rete anba bouch, tande granmoun k ap pale, pran nòt diferans ki genyen nan langaj diferan moun k ap pale…

Soti oktòb 82 rive jen 85, m t apral gen chans pou m frekante Pyè Vènè nan fonksyon li ni kòm pwofesè ni kòm dwayen. Kòm pwofesè, li te gen responsablite pou l ban nou fòmasyon nan domèn fonetik ak fonoloji. Se te devwa l pou l te ouvè zòrèy nou, degochi tannman nou, aprann nou fè distenksyon nan kalite son nou tande depi nou antre nan premye ane lengwistik. Li te gen responsablite tou pou l anseye nou sikolengwistik, pale nou de fonksyònman sèvo, devlopman langaj, aprantisaj on lòt lang, wòl lang nan devlopman moun, pwoblèm eseye fòse konnesans antre nan tèt on moun apati de on lang li pa konnen…

(…)

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply