M parèt sou nou lòtrejou ak lespri m anboulatcha. Tout moun te konprann mwen. Pyès moun pa t kritike m, di m se on ti tèt fèb ki sezi fasil. Paske se on gwo espant nou tout Aysisyen nou pran. On espant kolektif. Men jodi a, m parèt ak tèt mwen on ti jan pi klè. Sa pa vle di m oke pou sa. Se lavi: apre nenpòt ki espant, si ou la toujou, si souf ou pa koupe, ou eseye rekonèt ou, ou vire gade a gòch, gade a dwat, gade devan, gade dèyè, pou ou wè sa ou rekonnèt. E kalite espant nou sot pran an vle di, nou oblije eseye gade sa k ret kanpe toutotou nou, moun ki la toujou, pou nou ka rekonèt frè bra nou… Men sa pa vle di nou pral konte, paske nou pa ka konte, menm si nou ta vle konte.
Istoryen va gen pou yo antre nan memwa fèy papye listwa sa k pase nou la a—m pa vle nonmen non l. M kite sa pou istoryen yo, se djòb yo. Djòb pa m, mwen menm, konnye a, nan moman sa a, se eseye suiv chemen memwa m, kote l vle mennen m, sa l triye pou l kite fè lago nan tèt mwen. On jan pou m pa fou…
M pa konnen ki jan pou m kontinye viv, paske m pèdi on kolonn moun nan fanmi m. Se pa fanmi chè, fanmi san, frè, sè, kouzen, kouzin, tonton, tantin, manman, papa, grann, granpapa… M gen lontan m ap pèdi moun sa yo, m gen lontan m pèdi anpil ladan yo. Non, se fanmi tèt, fanmi lide, fanmi lespri m. Moun m te konnekte avèk yo nan konneksyon san fil, konneksyon panse.
Bonè bonè, m aprann Jòj Anglad, ak tout madanm li, pase. M eseye gade nan nouvèl la si gen on jwen, on pètèt, pou m ta apiye on ti lespwa… Pètèt sa pa fin vre nèt, pètèt gen on dout, pètèt gen on mal konprann, men plizyè sous, tankou Radyo Kanada osnon kòlèg mwen, Ig Senfò, ki te gen rapò sere sere ak Anglad, (kidonk li pa ta ka pran bagay yo ala lejè), vin konfime nouvèl la. Kote ‘La chance qui passe’? Ki moun ki pral ekri osnon pale de sa ankò? Ki moun ki pral kanpe veyatif pou y ap suiv lòt ‘la chance qui passe’ yo? E ‘Kongrè Mondyal Ayisyen’ an? Èske se pa konnye a, nan moman sa a menm, nou ta plis bezwen on bagay konsa? Lespri chè, konnen mal… M chonje jiyè 2005, mwen menm, Doktè Senfò ak Doktè Jòj Fouwon, nou te Monreyal, nan kongrè a, nan brase lide ak plizyè lòt Ayisyen. Se lè sa a m te premye rankontre ak Jòj Anglad, on bout tonton chaje aktivite, chaje pawòl ak lide. Jòj Anglad, se te on lasinal pawòl, on lodyansè…
Nan vandredi 15 janvye 2010, prèske 3 jou depi premye soukous la, gen on kanmarad ki lage on ti nouvèl terib nan zòrèy mwen: Pyè Vènè te nan Fakilte Lengwistik la, ap travay nan biwo l kòm dwayen, osnon ap fè kou nan klas, bilding lan tonbe, yo po ko jwenn li. Nouvèl inosan pou lòt kanmarad yo: se on demach tcheke kilès ki la, kilès ki pa la, epi youn di lòt, on jan pou nou tout ka konnen sa k ap pase. Men pou mwen menm, se pa t on nouvèl konsa konsa. Paske Pyè Vènè se pa on moun konsa konsa pou mwen. M fouye toupatou nan vandredi a, m pa jwenn anyen konsènan Pyè Vènè ki mansyone dat 12 janvye 2010. Se nouvèl anvan, konferans, deba, entèvyou. travay lasyans… Nan samdi 16 janvye, tout bagay chanje: nan sit entènèt www.montraykreyol.org, nan ‘bloc-notes de Raphaël Confiant’ (Rafayèl Konfyan), m jwenn on pawòl ki di: “Décès de Pierre Vernet: la Créolistique en deuil”. M li pawòl Konfyan an, ki rakonte tout bèl bagay Pyè Vènè te fè nan vi l, on voye ale an bote, on bèl kout chapo, ki fini ak pawòl sa yo: “Pierre, que Legba t’ouvre tout grand la barrière, mon cher !…” Nan kè m, m di si se vre pyès moun pa ka anpeche Legba fè travay li… Men te gen dout toujou. Ou pa janm konnen. Moun fè plizyè jou anba tè, plis pase Jezikri, epi yo soti vivan…
M pa si nou konprann pou ki rezon m pa ta ka admèt sa konsa, m pa ta ka dakò ak Konfyan pou m di Vènè ale, l ale nèt, ann avanse. Jodi a m se on lengwis, ak referans gwo etid pou kore tit la, men tout bagay kòmanse an 1982, an septanm-oktòb, apre m fin fè paf, daf, tak, kaf, dapre langaj nou te konn sèvi pou nou pale de moun ki desann filo epi ki pa antre nan fakilte. Men nan ka pa m, se pa t sa toutbon vre: m t al nan Lope, m te fè on ennan nan jeni sivil nan ICS, m te travay diferan kote… m pa t vrèman t ap flannen (jan ‘f’ la ta vle di nan paf, daf, taf, kaf la—premye ane, dezyèm ane, twazyèm ane, katriyèm ane flannè).
Septanm-Oktòb 1982, m rankontre Dwayen Pyè Vènè nan Sant Lengwistik Aplike a, ki te nan zòn Pon Moren, nan on lekòl leta, on ansyen bilding, ki te sou Avni Maten Litè King lan. M chonje 2 kesyon li te poze m. Youn, se te pou m pale de tèt mwen, kote m soti, kote m grandi, esperyans mwen nan timoun… Lòt la se te pou m esplike ki sa m t ap fè ant 1978, lè m te fin desann filo, ak 1982, lè m al enskri nan inivèsite. M pa t konn sa l t ap chache epòk la, men m te reponn li ak tout senserite m. Apre sa m vin konprann pifò nan moun ki te enskri nan lengwistik te deja gen on bagay y ap fè. Mwen menm, m te parèt ak on esperyans: m te renmen rete anba bouch, tande granmoun k ap pale, pran nòt diferans ki genyen nan langaj diferan moun k ap pale…
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com