Uncategorized

Nou frape! 1. Tèt mwen anboulatcha…

M pa konn konbyen tan seri sa a ap dire. Men sa pa enpòtan, paske nou gen anpil koze pou nou koze. Paske nou frape, se sa k pi enpòtan… Nou bezwen pawòl. Annsi Dewoz chante: “Pawòl pale se gwo remèd; pawòl chante chase lapenn.” Mwen menm, kite m di: Pawòl ekri anpeche gangrenn tabli nan kè ki blese.

Aktivite anndan tèt mwen se tankou mouvman on chen fou, on chen fou yo fèmen nan on kaj, k ap fè laviwonndede, apante tout kwen, nan chache on twou osnon on jwen pou l soti nan prizon lanfè foli… Lespri m nan prizon, l ap chache wout pou l soti. M prèt pou fou. Lespri m kwense on kote. Sanble pa gen wout. Sanble pa gen pyès jwen. Tèt mwen anboulatcha, tankou defen manman m te konn di lè m te konn ap poze l kesyon san rete: “Tigason, ret trankil! Sispann enmègde m! Tèt mwen anboulatcha! Epitou, bay bouch ou on midi…”

Depi 8 an konsa, pou nou menm Ayisyen k ap viv bò isit, gen on dat ki vin antre nan sistèm referans nou: 11 septanm 2001. Se apati de li menm anpil nan nou reyòganize souvni evennman nan vi nou selon si yo te rive anvan osnon apre dat sa a. Se tankou on bòn ki make lizyè 2 tè, 2 popyete. Kote ou te ye 11 septanm? Ki sa ou t ap fè? Se kesyon sa yo nou youn poze lòt, osnon nou aprann reponn pou tèt nou paske nou konnen sa enpòtan nan rapò nou ak lòt moun.

Nou menm Ayisyen, nou kite 11 septanm lan bay lòt kanmarad nou yo, lòt imigran parèy nou yo… Paske nou vin gen pwòp afè pa nou. Nou vin gen 12 janvye 2010, egzakteman a 4 è, 53 minit, 10 segonn nan apremidi, lè Ayiti (4:53:10 pm). Kote ou te ye nan lè sa a? Degaje ou kou Mèt Janjak pou ou chonje, paske sa enpòtan, paske se sa k pi enpòtan pou nou konnye a. Se la tout bagay rekòmanse pou nou. Paske se la lavi a te kanpe…

12 janvye 2010, 4:53:10 pm, lè Ayiti, latè te tranble. Latè te tranble Ayiti. Li te tranble fò, ak gwo sekous. Latè te tranble, memwa n te souke, vi n chanje. Vi nou tout, Ayisyen anndan kou Ayisyen deyò, paske maji pye sabliye a pèdi fòs devan sitiyasyon vant mare. Mwen menm, m pa t pran nouvèl la nan bonè, menm jan ak pi fò moun. M te nan tou tren, pral nan yon aktivite pwofesyonèl. Lè aktivite fini, m repran wout lakay mwen, menm jan an. Se vè 10 è edmi, 11 è, m tande on radyo ap di “Men dènye enfòmasyon sou tranbleman de tè Ayiti a…” Se la a foli a antre sou mwen. Sa sa vle di? ‘Dènye enfòmasyon?’ Ki kote pawòl ‘tranbleman de tè Ayiti’ sa a soti? M pa ka chonje egzakteman ki premye bagay m fè, ki moun m rele, ki lide ki pase nan tèt mwen. Sèl bagay m konnen, rive 3 è di maten, m po t ko al kouche, ni tou dòmi pa t nan je m. M te devan òdinatè m ap chache nouvèl, ap koute Radyo Kanada, RFI… M gen on twou nan memwa m; m pa kwè m ap janm jwenn moso ki manke yo pou m pyese yo sou li…

Gen on pawoli m tande depi nan zòn mèkredi 13 janvye a, m te make l pou m pa bliye l. Paske li kwafe tout lòt bann pawòl k ap pale, pawòl tankou: “Èske ou pran nouvèl Entèl?” “Èske gen moun ki wè Entèl?” “Entèl, si ou ap viv toujou, si ou vivan, si ou an vi, fè manman (papa, pitit, madanm, mari, zanmi…) ou, Entèl Entèl, konnen.” Se kalite pawòl sa yo m ap plede tande sou sèl radyo m rive pran sou entènèt la, Siyal FM (www.signalfmhaiti.com). Se sèl pawòl sa yo tou ki enpòtan nan moman an…

“Nou frape!” Se pawoli sa a m te make sou napkin ki te nan pòch mwen an. Se nan bouch on sitwayen ki t ap pale nan radyo a m te pran l. Li t ap pale de Radyo Ibo: “Ibo frape anpil! Nou frape!” Wi, nou frape! Malgre tèt mwen anboulatcha, pawoli sa a frape lespri m. Lè nou di ‘nou frape’, nou vle di nou pran chòk, nou viktim, nou sibi, nou pran on gwo kou. Tout natif-natal konprann pawoli ‘nou frape’ nan sans sa a. ‘Nou’ sa a, se pa ‘nou’ ki fè aksyon an, se ‘nou’ ki sibi aksyon an. Ki kote frap la soti? Se pa sa ki enpòtan nan moman an. Fò dabò nou rekonnèt nou frape, fò nou fè lemonn antye konnen nou frape… paske se on ‘frape nan sans pasif’, pa on ‘frape nan sans aktif’.

Malgre mwen menm, malgre moman an, m oblije ap gade fòs lang lan genyen pou l pèmèt nou esprime gwo dezas ak de grenn mo tou senp, de grenn mo ki sèvi nan lòt okazyon pou bay lòt sans. Ou gendwa anndan lakay ou, ou tande moun k ap bat pòt la, ou chwazi pa al ouvè, paske ou pa t gen randevou ak pyès moun ni ou pa t annafè. Epi ou kouche zòrèy ou, ou tande de sitwayen k ap di: “Ann ale, non. Genlè pa gen moun. Nou frape, yo pa reponn.” Moun yo ki di ‘nou frape’ a, se yo menm ki fè aksyon an: yo frape pòt la—se on ‘frape nan sans aktif’.

Gen lòt kontèks ankò nou ka tande ‘frape’. “Jak se nèg ki frape wi! Ou pa janm wè lè l ap manje?!” Nan sans sa a, nou te ka di ‘Jak se nèg ki pile, nèg ki gen apeti, nèg ki gen lasinal pou l manje, nèg ki manje anpil.’ Sa a se aksyon Jak—ki lage on koulè aktif sou ‘frape’. Lè on moun frape pye l osnon on lòt pati nan kò l, moun lan viktim, men aksyon an, se li menm ki fè l, malgre li pa t gen kontwòl aksyon an…

Men tou sa se pawòl moun tèt yo anboulatcha, moun k ap chache retire tèt yo nan prizon lanfè foli…

Haitian Times

Haitian Times

The Haitian Times was founded in 1999 as a weekly English language newspaper based in Brooklyn, NY.The newspaper is widely regarded as the most authoritative voice for Haitian Diaspora.
Haitian Times
May. 05, 2012

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *