Nan 2 premye kwonik nan mini-seri sa a, nou te gade reyaksyon moun an jeneral lè on dezas rive—kit se te sechrès ki te frape on zòn, touye tout rekòt, lakòz dizèt, pèp mouri grankou, chen monte bwa pou y al dèyè kowosòl; kit se te dife ki te pran nan on kay osnon nan on vil, detwi tout bagay; kit se te on kamyon ki te pèdi fren, epi li te pase pran moun, fè kantite dega; kit se te inondasyon ki te fèt nan on zòn apre kèk gwo lapli osnon siklòn, bwote bèt, bwote kay ak kretyen-vivan ale; kit se te on vòlkan ki te mande dechennen ap krache tout kalite debri, fè moun bay zòn kote yo te rete a blanch; kit se te tranblemanntè ki te brase bil on vil osnon tout on peyi—kretyen-vivan, se nòmal, toujou ap chache konprann sa k pase: yo mande sa ki lakòz, kote sa soti, osnon sa yo fè y ap peye.
Premye repons lan, se toujou on men envizib, on men an fè, moun yo wè ki dèyè sa ki pase a. Se men on majisyen, Bondye, k ap fè n peye zak nou fè. Men sa k pi grav la, kèk zotobre legliz vin kore lide sa a nan enterè levanjil pa yo. Bondye ki fè bèl mèvèy sa a, se Bondye pa yo sèlman li ye. Sa pa fè yo tranble. Okontrè, zotobre sa yo sèvi ak pouvwa labib yo pou yo jwe sou feblès kretyen-vivan k ap chache repons, pou yo fèmen yo pi plis toujou nan prizon lanfè Nonk Bouki. Pawòl ‘pa m pi bon’ zotobre sa yo menm ankouraje kèk fidèl al kalonnen moun k ap pratike relijyon yo panse ki pa antre nan santiman Bondye pa yo a.
Se vre tou gen pè ak pastè ki wè komès pa m pi bon an ap fèt on ti jan twò kri, sou do kadav ki anba dekonm toujou; yo pa di y ap sispann vann machandiz yo, men yo vle fè sa on lòt jan. Pastè Chavàn Jèn, kòm bon kretyen, monte nan radyo, li mande vodwizan ki t ap fè sèvis lwa, pwotestan yo t al kalonnen yo, eskiz. Monseyè Ligonde, ansyen achevèk, nan on lèt li voye bay pèp peyi l nan dat 21 janvye 2010, ekri: “Fò n respekte frè n ak sè nou yo, libète yo ak kwayans yo.” Pi devan, nan lèt la, li konstate malgre yo te anonse gwo tranblemanntè ki t apral fè anpil dega, ki t apral lakòz anpil san koule, otorite peyi a pa t fè sa yo te dwe fè pou yo te limite dega yo. Monseyè a ekri: “Mantalite manfouben nou genyen an, mantalite ‘Bondye bon’ an, fè nou pa t pran okenn mezi ijans anvan l twò ta.”
Nan lojik monseyè a, lojik pastè a tou, tranblemanntè se fenomèn natirèl, se pa chatiman Bondye. Si tranblemanntè 12 janvye 2010 la fè tout dega li fè a, se paske nou pa t pare pou li. Kidonk, se pa on kesyon ‘Ki sa n fè, n ap peye?’, men on kesyon ‘Ki sa nou pa t fè, n ap peye pou sa?’ Gen on gwo diferans ant 2 kesyon yo: se pa mal nou fè, se pa moun k ap fè n, men se responsablite nou, nou pa t pran. Sa sa vle di?
Gen yon atik tout moun al resisite (anba dekonm) depi apre 12 janvye a: “Haiti: Menace de catastrophe naturelle. Risque sismique élevé sur Port-au-Prince” (Menas katastwòf natirèl ann Ayiti. Gwo ris tranblemanntè Pòtoprens), yon atik ki parèt anba plim Feniks Delakwa (Phoenix Delacroix), nan jounal ‘Le Matin’ nan dat jedi 25 septanm 2008. Jounalis la kòmanse atik la ak on deklarasyon jeològ Patrik Chal: “Tout rezon ki pou ta fè on gwo tranblemanntè fèt Pòtoprens egziste jounen jodi a. Moun ki rete nan kapital la dwe prepare yo pou sa, paske, wè pa wè, sa ap fèt kanmenm.” Pandan entèvyou a, jeològ la esplike: “Pòtoprens chita sou on fay men longè ki soti Petyonvil, ki travèse tout prèskil Sid la, pou l al bout Tibiwon. An 1751 ak 1771, tranblemanntè te detwi Pòtoprens nèt. De je m pete, sa ap rive ankò. Lasyans ka bay prèv la.” Jounalis di: “Bondye fè se Patrik Chal sèlman ki enterese nan kesyon an. Afè menas tranblemanntè Pòtoprens lan, se on bagay k ap pale toupatou. Anpil moun ap fè deba sou sa sèjousi, pami yo gwo entelektyèl. Yo tout fè menm konklizyon an: Pòtoprens gendwa tounen sanzatann on pakèt dekonm apre on michan tranblemanntè.” Direktè Biwo Min ak Enèji a, enjenyè Dyesèl Anglad, te deklare li menm: “Pandan 2 syèk, pa gen pyès gwo tranblemanntè ki te fèt Pòtoprens. Kantite enèji k ap bouyi ant fay yo ka fè n pran on sekous 7,2 sou echèl Richtè a. Pito nou pa pale de bagay sa a pou n pa panike moun. Paske si sa fèt, se ap on gwo katastwòf.”
Se on gwo pwoblèm lè direktè Biwo Min ak Enèji, on fonksyonè Leta, k ap boule dapre prensip lasyans, deklare yo pa vle panike moun. Èske se sa k fè prezidan an ki tèlman friyan pou komisyon pa t kreye on komisyon sou tranblemanntè? Pou jan lide tranblemanntè pèdi byen fon nan memwa nou kòm pèp, m pa kwè ni kònen lanbi rasanbleman, ni fè bann rara, pouse kout vaksin, voye chante pwen sou do tranblemanntè t ap briding pyès moun. Fòk se ta bon jan entèvansyon Leta ak bon jan mwayen pwopagann radyo, televizyon, bon jan egzèsis preparasyon pou aprann popilasyon an ki jan pou l ta reyaji sizoka tranblemanntè; fòk se ta on bon jan konbit mete enjenyè deyò pou y al poze sonn teknik yo sou bilding Leta, sou lopital, sou lekòl, sou tout bilding kote anpil moun konn rasanble pou yo wè ki kalite sekous yo ka pran; fòk se ta mete enspektè deyò pou kontwole tout chantye…; fòk se ta tout bagay sa yo ki pou ta fè popilasyon an konprann, lè espè di gen menas tranblemanntè se pa koze ‘Tim! Tim! Bwa chèch!, se pa pawòl van, ni pawòl panik.
Kidonk bon jan kesyon an, se ‘Ki sa nou pa t fè, epi n ap peye pou sa?’
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com