Depi Janklod Divalye, Bebi Dòk, retounen ann Ayiti dimanch 16 janvye 2011 lan, diskisyon moun te konn ap fè toupatou—nan lari, nan radyo, nan kwafè, nan makèt, nan estidyo, nan tap¬tap, nan garaj mekanisyen…—sou eleksyon pachiman 28 novanm 2010 yo chanje ton. Gen on gwo kesyon marasa: « Ki van k mennen Janklod nan peyi a? Sa l vin regle? » Sa k di ou se Ame¬riken, Fransè ak Brezi¬lyen met ansanm ki voye l vin simen latwoublay… on jan pou yo bwouye pi plis forè politik Ayiti a, kote madigra mele ak bon mas, kote tout moun tout bèt, kote nèg ki te konn ap woule tout moun nan farin mare kou krab machann ap vin vann moun lavil pou yo fè sa yo konnen avèk li… Sa k di ou ankò, depi ou gade figi mouche a (kidonk Janklod), ou wè se on moun malad li ye, ki¬donk se mouri li vin mouri nan peyi l pou yo pa antere vye zo l nan tè frèt Lafrans. Men Janklod li menm te pral reponn kesyon an… pou l retire tout moun nan erè (!?).
Nan konferans pou laprès li te fè vandredi 21 janvye a, li te di (an franse): « …m konnen ki jan anpil nan nou ta renmen konnen rezon ki fè m tounen Pòtoprens apre vennsenk an m kite peyi a. Se on kesyon tout moun ap poze. / Enben m te vle vin salye memwa tout moun ki te viktim nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la, ki te fè, dapre estimasyon ofisyèl, 316 mil mò. Malerezman m rive apre seremoni komemorasyon yo. »
Sa se bèl pawòl. Men Janklod pa tounen pou mò sèlman—ki pa gen kapasite pou yo ni rekon¬nèt li, ni chonje sa k te pase pandan kenz an li te fè sou pouvwa a kòm prezidan a vi. Li vini nan lespri solidarite ak kon¬byen mil moun ki pa gen kay pou yo rete apre tranblemanntè a, moun « k ap dò¬mi deyò », nan mitan mazi, kay kraze, destriksyon. Li te konnen byen pami moun sa yo gen¬yen ki t ap chonje l. Men li gen jan pa l li di sa:
« Depi m te pran desizyon tounen ann Ayiti pou m vin nan komemorasyon anivèsè evennman tris sa a, m te gentan konnen yo te pral lage nan kò m. Men m ap di nou anvi antre pou m vin pa¬ti¬sipe avèk nou nan konbit rekonstriksyon nasyonal la pi fò lontan pase santiman laperèz pou kèl¬ke¬lanswa pwoblèm yo ta vle ban m nan peyi a… M pa bezwen konnen sa m pase, sa k pi enpòtan pou mwen sè ke m la a avèk nou. E m ap di, nan jan sa a, tout Ayisyen, gason kou fanm, ki dis¬po¬ze pou sa, gen dwa pou yo vle pote kole. »
M pa konn si nou remake pawòl la chanje sou nou. Tankou on aganman, Janklòd soti nan « vin salye memwa », epi l ton¬be nan « vin patisipe nan konbit rekonstriksyon nasyonal ». Se on gwo lakilbit! Konsidere tan l fè deyò (25 an), re¬zon k te mete l deyò (on diktatè ki te vin an pàn pou¬vwa), li tou fè on kout gi¬don—ak fraz « tout Ayisyen… gen dwa pou yo vle pote kole » a—pou l fè konnen, konmkwa li ta santi l jennen, se pa li menm sèl¬man, kòm ansyen prezidan ann egzil, ki dwe gen privilèj re¬tou¬nen nan Ayiti Cheri a (Titid ak lòt mesye ki deyò yo gen dwa pou yo tou¬nen tou).
Se pa on ti koze, se on gwo pwojè. Men èske ansyen Pitit Tig la, ansyen Ke Makak la gen mwa¬yen pou l reyalize pwojè sa a? Blan an ta gendwa ankouraje sitwayen an antre nan peyi a, li ta gendwa menm deside ba l sipò, men èske sitwayen an li menm gen moun dèyè l ki pou rele ‘Viv !’… tankou nan tan lontan? Janklod pale de bèl akèy on ekip jèn ki pa t menm konnen l te ba li lè l te debake nan ayewopò dimanch 16 janvye a. (Sa a se pawòl pa l, pawòl on politisyen: politisyen toujou wè foul ki an favè yo, lè gen sèlman de twa grenn moun; yo toujou wè foul ki leve kanpe kont yo tankou on ti mino¬ri¬te zuit. De ki jèn l ap pale a? Kilès yo ye? Ki kantite ki te genyen toutbon vre?) Men li fè on gwo deklarasyon an favè patizan l li kwè ki la toujou … apre vennsenkan an. Deklarasyon an fè 5 liy edmi nan papye a.
« M pwofite okazyon an pou m fè plizyè milyon patizan m yo konnen piblikman ki jan sa fè m mal, sa yo te fè yo sibi, lè yo te san pwoteksyon, an 1986, apre m te chwazi kite peyi a pou m te ka evite twòp san kou¬le e pou m te ka pèmèt pe¬yi a soti nan on kriz politik. Gen konbyen mil la¬dan yo, yo te fè kò ansasinay, yo te boukannen yo, griye yo, ba yo ‘Pè Lebren’, on pawòl ki vin selèb jou¬nen jodi a. Yo te piye kay yo, piye byen yo, dechouke yo, met dife. E tou sa t ap pase de¬van je ka¬mera lemonn antye. »
Konpare deklarasyon sa a ak sa l di an 2 liy konsènan vyolans ki te genyen sou reny li an: « M pwofite okazyon an tou pou m di tout moun ki rekonnèt, avèk rezon, yo te viktim sou gouvèn¬man m lan ki jan, on lòt fwa ankò, sa fè m tris. » (Men gen on gwo diferans ant 2 tablo yo: kame¬ra televizyon pa t la ni Fò Dimanch, ni Rechèch, ni nan kazèn makout toupatou nan peyi a … pou yo te anrejistre yakoukout, djake, kalòt marasa, touye sigarèt nan je, wonfle anba baton…)
Nan finisman konferans pou laprès la, Janklod al chache Maten Litè King pou ede l nan on koze « rekonsilyasyon nasyonal » ki ta dwe vin pèmèt tout Ayisyen « mache men nan men san pyès moun pa ret deyò, epi patisipe ansanm nan remete Ayiti sou de pye l. » E se sa menm li konsidere kòm vrè mesaj tounen l lan.
Adyeridan! Rekonsilyasyon, se pa sèlman yon mo: pou n rekonsilye, fò n retounen sou sa k te mete n dozado, fòk gen mande padon, fòk gen garanti on sistèm jistis—paske padon pa geri maleng, ni tou li pa bon pou se vanjans moun ap fè tèt yo!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com