Tankou m te di nou semenn pase, youn nan souwè fanatik yo te fè m, se te pou esplikasyon yo plis chita sou lawouli lang lan pase sou kadans politik. Sa vin fè m on ti jan veyatif sou jan m ap antre nan kesyon yo. Men, m pa ka kache nou sa, li difisil pou koze ki ban m pretèks pou m ekri on kwonik chak semenn, se pa on pawòl politik. Se anba bouch m ranmase materyo. E nou konn sa byen: koze politik fè tout moun bat bouch yo; tout moun toujou gen kòmantè pa yo pou yo fè sou ajisman politisyen toupatou. Nou gen tan wè kote m prale ak pawòl la…

De sitwayen kanpe byen serye ap dezannouye machwè yo sou jan bagay yo ap mache bò isit nan fen reny Ti Bouch la. Gaz chè, lwaye kay fè tèt nèg, pa gen travay. Men vivlèwa Chinwa yo, paske, si se pa t lakay yo pou n te pran kèk zèl poul bon mache, sèjousi nèg ta dòmi grangou. Apre sa, konvèsasyon vin vire sou Obama, on barak gason: msye pral mete lòd nan dezòd, peyi a gen pou l retounen vin dous kou siwo lòja ankò. Pawòl mennen pawòl, mesye yo vin tonbe sou Titid: Obama ap voye msye tounen Ayiti, se on pawòl ki pale deja. Rete! Sa k te di mesye yo pou yo vin sou pawòl sa a? Konvèsasyon chanje. Pawòl chanje fòm. Youn ap eskive pawòl lòt tankou se te kout pwen k ap ateri nan figi yo. Mwen menm, m fè kò m piti, pou m pa nan al sèvi temwen, ni pou m pa viktim tou.

Se nan moman sa a, on lòt sitwayen wè pou l vin panche bò zòrèy mwen pou l fè on kòmantè avè m: “Enben, Titid sa a, se li k ta gen chans pase tout prezidan sou latè. De koudeta, epi pou tou de fwa yo, prezidan Etazini ta mennen l tounen! Gade Ti Rene! Se li menm sèlman wi ki depi 7 fevriye 86 rive fini on manda kòm prezidan. E li pral fini dezyèm manda l la tou! Sa k ta di sa? Pou jan yo di mouche yo rele Aristid la entelijan! Devan l, Preval se on kannannan l ye. Men Preval gen on bonte lakay li, se nèg ki kondi bak li byen. Li pa nan fè deblozay ak moun. Se li, se pa li. Lè ou plenyen, li plenyen avè ou. Si ou di ou pral manifeste kont gouvènman an, li di ou pase pran l. Egal se Preval k ap mennen! Menmsi sa etone anpil moun. Gen on pwovèb konsa wi. Ou kwè se pa “Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri pa ka lage l”?

M pa t vle parèt pou on nèg sòt devan sitwayen an, se sa k fè m pa mande l pou l esplike m sa pwovèb la vle di, nan ki sans li sèvi avè l. Men m pa ka ret nan dlo a twò lontan, kouran gendwa mennen mkote ki twò fon, pou m pèdi pye. Fò m naje pou m soti.

Pwovèb la konpare, men li tou klase tou. Li konpare ‘nèg sòt’ ak ‘nèg lespri’, epi li on jan mete nèg sòt sou tèt nèg lespri—nan sans li di nèg lespri pa ka leve defi nèg sòt ba li. Epoutan, defi sa a sanble li senp anpil: on chwal nèg sòt mare, epi nèg lespri pa ka demare l. Ala on revanj pwovèb la pèmèt nèg sòt tire a! Se on revanj Bouki sou Malis, on revanj Jan Sòt sou Jan Lespri.

Lè n ap grandi, je n ap dekouvri milye nou, tèt nou ap dekouvri sistèm valè nou, pòtre ak lide nèg sòt se youn nan premye mistè ki eklèsi pou nou. “Gade lè nèg sòt la, non! Tigason sa a sòt pase panyen pèsi! Se bon jan pitit papa l!” Vle pa vle, nou wè sòt la make ni sou figi tigason an ni sou figi papa a, menm si nou pa menm konnen l. Lide nèg lespri a, se on bagay ki pral vini pi devan. Lide nou jwenn anfas ‘sòt’ la, se lide ‘entelijan’. “Gade fèy zòrèy tigason an! Sa kanpe! Depi ou gade fèy zòrèy li, ou wè se on timoun ki entelijan.” Entelijan lekòl, entelijan nan tout lòt bagay, menm amou!

Lide sa yo, ‘nèg sòt’, ‘entelijan’, ‘nèg lespri’, nan ka pa m, vin ap goumen ak on seri lòt lide ni papa m, ni Ton Sebyen te vle foure nan tèt mwen. Yo te fè m konprann ‘entelijan’ gendwa vle di vòlè tou. Tankou lè on moun di: “Entelijan! — epi li on jan trennen sou mo a — Ou a entelijan pa ou!”, l ap pale de moun ki ka pase sou ou, moun ki konn tout teknik ak lodas pou dezabiye zòt, voye yo ale chèch. Konsa tou yo te fè m konprann, lè on moun ap pale de ‘lespri’, sa pa toujou klè, paske gen lespri achte, gen lespri natirèl, kidonk lespri nèg al pran sou ban lekòl, ak lespri nèg devlope sou baz bonsans ak esperyans. (M pa t janm twò reflechi sou sa, men lide ‘lespri achte’ ak ‘lespri natirèl’ la vin fè m chonje konparezon ‘lwa achte’ ak ‘lwa ginen’ yo, kidonk lwa natirèl yo, lwa ki chita nan demanbre fanmi an.)

Kesyon ki moun nou konsidere kòm moun sòt, ki moun nou konsidere kòm moun lespri an, se on kesyon, jounen jodi a, nou oblije gade sou on baz teknik. Nan fòm pwovèb la menm, nou santi aspè teknik lan: yo di nèg sòt mare chwal li, men yo pa di ki kote li mare chwal la, ki jan li mare chwal la, ki kalite kout kòd li bay, ki kalite ne li sèvi pou l mare chwal la… Èske repons nou bay pou chak nan kesyon sa yo pa pral sèvi kòm esplikasyon pou kapasite nèg lespri pa genyen pou l lage kòd nèg sòt mare.

Gen on pawòl ki di fò ou konn la pou ou al la. Si ou pa t mare kòd, fò ou konn ki jan pou ou al defèt ne kòd la. Men sa a se koze pou dezyèm pati a…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *