Lòtrejou, m gen on bagay ki frape m. Nou pa bezwen sezi: se pa ni on kout boul, ni on kout wòch m pran etan m ap pase bò pak la. Sa k frape m lan, se on bagay m remake, on konsta m fè. Men se pa on ti chòk piti. Imajine nou abitye koute yon emisyon ki pase 5 jou sou 7 nan radyo, epi sanzatann konsa jan animatè a fini emisyon an atire atansyon nou. Se sa k rive m Lendi 13 avril la: animatè prensipal emisyon m t ap koute a di kavalye pòlka li a: “N ap kwaze demen!”
Premye reyaksyon m se ta pou m kwape animatè a on jan sevè, jan granmoun te konn fè avè m, jan yo te konn fè ak tout timoun: “Jennonm sa a konprann demen se pou li. Li gen lè panse se kèk Bondye li ye. Demen pa pou ou, frè; demen se pou Bondye; demen se toujou ‘Demen si Dye vle’!” Men, m pa di anyen, paske m konnen animatè a pa on timoun piti, epi tou m remake pifò moun fè menm bagay la. Mwen menm, m pa chonje ki dènye fwa m te di ‘si Dye vle’…
Anvan nou antre nan refleksyon pouse sou koze ‘si Dye vle’ (osnon ‘si Bondye vle’) a, gen on ti remak lengwistik m ta renmen fè. Gen on diferans ant ‘N ap wè demen!’ ak ‘N a wè demen!’ Se on diferans ant AP, ki bay asirans, ki di pa gen dout, ki di san mank, ak A, ki lage aksyon ki gen pou fèt la nan domèn ‘pètèt’, sizoka, si pa gen kontraryete. Pou nou konprann sa pi klè, eseye chonje lè manman te konn mande nou pou nou fè tèl bagay, epi nou reponn li: “M ap fè l kon m sot lekòl.”—on pawòl garanti, osnon “M a fè l pita.”—on pawòl fèmen bouch.
M dekouvri koze ‘si Dye vle’ a fè pati on ekip lòt pawòl ki sanble fòmil majik, tankou fòmil nou te konn abitye tande nan kont lagrandyab—‘Takèt pòt, ouvè pòt! Takèt pòt, fèmen pòt!’ Pawòl fòmil majik se pawòl nan reyalite lavi nou, nan reyalite lavi tout pèp, ki gen pouvwa pou fè on seri de bagay rive, pou pèmèt on seri de mirak fèt. Pawòl tankou ‘tanpri’, ‘eskize m’, ‘se pa fòt mwen’, ‘padon’, ‘mèsi (bokou)’, ‘bonjou’… An nou gade de grenn egzanp sèlman.
On bon kout “Tanpri, frè m lan!” ap fè nenpòt ti frè kè di, regadan, malonèt leve kite on bon jwèt enteresan pou l al pran on gode dlo pote bay gran sè li ki kouche sou do ak on magazin nan men li. ‘Al pran on ti dlo pou mwen!’, sèk konsa, san on ti kout ‘tanpri’, pa t ap bay menm rezilta a.
Dezyèm egzanp: nou tout konnen enpòtans ‘bonjou’. “Di bonjou montre chemen!, se sa grandèt yo aprann nou.” Se tankou m tande Siksto nan ouvèti ti Sentaniz k ap di: ‘Bonjou madanm pi bon pase konn lawout. Pou ou al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi ou gen on bonjou nan bouch ou, y ap monte jous Mòn Tayfè, jous Mòn Malanga, pou y al montre ou nenpòt ki kay.’ Men Siksto ban nou revè a tou: lè ou al mande wout ou san ou pa di bonjou, si ou gen chans, ou tonbe sou on bon moun, l a voye ou al kay Madan Bonjou; men si ou an devenn tou, ou al tonbe sou Monkonpè Teyofil, l ap voye ou al fè letou peyi a, l ap ‘voye ou al rekonnèt ou’—kidonk al pèdi pou ou aprann lizay.
Pawòl fòmil majik yo, se pawòl jwèt konsanti. Nou konprann enpòtans yo, nou konprann ki jan pou n sèvi avèk yo, ki lè pou n sèvi avèk yo. Men tout moun konnen yo parèt tankou on ekip po krab vid, po krab vyann lan sove ladan yo—sèlman, nou gen prensip, lè nou wè on zo nan granchimen, nou chonje li te gen vyann sou li. Anpil fwa, lè on pawòl konsa pati, nou konn tcheke si pawòl la gen nanm sou li toujou, si se pa bon bouch zòt ap ban nou pou yo andoye nou. Nou grandi nan sistèm ‘Eskize se lizay!’—kidonk vle pa vle n ap mande eskiz paske nou konnen sa enpòtan. On moun ki fin fè nou on bagay, epi li di nou padon, nou reponn li: “Padon pa geri maleng!”—kidonk, se vre ou di m padon, men konsekans sa ou te fè m lan la.’ Konsa tou, gen de moun nou konnen ‘Bonjou (nan bouch) yo pa laverite’, men moun sa yo di bonjou paske granmoun yo te toujou aprann yo pou yo pa monte sou moun, tankou chwal, san yo pa salye yo.
M konnen anpil moun ka malalèz ak lide ‘si Dye vle’ kòm on pawòl fòmil majik. Paske yo pa sèvi ak pawòl sa a an jwèt: lè yo di ‘si Dye vle’, yo vrèman lage responsablite sa yo ta renmen ki pase a sou kont Bondye; se pa on pawòl estati pou yo: yo ka fè l pran fòm ‘si Pè Letènèl kontan’ osnon si Gran Mèt la kontan’; yo ka jwe avè l selon kwayans yo.
Rapò nou ak Bondye marande ak plizyè ne nan leve-jwenn nou. Anpil pawoli montre sa. Nou di ‘se sou kont Bondye nou ye’; gen de sitiyasyon nou ye, nou di ‘se Nonm anlè a sèl ki ka fè on bagay pou nou’; nou di ‘bèf ki pa gen, se Bondye ki pouse mouch pou li’; menm an jwèt, nou di ‘Bondye konte nou, dyab pa konte nou’, lè on timoun ap konte nou nan on gwoup; lè n sou wout pèdi on okazyon, nou di ‘sa Bondye sere pou nou, lavalas pa ka pote l ale’; lè nou nan soufrans, n ap tann delivrans, nou di ‘Bondye bon’ osnon ‘se Bondye ki fè’…
M te konn on tonton tout moun te di ki temerè lè m te piti. Depi yon moun di ‘demen si Dye vle’, li toujou reponn ‘Bondye pa p pa vle demen rive. M ka pa wè demen an, men demen ap rive kanmenm! Pito nou koumanse prepare pou demen!”
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com