Depi Janklod (Bebi Dòk) Divalye tounen Ayiti dimanch 16 janvye 2011 lan (pa sanble se on vizit doktè li vin fè an¬kò—‘Mouche a enstale nan peyi l, ap pran lèz kò li’, kondi on sitwayen di), epi Konmisè Gou¬vèn¬man te voye chache l nan madi 18 janvye, fè l parèt nan Pakè pou yo te poze l kesyon, gen on sèl hing-hang ki mete pye nan peyi a—ant viktim rejim Divalye yo (rejim Papa Dòk mele ak rejim Bebi Dòk) ak ansyen (me¬le ak nouvo—pa gen lòt jan pou m di sa) sipò¬tè Janklod li menm, kidonk ant de gwoup, youn ap mande pou Janklod parèt devan lajistis pou l al repon kesyon pou zak gouvènman l lan te fè, lòt la k ap swa denye kareman te gen okenn mo¬ve zak ki te fèt swa deklare, apre tout tan sa a, fòk yo kite mouche an repo l, paske tout tan sa a li sot fè ann egzil la, se tankou li te tou peye pou tou sa yo akize li menm ak patizan l yo te fè sou re¬jim li…
Mèt afè a, li menm tou, pa rete bèkèkè. Nan yon entèvyou Univision, on chèn televizyon pan¬yòl Ozetazini, te fè avèk li, Janklod deklare moun yo k ap di se diktatè li ye a soufri maladi bliya¬dò: « Lè y ap rele m diktatè, se ri m ri yo. Moun sa yo, yo soufri maladi bliyadò. Yo bliye nan ki kondisyon m te pati kite Ayiti. » Li menm fè konnen se li menm ki te kòmanse mouvman demo¬kra¬si a ann Ayiti. Pale msye pale pawòl bliyadò a, ni patizan l ni advèsè l antre nan won (avèk ou san baton), epi sa deklannche on bann koze sou koze memwa. Sa k di ou se bon pou nou, se pas¬ke nou « gen ti memwa », paske nou « gen memwa kout », ki fè Janklod ka tounen, apre prèske 25 lane li fè deyò, vin griyen dan l sou nou. Sa k di ou anpil nan nou tankou moun ki bwè nanm yo nan boutèy kleren—konmkwa se pa sèlman soule nou soule, men menm lè nou ta vin desoule a, si n desoule, nou pa p janm nòmal, paske nou pèdi bonnanj nou, nou gaga, nou tounen zonbi. Lòt ki deklare menm chat gen memwa pase nou, paske chat ki fin chode nan dlo cho, lè l wè dlo frèt, li kouri; li pa konnen, li pa p pran chans kite yo kankannen l ankò… fè l tounen on chòche, on rat do kale. Gen lòt ankò ki konpare nou ak Konpè Chen, men on jan pou yo desann nou nèt, pou yo di msye fè de pwen sou nou, konmkwa nou pi mal pase chen, paske yo pa janm chatre chen de fwa—on bagay ki nò¬malman enposib si nou byen konsidere sa sa vle di chatre (sòf si se ta on bòs machòkèt ki ta fè on move kout jilèt nan on operasyon chatray e ki ta mande korije), men pawoli a plis vle fè konprann ‘chen pa p janm kite menm bagay la rive l de fwa’. Men pawoli m pi renmen an, se nan bouch on pèsonaj ki te rele sou radyo Karayib m pran l : « Nou manje manje bliye! »
Se vre lè n tande nenpòt ki pawoli, li enpòtan pou n chache konprann tou sa moun k ap pale a mete dèyè l e ak ki moun l ap pale tou. Men pawoli « manje manje bliye » a fòse n pou n al pi lwen. Fò n rekonèt se on pawoli ki enteresan nan fòm li. M toujou souri chak fwa m tande l—on ti souri moun ki gaga devan mèvèy lang. ‘Manje manje bliye’ : on bèl pawoli. Nou ka mete l kòt a kòt ak de pawòl tankou ‘manje mango’, ‘manje mayi’, ‘manje kann’… pou n konpare l avèk yo. Gen yon aksyon ki fèt: ‘manje’. Sou ki sa aksyon an fèt la? Sou on ‘manje bliye’. ‘Manje bliye’ a menm, ki sa l ye? On manje espe¬syal? On manje ki konpoze espesyalman (menm jan ak on bou¬tèy remèd yo ta konpo¬ze, yo ta monte, espesyalman pou on moun ki malad) pou pèmèt moun bliye, pou fè moun bliye? Osnon èske se yon manje yo te bliye on kote? Tout kalite bèt ta pase sou li, tout kalite mikwòb ta tonbe ladan l, tout kalite move zè ta bat li? Epi on moun ta al manje manje (yo) bliye sa a san l pa konnen oubyen nan saf li—tankou si l ta bliye prensip gran¬moun te konn ba li: ‘Nou grangou, nou pa saf, tigason!’ Kèlkelanswa nan sans nou ta vle pran pa¬woli ‘manje manje bliye’ a, manje sa a se on manje ki deranje me¬mwa nou. Li fè n malad, bon jan malad. Li dekonstonbre nou … pi mal pase moun k ap koukouman anba kolera, k ap depale nan transpò lanmò…
Gen on sitwayen divalyeris osnon janklodis (m pa si li te idantifye tèt li) ki te sèvi ak pawoli ‘manje manje bliye’ a nan sans pa l. Pou li menm, nou manje manje bliye—nou manje on manje epi nou bliye l—paske nou bliye tout bon bagay nou te genyen soti 57 rive 86. (Sans sa a vrèman etone m : si entansyon pawoli a se te on repòwch, tankou jan sitwayen an sèvi avè l la—‘Engra! San larekonesans!’—ensistans sou ‘manje’ kòm objè konpleman aksyon an pa t ap nesesè; pawo¬li a t ap jis di: ‘Yo manje epi yo bliye!’) Bèl mèvèy Papa Dòk epi Bebi Dòk te fè nan peyi a, da¬pre sitwayen an, disparèt soti 7 fevriye 86 rive jodi a. Li pa detaye lis bèl mè¬vèy sa yo: li kontan¬te l pou l lonje dwèt sou tou sa ki pa bèl nan figi l, ni nan figi pyès moun, de¬pi Jan¬¬klod te pati ki¬te peyi a. Li wè chimè, li wè kidnapè, li wè zenglendo. Li wè fatra k ap mon¬te nan nen nou. Li wè zòn kote lapolis pa ka pwoche, paske gang ak baz pran yo. Li wè mani¬fes¬ta¬syon klowòks, ma¬nifestasyon kont grangou, ki jete premye minis. Li wè grafiti sou tout mi k ap rele prezidan tout non. Li wè Blan toupatou nan peyi a… Li wè, li wè…
Soti 57 rive 86, gen anpil bagay nòmalman nou pa t ka wè… paske moun pa t gen dwa fè yo. Chimè, kidnapè ak zenglendo jodi te gen rechanj Tonton Makout sou yo yè: yo te prita, kase ponyèt, kraze brize pou dan ri. Fatra te nan boko fatra, tankou Nan Savann, Okay… kote gran¬moun kou timoun te konn al fouye chache… ki sa? Sa yo ka jwenn (vye asyèt, vye gode, vye bonm aliminyòm, vye kiyè ak fouchèt ajan…) pou yo vann pou yo ka al pran on aleken! Bòt de¬sanlye jandam ak leyopa pa t gen limit: pa t gen katye kamyon jandam, bèt seren, san manman, pa t ka debake. Lè on moun ou te grangou, gen anpil bagay ou te ka fè, tankou manche kwi ou, mande an franse, met sa ou genyen lekòl, al vann san ou, eseye pase sou sa k bliye kò yo, men ou pa t gen dwa al rele anmwe di ou nan sitwon—se te tankou ou t ap pale gouvènman an mal (m chonje istwa on nèg yo te arete, kalote tankou ansasen kriminèl, bò kazèn makout Petyonvil la, kidonk nan teritwa (tonton) Pòl Veriken, paske msye te vire kat pòch li lanvè ap chante: « Gade on peyi, m pa ka manje! Gade on peyi, m pa gen lajan! »). Nèg sa a se te on kamoken—nan je sistèm lan! Ann imajine sa k ta pase on moun yo ta siprann ap ekri premye lèt nan « Aba Bon¬bon¬fle! » sou mi simityè… yo t ap tou fè l al fouye tou l… ak pwòp men l! Men wi te gen Blan nan peyi, te toujou gen Blan, men yo t ap bwè kòb yo… kote nou pa t ka wè yo!
Se vre nou gen on pwoblèm memwa, kèlkeswa pawoli nou vle sèvi pou n pale de li a. Menm Jan¬klod ki konsidere nou soufri maladi bliyadò a deklare jan l kontan paske on ekip jèn « ki pa t menm konnen [l] te ba [l] on bèl akèy » lè l te debake ayewopò a. Maladi bliyadò a fè l di byen: so¬syete a pa t fè travay li: li pa t fè jèn yo konnen jan sa te ye sou rejim Divalye yo. (Nou ka ima¬ji¬ne gen on ti pousantaj nan jèn sa yo fanmi yo t ap byen mennen sou rejim lan.) Èske se vle nou pa vle chon¬je, paske nou prefere bliye sa ki pa t fè n plezi? Èske se chwazi nou chwazi pou n pa vire ga¬de sa k te konn ap pase anvan paske nou konsidere sa pa regade nou, konmkwa zafè kabrit pa zafè mou¬ton? Fò n bay rezon yo. Amwenske nou chwazi pou n mache nan lojik on esplika¬syon m tande deyò a: nou pa ka kondane sa k te pase pandan 29 an Divalye yo paske sa k ap pase nan peyi a de¬pi 7 fevriye 86 pa ban nou rezon pou nou santi nou fyè kòm Ayisyen. Lojik sa a bon jan kan¬bral! 57-86, se on moman istorik. Foto l la—sou fòm tout kalite dokiman. Kèlkeswa sa k pase so¬ti 7 fevri¬ye 86 rive jounen jodi a, li pa ka chanje foto 57-86 la: se on lòt foto, ki gen dokiman pa l ki sipò¬te l. Aktè nan tou de peryòd yo fèt pou reponn kòz yo reskonsab!
Ewòl Jan-Franswa (Hérold Jean-François), nan yon atik li, « Ni Duvalier ni Aristide… », ki pa¬rèt nan jounal Le Nouvelliste nan dat 8 fevriye 2011, rapòte kòmantè yon madanm ki telefone yon emisyon radyo pou l bay opinyon l: « Nou tèlman pa regle anyen pandan 25 an, nou fè sa ki pa te bon ditou pase pou pi bon… ». Avoka ak fanatik Jankod yo renmen pawòl sa a. Li sanble on pawòl bon sans, men, an reyalite, se on pawòl patizan, on pawòl kote ou kanpe—menm lè moun ki di l la pa santi se on patizan li ye. Yo deklare si Janklod dwe jije, fòk moun ki vin apre l yo (Titid ak Preval) jije tou—nan tèt yo on moun ki kont Janklod, li fòseman fanatik Aristid os¬non Preval, kidonk moun sa a pa p mache nan lojik jije a. Yo gendwa gen rezon.
Konbyen moun k ap dakò pou gen yon sistèm jistis ki mande tout sitwayen ki te gen on respon¬sa¬blite nan jere trimès Leta, kèlkelanswa tit li, kèlkelanswa grad li, kèlkelanswa nivo l, pou l vin rann kont tout kòz li te fè? Konbyen k ap dakò lè se tou pa yo pou yo mande yo vin rann kont tou? Nou ta ka imajine moun ki t ap goumen kont rejim Divalye yo, premye sa yo ta fè se ta de¬vlo¬pe on sistèm jistis kòdyòm ki pèmèt viktim rejim lan pote plent kont diktatè a ak tout sibreka fidèl li yo, on sistèm jistis ki ta pèmèt Leta al dèyè byen l rejim lan te pran. Nou konstate yo pa t fè sa, yo pa t enterese fè sa. Èske se pè yo te pè sistèm ‘baton k bat chen nwa a, se li k bat chen blan an’?
Èske sa dwe kontinye konsa? Èske sa ka kontinye konsa? Èske nou ka kontinye fonksyone san memwa? Èske nou ka rete nan sa l fè, l fè? Jan l pase, l pase? Bondye bon? … Fò n travay sou me¬mwa nou. Nou ka wè memwa a tankou memwa chak grenn moun nan sosyete a, memwa on gwoup moun ki gen menm enterè, memwa on katye, on bouk, on vil, on depatman… Lè yo pale de « Vèp Jeremi », de « fiziyad 19 ofisye lame yo », sa ta dwe nan memwa kèk moun, men memwa moun gendwa gen tou, paske gen on bann rezon ki gendwa lakòz memwa grenn moun pa travay. Memwa enstitisyon sipoze pi bon—laprès se youn nan enstitisyon ki kapab sèvi pou konsève memwa nou… Travay sou memwa nou vle di fò n sèvi ak memwa nou, fò n pale de sa k pase, fò n fè memwa timoun yo.
Li vrèman lè pou n sispann manje manje bliye !!!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com