Emisyon Ranmase (Radyo Karayib) semenn sa a, samdi 9 oktòb 2010, pa t twò diferan ak emi¬syon lòt semenn anvan yo: on seleksyon envite pami gran jakèt k ap brase (nan) politik peyi a, on ani¬ma¬tè ki pa ka pran desizyon si l vle jwe wòl gid deba, distribitè pawòl osnon si l vle nan kon¬pe¬tisyon ak envite yo, anpil pawòl kafou¬yay ki pa pèmèt pyès moun konprann ni aprann anyen, moun ki pa t envite, responsab emisyon an pèmèt yo fè dezòd debake nan emi¬syon an osnon rele nan telefòn pou yo pale—men kòm se on gran mès politik, vle pa vle, nou toujou branche, depi si¬yal entènèt la pa tonbe! Sa k di¬feran, se jan mwen menm m reyaji konnye a lè m tande on seri de pawòl k ap pale nan emisyon an, pawòl ki fè m oblije di “Malad la malad sal!”
Nan emisyon samdi a, m konte te gen pou pi piti 6 envite: 4 senatè: Youri Latòti, Jozèf Lanbè, Woudi Erivo ak Evalyè Boplan; yon depite: Sorèl Jasent; yon pwofesè: Chal Pwasè Women). M tande youn nan envite yo, Senatè Erivo, k ap di se Ayisyen ki denigre peyi yo plis, sitou Ayisyen nan dyaspora a, Ayisyen k ap viv nan gwo metwopòl tankou Boston, kote madanm li ye nan mo¬man l ap pale a, Ayisyen Monreyal, Nouyòk, Mayami, Chikago, Pari… Ayisyen sa yo pa janm rate on okazyon pou yo pale peyi a mal, pou yo di jan sa pa bon ladan l. M plis reyaji sou pawòl sa a paske nan lavèy, kidonk vandredi 8 oktòb, m te nan on chita pale ak kèk edikatè ayisyen, e se menm kalite pawòl la m te tande: Ayisyen k ap viv deyò se yo menm ki toujou ap pale on bann koze negatif sou peyi a.
Moun ki pale jan de pawòl sa yo, se an jeneral moun ki gen on fonksyon yo ranpli nan peyi a, ki gen on reskonsablite nan kèlkeswa nivo a, e ki anpeche moun di yo pa regle anyen serye. Yo envante tout eskiz pou yo jistifye sa k fè yo pa renmèt anyen. Pi bèl eskiz la, se gade dèyè: se pa jodi a ba¬gay yo konsa, depi 200 zan sa pa janm chanje. Patizan moun sa yo repete menm pawòl al tou, kit se te patizan pre k ap jwi pouvwa a nan tout sans, kit se te patizan lwen ki pa sanble yo gen anyen y ap defann—men moun sa yo gen pozisyon militan la¬gòch yo ki fè yo kwè fòk yo de¬fann tout pouvwa yo panse ki (ta dwe) panche a goch, menm si yo wè pouvwa a se yon pouvwa ti zanmi ki pa pote anyen pou mas pèp la. Menm moun ki pa sou pouvwa, ki gen rèv nan kè yo pou yo ta okipe on pozisyon nan peyi a on jou fè menm kalkil la—yo pa p di anyen ki twò depa¬se paske yo pa ta renmen pou lè yo pran pouvwa a, ap fè gagòt pa yo, pou moun vin kritike yo tou. Yo aprann leson yo: Baton k bat chen nwa a, se li k toujou bat chen blan an!
Lè on politisyen vini ak pawòl ‘se pa pati pa l la ki reskonsab jan bagay yo ye nan moman l ap pale a pas¬ke sa te toujou konsa depi 200 zan’, se on bèl taktik: pifò moun pa gen kapasite pou y al gade ki jan sa te ye anvan. Yon moun ki ta eseye di sou tèl tèl gouvènman sa pa t konsa, y ap tou¬jou fè l konprann se selon enterè pa l l ap pale, paske se te gouvènman ki te an favè l. Men po¬li¬tisyen an, li menm, lè l t ap konbat gouvènman ki te la an¬van an, li pa t sèvi ak koze ‘depi 200 zan’ an…
Se pa on ti koze an jwèt. Se on pawòl ou konn kou¬ri, ou pa konn kache. Si bagay yo konsa depi 200 zan, tout pati politik ki kandida pou l pran ba direksyon peyi a konnen egzakteman nan ki eta peyi a yo. Ki eskiz yo genyen pou yo pa devlope on pwogram serye on fason pou yo toujou pare lè okazyon an parèt pou yo pran pouvwa a ak on pwogram serye? Amwenske sa pa enterese yo pou yo fè anyen serye pou peyi a. E pou ki rezon on peyi oblije gen dirijan nan kondisyon sa a? Pou ki rezon kandida oblije fè kanpay, mande sitwayen pou y al vote pou yo? Pou ki rezon nou eli yo menm? Èske se pou bèl figi yo? Èske se pou n fè tèt nou plezi nou mete moun pa nou sou pouvwa—konmkwa pito se nou pase se yo?
Lè on politisyen deklare se pa gouvènman an (gouvènman l ap sipòte a) ki pou fè tout bagay, sa l vle di? Ki wòl gouvèn¬man an? ¬Èske se pa gouvènen, bay direksyon, defini règ jwèt la, on jan pou l pèmèt tout sektè nan peyi a mache nan sans enterè tout peyi a? Èske wòl gouvènman an se pa devlope on sistèm ki pou pèmèt on seri sektè kle fè pou peyi a sa Leta li menm li pa gen mwa¬yen pou l fè?
E opozisyon an? Li gen wòl li tou: pouse lide ki mache ak plan li t apral reyalize si se li k te sou pouvwa a. Si li mal ranpli wòl li, li enkonpetan menm jan ak gouvènman an. Se pa opozi¬syon an sèlman ki gen privilèj kritike a… E sosyete sivil la li menm? M tande yo di souvan li pa fè travay li? Ki travay li? Kilès ki ba l manda? Sosyete sivil la pa nan klas politik la, li pa t al nan eleksyon… Si moun ki pran responsablite dirije peyi a gen on plan klè pou yo fè peyi a mache, yo ka defini wòl sosyete sivil la epi fòse l patisipe…
Lè politisyen ki al nan eleksyon, ki gen pretansyon pou yo dirije on vil, on depatman, on peyi pa vle admèt se responsablite pa yo pou yo pote chay la, lè yo pa asepte pou moun di yo yo pa p fè travay yo, gen rezon pou nou di … malad la malad sal—paske li malad nan tèt!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com