Tankou m abitye fè chak ane lè n rive epòk sa a, epòk ane a pral fini, m mache flannen nan zòn biznis—zòn kote ki gen anpil moun k ap mache gade san pran menm jan avè m, osnon k ap gade si yo jwenn on bon afè—pou m ka pran tansyon lavi a. Fendane 2009 la, on ane tèt chaje, moun pèdi travay, pèdi kay, pèdi lajan yo te envesti nan gwo mache kapitalis, m te pi veyatif toujou ni nan fason m t ap gade ni nan jan m t ap koute. Nan tout bourara klaksonn machin chofè taptap k ap tcheke pasaje; chofè otobis ki depasyante k ap monte sou do machin; timoun k ap eseye matche pa ak granmoun yo k ap boulinen travèse lari san gade; moun k ap mache ansanm, men yo chak nan telefòn pa yo, ap pale byen fò san youn pa kontrarye lòt; wi, nan tout bourara sa a, gen on konvèsasyon ki atire atansyon m.
—“Demen pa p bon pou mwen. Ann voye l pou samdi. M gen randevou ak on moun ki te pwomèt mwen on travay.”
—“Toutbon!? M pa t konn sa, non. Ou se se moun ki gen chans, sa ap mache. Antouka m swete ou bòn chans kanmenm.”
M pa t konn ni pye ni tèt konvèsasyon an, se pantan m al pantan sou pawòl yo, men mo ‘chans’ lan frape m. Li fè on eko nan tèt mwen. Paske l al kontre ak on lòt mo menm jan avè l ki te la depi detwa jou ap trakase lespri m. Sikonstans yo pa t menm. On ti madmwazèl ki te nan telefòn, ap pale ak on ti zanmi l, se sa m te imajine, di: “Pale ak chans ou non, monchè! Pa ranse ou avè m! Kote m konnen ou!”
M fè lontan ap eseye konprann rapò ki genyen ant mo ‘chans’ lan jan ti dam lan sèvi avèk li a ak lòt sans mo a genyen. M konprann ‘pale ak chans ou’ tankou ‘pale ak kanmarad ou, parèy ou, krabè ou’. M pa jwenn nan ‘chans’ lan sans m jwenn nan “Se on chans wi ou jwenn mwen la a. M fin soti deja, se on bagay m bliye, m retounen vin chèche l.” ‘chans’ nan ka sa a vle di on ‘mirak’, on bagay ki ‘rive pa aza’, on bagay ki ‘pa t sipoze fèt’. Se menm sans lan nou jwenn tou lè on moun di: “Se on chans m ap pran, m pa konn si l ap mache.” On lòt gendwa reponn li: “Nan lavi a, fò on nonm pran on chans. Pito ou pran on chans li pa mache tan ou pa fè anyen menm!”
On moun ki fè on bagay ki pa sa, ki ta merite on pinisyon konn gen chans li tonbe sou on chèf ki pa twò di: “M ba ou chans lan, men pa kite sa rive ou ankò!” Kidonk chèf la kite sa pou li. Nou gendwa rele moun sa on moun ki gen chans, on moun ki gen chans pou bon bagay rive l osnon pou l espadonnen move bagay. Se sou on lòt sans ‘chans’ n ap glise la a tankou nou wè. Se pa chans-mirak ankò, men se chans-fèt an kwaf, chans-pa sennesòv, chans-byen benyen. Kategori chans sa a tèlman byen chita nan kwayans leve-jwenn nou, li gen revè l tou: an devenn. Kidonk gen moun ki gen chans, epi gen moun ki an devenn, ki menm konn gen on devenn kòde sou yo. Gen moun yo di kèlkelanswa sa yo manyen an, li mache pou yo. Moun konsa, ou pa ka suiv yo, paske se moun chans yo ye. Men moun sa yo konn oblije fè atansyon tou, konn ak ki moun yo annafè, pou zòt pa pran osnon rale chans yo, lage on devenn sou yo—e sa ka menm pi grav: zòt ka lave men yo, fè lajan pa ret nan men yo, menm si yo te travay tankou satan.
Nan menm kategori chans-fèt an kwaf la, fò n konsidere moun ki di chans yo lou, sa k di yo gen vye chans madichon tou… Se ladan l tou pou n mete ekip mesye yo di ki ‘gen chans fanm’ yo, kidonk mesye kote yo pase yo fè fanm, kote yo pase fanm tonbe sou yo, san yo pa bezwen fè anyen pou sa, paske se don pa yo Bondye ba yo, se pa maji… Wè, papa!
Gen on dènye kategori chans: se lè chans on moun marye ak prezans on lòt moun osnon ak prezans on bagay. Kategori sa a gen revè tou: prezans moun lan osnon bagay la gendwa rale devenn. Sa bay pawòl tankou: “M gen chans osnon devenn ak tèl moun.” osnon “M gen chans osnon devenn ak tèl bagay.” Ton Sebyen te gen on pawòl li di ou: “Jezila se te fanm chans mwen. Lè m te avè l, m te gen nan bòlèt chak semenn.”
Kategori chans-prezans lan layite kò l pou l ranmase rapò ant machann ak achtè. Maten bonè se tout on sinema lè ou al achte nan men on machnn ki po ko fè premye lavant li. Li gen pou l mande ou “Ki chans ou?”, si se chans gason osnon chans fanm. Si ou pa konnen, li pa p kite ou manyen konmès li, ni tou li pa p pran lajan an nan men ou: l ap fè ou met lajan an a tè, pou l pran l li menm. Machann toujou chache pou yo fè premye lavant lan ak on moun yo gen chans avèk li—chans fanm pou chans fanm, chans gason pou chans gason. Tout pwoblèm lan se rive konprann matematik chans lan. Chans ou se ki moun ou mennen dèyè ou, ki pitit ki fèt apre ou—gason osnon fi, kidonk chans gason osnon chans fanm. Si ou pa mennen pyès moun dèyè ou, ki sa premye pitit ou ye, gason ou fi? Men gen on machann ki te di m afè chans pa pale, se kè moun lan ki konte. M pito sa a!
M pa p swete n bòn chans, m ap swete n bòn sante pou ane 2010 la!