M t ap esplike nou lòtjou ki jan nan fendane a m t al flannen nan zòn biznis yo pou m te ka pran tansyon lavi a. M te di nou tou ‘pran tansyon lavi a’ vle di pou mwen founi je m gade sa k ap pase etan m mete zòrèy mwen an twonpèt pou m tande sa k ap di. Ti son m te di nou m pran semenn pase a, koze ‘swete bòn chans’ lan, pa on pwèlyèm devan sa m vin dekouvri apre ki te tonbe nan rezèvwa m. M si, menm si m ta gen plizyè dire lavi devan m, sa pa t ap ase pou m ta separe yo avèk nou. Se donmaj ki fè donmaje!

Antouka, konsole nou: semenn sa a, m ap bann nou on ti apèsi sou on lòt pawòl m te tande. On sitwayen deklare bay on lòt ki t ap mache avèk li: “Si pa t gen almanak, m pa t ap konnen si se nan sezon Nwèl nou ye. Isi pa gen Nwèl! Menm chante Nwèl ou pa tande. Ou pa tande ni Tino Wosi, ni Ennriko Masyas. Si m te Ayiti, se t ap on lòt bagay. M ta gendwa razè se vre, men m t ap jwenn on bagay pou m met nan plàn pou m al pran plezi m. Bon, rete! Etan m ap di sa a, ou konnen sa fè si mwa m isit, m pa janm wè on plàn. Kouman, pa gen plàn isit? Si on nonm bare, sa ou fè?” Lòt la reponn li: “Ou a sezi wè kantite bagay ou ap monte sou yo, ou pa konn sa yo ye! Li pran m dè tan menm isi anvan m resi konprann ki sa k ki sa. Tout tan ou po ko al pran de mo angle, se on avèg de je pete klere ou ye! Chaje plàn isi, men fò ou ka li ansèy yo, fò ou ka konprann sa pawòl yo di…”

Konvèsasyon sa a fè m reflechi sou sitiyasyon tout djèskòm nan on peyi, kèlkelanswa jan yo te rele yo nan lang peyi a. Pèsonn pa ka anpeche yo ni gade ni koute, men fò ou ta di kapasite pou yo wè ak tande bloke sou frekans lakay, konmkwa imaj ak son lakay ta vin monte sou sa yo wè, sa yo tande nan peyi kote yo debake a. Sa ka pran on ti bout tan tankou sa ka mande on bon bout tan pou deblokay la fèt: se selon ki moun, ki sikonstans… Konbyen tan sa te pran m pou m te adapte m bò isit la? M pa konnen. Men m chonje, sa ap kouri sou 25 an, jan mwen menm ak on lòt kanmarad ki te fenk debake, nou te bat lari Pari ap chache kote pou n te achte on pòch sigarèt, ap antre tout kote mande si yo gen pou vann, san nou pa t janm remake, paske se pa sa nou t ap chache, se pa sa nou te atann nou li pral ye, on ti ansèy long, vètikal, pòtre on ti sèkèy wouj, ki te make ‘TABAC’ sou li: se la pou moun te jwenn tout batanklan ki gen rapò ak fimen osnon pran tabak…

Wi, jan lamitye a di a: “Chaje plàn isi, men fò ou ka li ansèy yo…” Men èske se fason sa a nou te konn chache, nou te konn idantifye plàn nan peyi lakay nou? Ann eseye mete lòd nan lide nou. Nan memwa m, m jwenn on reklam Alsibyad, m kwè m te konn tande sou radyo MBC lè moun nan vwazinay lakay mwen te konn ap tande Alsibyad le dimanch apremidi, on reklam pou ‘Oke Djo se sa menm, Brikabrak, Mezondafè, Acha e Vant’. ‘Plàn’, ‘brikabrak’, ‘mezondafè’, se twa pawòl ki mache ansanm nan tèt pifò moun—menm si chak pawòl sa yo gen trèy pawòl pa yo ki mache avèk yo. Konsa ou ka tande on moun di: “Merès gen on ti plàn sou ray la. Yo kase plàn sa a plizyè fwa deja.” Nan menm sans lan yo ka di: “Se on mezondafè / brikabrak ki te la a. Dife a boule l rapyetè.” On lòt bò, ou ka tande on sitwayen di: “M pral met chenn mwen ak bag mwen nan plàn pou m ka peye lwaye kay mwen mwa sa a.” Nan plas ‘met nan plàn’, nou ka jwenn ‘plane’: “Se bekàn mwen m pral plane pou m ka achte liv la ba li.” Men yo pa p sèvi ak mezondafè osnon brikabrak nan on sans konsa. Kidonk ‘met(e) nan plàn’, osnon ‘nan plàn’ pou kont li, parèt tankou on lapawoli. Tankou tout lapawoli, ‘nan plàn’ gen tandans pa rete sèlman nan baz premye sans li: ‘bay on bizismann kenbe on bagay de valè ou genyen pou l ka prete ou on kòb sou li alenterè—si ou pa ni peye enterè ni peye manman lajan an, bagay de valè sa a ap rete pou mèt plàn lan…’ Yon moun on lòt anpeche pale gendwa di: “Bouch mwen pa nan plàn. Se pa bouch moun mwen prete. Se pou m pale lib e libè, jan m pi pito.”

Lè on bagay nan plàn, mèt plàn lan pa konn ki lè y ap vin tire l, ki lè y ap vin pran l. Gendwa se on moun ki te bare nan mitan mwa, lè fen mwa rive l al chache trimès li. Men si se on moun k ap voye chen sou chat, dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl, pa gen garanti l ap ka vin pran l byen vit. Èske se sa k fè lè on moun mete on bagay nan plàn yo di se lekòl li mete l la? Se pa nenpòt ki lekòl: se pa lekòl Leta, se lekòl prive, lekòl peye. Paske wè pa wè, lè mwa a rive, fò ou peye ekolaj, fò ou peye enterè pou bagay la ka kontinye aprann li, kontinye fè klas li, pètèt jiskaske li chanje klas—ki ta vle di soti nan plàn/lekòl epi re-antre ankò nan pi gwo klas, pou pi gwo kòb, kidonk pi gwo enterè—osnon li diplome, kidonk fini lekòl.

Wi, gen kote bò isit tou pou moun mete on bagay lekòl!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply