Lide toujou ap rele lòt. Yo fè l nan fason pa yo—pa tankou timoun ki pike tèt yo atè ap gade pa dèyè nan fant de janm kanbral, epi manman yo kouri dèyè yo, di yo se byen yo twò byen ki fè yo kapab ap rele lòt la. Lè on lide ap dewoule nan tèt ou, se on plezi pou ou ap rennen on seri lòt li­de ki mache avèk li, k ap di ou ‘Pran m! Pran m!’ Lè lide rele lòt, se on gwo benediksyon pou on moun k ap reflechi, men fò ou gen disiplin pou ou pa kite wout ou…

Lè m t ap travay sou ‘Tout moun se moun…’ semenn pase a, anpil lide t ap pase nan tèt mwen, sitou lè m te fin ekri: “Pawòl ‘tout moun se moun’ lan pa janm vini konsa konsa. Se toujou nan oka­zyon on enjistis, on abi, on move tretman ou tande l.” Men lide ki te plis ap chipote lespri m lan, se lide moun ki renmen di lòt yo pa kanmarad yo. Se on lide ki parèt sou divès fòm, on lide diferan lapawoli pote.

Nan lodyans ‘Doktè ya bezwen’ ki sou albòm ‘Charlot Lucien: Ti Cyprien, Doktè ya be­zwen, Koleksyon Kozman sou Sosyette Ayisyen’, lè Ti Sipriyen pwente sou volan Djip Pa­jewo kondisip li Lekòl de Medsin, Viktò Zabwa, timoun nan katye a, nan abitid rele “Men man­man m, tololo! Men papa m, tololo!”, lè manman yo osnon papa yo ap antre sot gade kote lari fè kwen, tonbe ap rele “Ti Si­priyen! Ti Sipriyen! Ti Sipriyen!” Men gen on manman ki kwape pitit li ki te nan ekip la: “Ga­de Toto, fèmen djòl ou tande pitit! Ki moun ou ap rele Ti Sipriyen an? Mou­che an te kanmarad ou!? Ou wè se doktè mouche an ye, rele l doktè!” Menm moman an To­to chanje plak la: “Doktè Sipriyen! Dok­tè Sipriyen!”

Èske nou konprann sa k ap pase la a? Ti Sipriyen, tout moun, timoun kou granmoun, te konn ap rele Ti Sipriyen piske se pitit pè Sipriyen l ye te gentan pa t Ti Sipriyen ankò. Menmsi li te konn kite koridò ‘Si ou pa bezwen pa pile’ chak jou ak blouz li sou li pou l al nan Fakilte Med­sin, jodi a se on lòt jou: li parèt sou volan on Pajewo. Li chanje klas. Li pa Ti Sipriyen ankò. Se manke dega, se derespektan, se konsidere l tankou kanmarad ou si ou ta rele ‘Ti Sipriyen’. Si Ti Sipriyen pa t gen senbòl ki pou te fè yo rekonnèt li kòm doktè a, kidonk blouz la, manman Toto t ap mande l pou l mete ‘M’ devan non mouche a. Lè on moun ‘pa krabè ou’, lè l ‘pa ran ou’, ou pa rele l pa non l. Se pa ou k te batize l. Ki dwa ou? Fòk ou chache on tit pou ou mete devan non l.

Manzè Adelayid, nan Depès, on pyès Siksto, ensiste pou yo rele l ‘Madan Estennyo’, menm si pyès moun pa janm figire ak Estennyo a. Dapre jan Siksto prezante Manzè Adelayid, “Nan katye a, nanpwen anyen k ap pase pou l pa foure bouch li ladan, paske se on fanm nan karyè gason li, li soti ak on kay. Se sa k ba l lalwa djòl li, paske lè ou pa gen anyen, ou pa gen anyen pou ou di. Man­zè Adelayid konn enpòtans tit: tit se respè. Li “fè 8 jou deyò, li tounen avèk on alyans nan dwèt li. Li rele tèt li ‘Madan Estennyo’. Gen on fanm ki vin mande li kote Estennyo, nou pa janm wè Estennyo?” Manzè a kase met nan men fi a, li mete l nan wòl li.

Sanble se on bagay ki enpòtan pou nou nan leve-jwenn nou pou lnou fè òt moun rekonnèt ki moun nou ye. Moun ki pa reyalize anyen pou tèt pa yo konn al chache jis nan zansèt yo pou yo montre ou ki moun yo ye. Yo se pitit pitit entèl. Osnon yo di ou nan ki zòn yo rete, ki moun yo konnen. “M pa menm moun avè ou, m pa ret nan pèp. Se nan zòn anwo m rete, pi ba kay minis Entèl la!” Lòtrejou, m al tonbe sou on fi ki estonmake, k ap esplike on zanmi l sa k pase l ak on lòt: “Kote m konn fi a!? M pa t kondisip dèklas li. M pa t chita sou menm ban lekòl avè l. Se Nouyòk ki pou ta fè m chita menm kote ak on moun konsa. Se on kes ti granmoun m genyen, epi se mwen ki leve fi a lematen. M pa wè pou ki sa k fè li te gentan zanmi m la a pou l ap vin chache konn biznis mwen. Se on frekansite depase limit…”

Nou ka chonje tou sa k pase mouche Depès lè l vin konfonn prensip li te ka aplike nan lari Pari nan lari Pòtoprens: li monte sou zo grann li ak on ti dam: “M pa konn msye a ni an pent ni an na­ti, epi pou l ap vin lonje figi batwèl li a nan figi mwen! Gen lè ou konprann, ou wè m nan lari a la a, ou gen lè kon­prann m se kèk chen san mèt?! Ala on ranvwa, en! Ou mèt al di sa yo voye ou vin chache a, ou pa jwenn li.” Podyab Depès! Chans pa msye, li pa t konprann anyen nan pawòl ti dam lan. Kidonk sa pa t touche li!

On dènye egzanp: lè Madan Senvilis (M. Siksto) t ap pale de on nèg ki divòse ak pitit li, li di: “Lè m gade figi mouche a, li pòtre moun ki te lekòl Mara Chenè, pou ou pa di se lekòl di swa l te ye, avèk on chemiz klèrèt sou li, djòl soulye l pòtre ‘je vendais à crédit’.”

Ki moun ki kanmarad nou? Ki moun nou pa krabè yo? Ki sa k fè on moun pa ran nou? Se plis jan nou ta renmen moun wè nou ki enpòtan nan demach nou. Se on sistèm respè Gwo Moso nou devlope, on sistèm bat lestonmak fò…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *