• " "
Uncategorized

Li konprann li ka pase sou tout moun!

Samdi pase, nan maten, etan m ap vire won, okipe trimès mwen, m al twouve m sou Nostrann, nan zòn kote Nostrann al bay akolad ak Flatbouch la. M te kanpe ap tann limyè pou m travèse lari, epi se konsa gen on tonton k ap monte soti nan tou sobwe a ak on rès babye nan bouch li. M kouche zòrèy mwen: “Moun lan konprann li ka pase sou tout moun! Konmkwa se li sèlman Bondye te bay lespri, tout lòt moun yo se bourik an bwa yo ye. Li pa t ap vle l! Se mwen, se li tou!” M travèse kalfou a ansanm avèk li; m mache dèyè l menm pou m wè si m ta pran plis nan koze a, men li monte nan on bis pou l kontinye wout li. Mwen menm, m sètoblije kase tèt al chache wout pa m tou…

M pa kwè m ap janm konnen de ki moun tonton an t ap pale, men se pa sa ki pi enpòtan. M ap di l mèsi paske li lage pawòl ‘pase sou moun’ lan nan tèt mwen, ap fè lago ale vini. Pa gen pwoblèm, m soufri maladi reflechi. Si nou kwaze avè l, si nou rekonnèt li, n a di l pou mwen m byen apresye jès la. Pawòl sa a gen tan voye lespri m ziltik, men li fè on rete Ayiti. Gen on koze politisyen ki konprann yo pi entelijan pase tout moun, politisyen yo di k ap seye woule moun nan farin, kidonk pase yo nan betiz, nan tenten, fè yo manje pousyè, fè yo tounen joujou lakonmedi. Men jwèt la gen règ li…

Efò pou m kontwole kouman panse m antre sou pawoli sa a voye m byen lwen, nan timoun mwen. Premye fwa, si m pa twonpe m, m tande pawoli a, se lè on timoun (èske se te mwen?) yo toujou ap di l se marasa li ye, mande kote parèy li, epi manman l reponn li: “Ou bon jan marasa! Parèy ou fèt anvan ou, ou menm, lè ou vin soti, ou pase sou li, li mouri. Ou manje parèy ou!” Èske pase sou li a, se woule sou li, fè l on bagay mal, koupe souf li? Sa pa janm klè. M toujou konnen marasa gen pouvwa, èske sa a ladan tou?

Pi devan, m vin dekouvri plizyè lòt sans pawoli a. On moun ka chita on kote, epi ou pase sou li, ou pa wè li. San ou pa fè espre. Tèt ou chaje, li pati byen lwen, ou jis pa wè moun lan. Men tou konn gen moun y ap chache, moun gouvèlman an voye al arete, epi toutè yo pase sou li, yo pa wè l. Yo oblije pliye ke yo, foure l anba vant yo, al di chèf la yo pa wè moun lan, yo pa t ka wè l, paske li gen titalbè sou li.

Gen on lòt sans m te aprann tou depi nan piti. Lè gran vakans rive moun lakay mwen te konn pati al fè twa mwa vakans Abriko (Twa Noyo) nan zòn Montayak. Lè konsa, se leve depi douvanjou, apre premye koukouyoukou! pou nou pran wout, pou solèy ka al leve nou byen wo, pa lòt bò Bonbon. M chonje on fwa, 3 è di maten nou te gentan pran wout. Nou pase tout Nan Lendi, Nimewode, Fonwouj, nou pa wè chat sou wout la. Bri pye nou k ap goumen ak dan wòch te kouvri tout lòt bri. Rive Bonbon, nou jwenn on ekip moun, fò yo te plis pase on fanmi, ki t apral nan vakans tou, menm jan avèk nou. Granmoun yo pale, tankou tout granmoun abitye fè lè yo rankontre, menmsi youn pa t konn lòt: moun sa yo, yo menm, yo te pral Dangliz, sou wout Abriko, pa twò lwen. Nou konn mache pase yo, nou pase sou yo, yo pa janm kontre avèk nou ankò. Pi devan, nou pase sou plizyè lòt gwoup moun. Se sa nou t ap fè jou sa a, mache pase sou moun… mache double moun. M te kontan, men m pa fin si, si se te pou aksyon an osnon pou pawoli a.

Nan zafè lekòl tou, pawoli a sèvi. M chonje de matmwazèl ki t ap pale de elèv yo, de klas yo. Youn ladan yo te pran egzanp on timoun ki te vin nan klas la an Janvye, paske li pa t ka kòmanse ann Oktòb. Moun lakay li pa t gen lajan pou yo te achte inifòm ak founiti klasik pou l te ka kòmanse ansanm ak tout lòt timoun, apre Mès Sentespri. Se pa premye fwa sa fèt, se pa on nouvèl. Anpil timoun antre lekòl an Janvye pou menm rezon an. Sa k te etone matmwazèl la, malgre timoun lan te antre lekòl an Janvye, byen vit li te gentan pase sou tout lòt timoun yo, nan tout matyè. Se pousyè li t ap ba yo. Kanè dezyèm trimès, se li ki te premye!

Gen on bagay ki klè: depi gen pase sou moun, gen fòs, fòs lespri, fòs fizik—menm nan ka marasa yo tou, menm si nou pa fin konprann ki fòs li ye. On moun konn pase sou on lòt ak gwo ponyèt, tankou lè ou te la anvan, nan fòling Anba Bodmè pou ou pran on ti bokit dlo pou ou al lakay ou: sa konn mennen goumen, tèt kase, konsta jijdepè. Osnon lè ou kanpe nan ling pou ou al peye bòdwo nan konpayi eletrik. Dèfwa sa konn fèt ak ladrès tou: ou wè on moun ou konnen kanpe nan ran, ou pran pòz ou al pale avèk li, epi ou tou la. Moun ki dèyè ap pyafe, men ou menm, kè ou pa sote…

Nan egzanp tonton ki t ap soti nan tou sobwe a, nou konprann se sou fòs lespri eleman an apiye pou l pase sou tonton an. Kouman li pase sou li a, nou pa konnen. Gendwa se on kout mètdam, eseye pran l nan plan, fè magouy pou rive fè koutay sou li. Se tèt k ap travay. Sèl fason pou ou defann tèt ou lè on moun vle pase sou ou, fòk se ak tèt ou sèvi tou.

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan [email protected]

Haitian Times

Haitian Times

The Haitian Times was founded in 1999 as a weekly English language newspaper based in Brooklyn, NY.The newspaper is widely regarded as the most authoritative voice for Haitian Diaspora.
Haitian Times
May. 05, 2012

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *