Tou lòt jou la a, m al sote sou on konvèsasyon ant kèk zanmi. Lè m di ‘sote sou’, m konnen nou tout ap panse se kèk bagay sekrè, koze konplo ki t ap manniganse. Sa te sanble ak sa, paske se te koze kantite lajan nèg pèdi nan al dèyè fè gwo pwofi, koze gwo tanta, koze te vèvenn. Nannan konvèsasyon an se te sou mouche yo rele Bèna Medòf la, mouche yo di ki kase ponyèt tout kalite moun ak òganizasyon, pran plis pase 60 milya dola ameriken nan men yo, swadizan li te pral envesti chak ti lajan yo ba li pou l ka fè yo fè gwo santay.

Nan kout kat la, zanmi yo fè konneksyon ant Medòf ak Jòj Teyodil (George Theodule), on Ayisyen Ozetazini yo di ki gen 23 milyon dola ameriken ki fè fon nan men l, lajan li te fè moun ba li pou l envesti pou yo—men prèske 4 milyon ladan l fè wout kochi, nan banbòch fanmi ak zanmi. Nan entènèt n ap jwenn atik ann Angle sou demele Jòj Teyodil ak lajistis; n ap jwenn on atik an Franse sou sit Radyo Kiskeya (‘Fraude pyramidale aux USA: 23 millions de dollars volés à des haïtiens’, mardi 30 décembre 2008). Mesye yo fè konneksyon tou ak David Cheri, direktè Kooperativ Kèzini, ki, an 2002-2003, te pwomèt manm kooperativ yo 10-12% enterè. Genyen yon atik nan Caribbean Update, “Pyramid Scheme Head Arrested”, ki te parèt le 1e Oktòb 2002, ki pale de sa. Te gen arestasyon, epi?! Te vèvenn! Anpil te vèvenn!

Sa k te pi enterese m nan konvèsasyon mesye yo se kòmantè youn ladan yo fè sou sa granmoun te konn aprann nou depi n piti. “Granmoun yo te konn toujou di nou, lè nou sere, nou chofe, men pawòl sa a pa laverite ankò. Paske lè on moun sere konnye a, ou pa jwenn anyen pou ou chofe, se zègrè sa ba ou nan lestonmak!”

Chak fwa m tande on pawòl ki sanble li vin sonde fondasyon leve-jwenn nou, sa fè m reflechi. Nan koze sa a, se on ekip prensip k ap goumen youn ak lòt. Kouman pou m ta fè bliye enpòtans pawoli ‘lè ou sere, ou chofe’ te genyen nan lavi m ak nan lavi lòt timoun nan jenerasyon m, lè nou t ap grandi. Menm si on timoun te santi manje ki te nan plat li a pa t ap pase nan on tou dan l, li te oblije sere on ti bagay kanmenm pou pita. Granmoun yo pa t ap ba l chans sa a; pa gen moun ki t ap di l “Manje ou pou ou, ou fè sa ou pito ak li!” Non, de towo pa gwonde nan menm patiray. Granmoun pale, se degaje ou koute. M te konn on tigason yo te rele Bido ki pa t kapab nan afè sere manje a menm. Youn nan ti non yo te vin bay msye se te “Antre avè l pou mwen; lè ou ap soti, soti avè l pou mwen.” Bido te gen on mòd, lè l fin sere manje a, se pou l antre anndan kay la, tanzantan, alawonyay, pou l al pase dwèt li ladan l. Egal, rive lè pou tout moun al chofe, Bido pa janm gen anyen ki rete nan plat li. M pa ka konte konbyen fwa je Bido fè san, prèt pou rache sot tonbe nan plat moun ki te sere manje. “Alò ou pa p aprann, se san wont, san santiman ou ye!”

Se vre gen kèk fwa, lè on moun sere ti manje l, on ti dwèt long, on ti mimi myaw, konn pase pa dèyè al wonyen l. Bido te konn pran sa kòm pretèks pou l di: ‘Kabrit di ou sa k nan vant ou, se li k pa ou!’ Men se moun ki genyen ki pèdi, pa genyen pa pèdi. Pran abitid ‘sere’, se on bon prensip. Sa vle di nou konprann gen pita, gen demen. Nou pa manje tou sa nou genyen on sèl kou. Zafè moun ki, malgre esperyans, kontinye ap di “se de jou a viv, twazyèm lan se lamò”. Prensip sa a pa pèmèt nou konstwi anyen.

Gen on kesyon enpòtan pou nou poze: Èske gen konparezon ant ‘sere manje’ ak ‘sere lajan’? Lè on moun sere manje l, li konn kote l mete l. Depi manje a sere nan bon kondisyon, ki garanti li pa p si, li pa p gate, Ti Mari pa ta dwe ni monte ni desann. Mèt manje a ta dwe al jwenn manje l kote l te mete l, jan l te mete l la, san l pa gen tèt kase, sòf si, tankou nou te wè sa, on ti rat de pye osnon kat pye ta al badnen ladan l.

Lè on moun sere lajan, se on lòt afè. Fò n mande ki kote li sere lajan an: Èske se anba matla? Anndan zorye? Nan bwat segre? Èske li fouye on twou li mete l? Èske li mete l nan kontdepay labank osnon nan kès popilè? Osnon ankò, èske se nan on sòl li antre? M pa konn si tout moun klè sou sans mo ‘sòl’ la, paske m tande anpil Ayisyen bò isit ap pale de ‘sou-sou’. Ou gendwa tande on moun di: “M antre nan on sou-sou pou m kapab jwenn kòb tikè yo.” Nan ‘urbandictionary.com’, definisyon yo bay pou ‘sou-sou’ sanble tèt koupe ak sans nou konnen pou mo ‘sòl’ la. Men anvan m t konn mo ‘sòl’ la, se ‘sang’ m te konn di: se mo sa a milye kote m te grandi nan Jeremi an te ban mwen. Moun yo konn pale de ‘men’ tou. “Gen on men ki pral fèt, ou pa vle antre ladan l?” Mo ‘men’ an bay lide lajan mèt sòl la, kidonk moun ki òganize sòl la, kolekte nan men chak patisipan, chak semenn, chak kenzèn, chak mwa, selon kondisyon sòl la, epi li mete l nan men moun ki gen pou l touche nan dat la.

Nan sere lajan, fò nou mande, èske kòb la chita on kote osnon èske l ap travay. Kidonk fò nou konnen ki ris ki genyen pou on pati nan kòb la, osnon tout kòb la pèdi. Men nou tout konnen “lajan sere pa fè pitit!”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *