Premye pati kozman sa a te plis dewoule sou yon pankat anpil moun lakay abitye rele ‘Je vendais à crédit’—on pankat ki vle montre nan ki eta afè pa bon on komèsan ki gen manni vann kredi ka twouve tèt li, sitou lè ou konpare l ak lòt bizismann parèy li ki li menm se lajan kontan li vann. Men sanble, se sèlman kòm imaj moun chen ap tranpe kasav pou yo, pòtre ‘Je vendais à crédit’ a rete nan memwa leve-jwenn nou. Lè nou sèvi avè l, se pou nou manke moun dega, pou nou klase yo, mete yo nan plas yo. Rezon ki fè moun sa yo twouve yo nan de sitiyasyon konsa, kidonk ‘vann kredi’ a, nou bliye l.
Semenn sa a, nou pral eseye gade reyalite vann kredi a li menm. Nou deja konnen ki jan tout moun wè lide ‘kredi’ a. Nou konsidere kredi kòm ti frè piyay. Nan fòm li, pawoli sa a, ‘Kredi se ti frè piyay’, sanble tèt koupe ak ‘Dòmi se ti frè lanmò’. Dòmi ak lanmò sanble, men dòmi pi piti. Nou pa janm konn ki lè lanmò ap deside pou l boukante plas ak dòmi. Sa fèt souvan, men se sèlman lè chanjman sa a gen gwo konsekans grav moun pale de sa. Nou chonje se sou baz on lanmò sibit Siksto kreye Ti Sentaniz: Dòn, manman Ti Sentaniz, te santi on doulè ren, li t al lage kadav la on kote, li te touye lanp lan; nan lide pa l se te on dòmi li t al fè, men Dòn te kouche, se te pou l pa t janm leve.
Pou nou mache sou liy konparezon sa a, fò nou mete n dakò sou lide ‘piyay’ la anvan. Pou anpil moun ki grandi nan koumansman ane swasant yo, lè reny Divalye fenk ap tabli, ‘piyay’ gen dwa vle di ou leve on bon maten ou tande yo fè piyay nan tèl magazen, epi ou wè moun ap pase ak tout kalite pwodui sou tèt yo, nan men yo, anba zèsèl yo, sou bourèt… Zak piyay sa a, se kase fanatik pouvwa a kase magazen opozan yo fin arete met nan prizon, depòte osnon touye. Piyay la tou se mesaj yo voye bay tout moun, fè yo konnen entèl nan konplo kont gouvèlman an, yo arete l. Moun ki resevwa mesaj la, si yo te nan nenpòt konfyolo ak opozan sa a, se degaje yo, pran rak anvan sistèm lan mache pran yo. Kidonk kout piyay sa a, se antre pran ak gwo ponyèt ou, san ou pa okipe pyès moun.
Youn nan lide modèn piyay nou abitye avèk li, se lide machandiz ak sèvis on moun resevwa san l pa peye tout kantite lajan li ta dwe peye pou li. Gen magazen ki menm konn ap fè reklam yo lage pwodui yo gen pou vann nan pri piyay. « Piyay kay Akra pou ouvèti lekòl la! » « Vin achte non, ti cheri, m pa kenbe pri, m bezwen ale! M lage piyay, piyay ladouskivyen kenèp! »
Yon lòt lide piyay, se lide on moun ki fèb, san defans, on pitimi san gadò; on egare, on bègwè ki pa konn sa l vo. “Msye se on nèg tout moun wè fòs yo sou li. Se on ti piyay. Vire tounen y ap bimen l. Se on bannann mi, tout dan pouri pase sou li.”
Nan ‘kredi se ti frè piyay’, nou jwenn lide kouri pran san peye a. Gen lide si on machann vann kredi se paske li pa jwenn lajan kontan—kidonk olye pou l pèdi nèt, sitou si se pwodui ki pa ka konsève, li pran on chans li lage l … pou piyay, li kòm fè kado l.
On machann ki vann kredi oblije devlope teknik pou l mache ranmase lajan l. Se de moun diferan, pou de aktivite diferan. “Jan m vann vyann mwen, se pa konsa m ranmase lajan m!” Tout moun ki achte kredi konn sa.
Nou chonje esperyans Leya Kokoye (Moris Siksto) fè lè l ap tounen sot kay doktè ak santans se feblès li soufri a. Li esplike manman an doktè a mande l pou l kite aktivite kouti a, men li pa p ka fè sa paske fò l peye lwaye a, epi tou: “Men moun yo devan pòt la; si ou parèt yo wè ou la a, moun yo prèt pou vole sou mwen wi!” Ki moun yo te ye, Mèt Siksto?
“Rantre l ap antre sot kay doktè a pou l antre lakay li, li jwenn machann diri yo dwe; li jwenn on machann chabon yo dwe 35 kòb depi 8 jou—djòl fanm lan tankou on ponya devan pòt la; li jwenn machann vyann kochon; machann siwolin, yo gen timoun. Moun sa yo wè l pase, yo wè l malad. Malerèz pran ka malerèz, li wè ou malad, men l ap gen pou l peye yo wi. Yo pa p chita ap gade ou malad tout tan.”
Machann ki pa gen tanperaman pou yo mache ranmase lajan devan kay moun oblije chwazi lòt teknik. Gen on esperyans nou jwenn nan Siskto, on mèt boutik k ap kabre on kliyan ki voye achte kredi. Pyès la rele ‘Pa achte kredi’. Se on tifi tèt san penyen, on Ti Sentaniz, Mètrès li voye l al achte kredi kay Mantilò:
“Mantilò, madanm di konsa pou ou voye vann li 85 kòb poud kafe, lè l fini ak 30 kòb bè chalonè”
“Ou te pot lajan pitit?”
“Non, madanm di ou a make l pou li.”
“Enben, gade non, ou a di madanm pou mwen tande, kafe griye m fini, se demen m ap desann lavil pou m al achte kafe, pou Manita griye, tande. Bè chalonè a menm, ou pa wè m vire mamit la bouch anba, m pa gen bè chalonè ankò, tande. Epi, ou a di madanm pou mwen tou, m pèdi kreyon mwen. Epi di l bajou pou mwen.”
San bri, san kont, Mantilò regle pwoblèm ‘kredi se ti frè piyay’ la: si l pèdi kreyon l, li pa gen mwayen pou l make ni nan kaye ni nan panno boutik li dèt diferan kliyan movèz-pèy.
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com