Ann kontinye ak diferan entèvansyon Prezidan Preval pandan emisyon Konbit Kont Kolera a:
“Mwen wè que du kote Leta a, du kote gouvènman an, g’on atitud de defans, de ‘SE PA WMEN MENM’, ‘SE PA KONNYE A’, ‘SE PA MWEN K RESKONSAB’. M kwè que gen on gwo reyalite, fò n ad¬mèt reyalite a jan l ye a. Si n ap pale de, jodi a n ap pale de kolera, ann pale de kolera. Si n pral pa¬le de edukasyon, si n pral pale de elektrisite, si nou pral pale de wout, si nou pral pale de agri¬kul¬tu, nou pral konstate ke dan tout domèn sa yo Leta a fèb. Jodi a, ann pa di… se on konsta que Leta fèb. Li fèb, e se pou sa nou gen pwoblèm sa a. Konnye a, kouman n ap atake pwoblèm lan. M ap pran on egzanp: genyen siklòn ki sot pase la a, m monte m pran avyon, m monte m desann; yo di : “Ah! Le président est aux commandes!” Se pa jodi a, se pa paske m monte avyon an non, se paske depuis un an, depuis un an et demi, depi apre siklòn lan, yo ouvri Lakent, yo fè de tra¬vaux de protection de berge ki fè que menm dlo ou wè ki vini nan siklòn lan pa fè on kantite de¬ga. Donk se ann aksepte situation an jan l ye a. ENJENYE, OU PA GEN POU OU GEN ON ATITUD D’AU¬TO-DEFENSE. Se sa l ye! Ou fèk pran chaj ou, men tout tuyo pete. Pa t gen dlo: èske nan senk an ou ka bay tout peyi a dlo? Ou pa kapab! Men fò ou kapab gen kouraj pou ou di, menm dlo tiyo a pa bwè l, e keu se travay n ap travay. Que nan sante, que nan edukasyon, que nan kou¬ran, keu nan agrikultu, ekstera, il faut que l’état continue de se renforcer. CETTE ATTITUDE D’AU¬TO-DEFENSE, M PANSE SE LI KI PI NUIZIB. Te gen on medikaman ki te anpwazone timoun, il y a peut être 5-6 ans de cela, le ministre de la santé publique lors, m di msyeu, ou konn sa k pase, m ap anplwaye, m ap peye on avoka pou li pou li asiyen Leta ayisyen. Li di kòman, yo pral mete m nan prizon? M DI SE PA OU NON, LETA AYISYEN. Msye di men m fèk monte, m di se pa ou non, se Leta ayisyen. L’état haïtien aurait dû avoir un laboratoire qui contrôle tous les médicaments… MEN LI MENM, LI PRAN BAGAY LA POUTET PA L, KOMSI SE LI K RES¬KONSAB DESKE LETA PA T METE ON LABORATWA. FO NOU PA GEN ATITUD DEFANSIV SA A, e m kwè tou c’est pas le moment de dé¬cou¬vrir qu’Haïti est un pays sous-développé, sinon nou pa t ap gen kolera.”
Etan Makis ap poze direktè SMCRS la on kesyon, Prezidan an reponn:
—“Polemon di ou nan ki eta l te jwenn SMCRS la… Nou fèk achte 490 poubèl de 4 mèt kib, 490 poubèl de 4 mèt kib. Le problème, sèke poubèl la la, non sèlman yo met dife ladan l, men po¬ubèl la la, yo pa jete fatra a ladan l. E semèn sa a, n ap dispatch 600 poubèl Okap Ayisyen. [L ap pale ak Polemon: –Ou resevwa poubèl yo deja? –Y ap vini. –Ou gen kamyon yo deja? –4 ka¬myon apeprè.] Kòmantè Prezidan an: 4 kamyon a bèn konpaktris! Okap, Gonayiv, Jakmèl, Fò Li¬bète, Miragwàn, toupatou, e demen n ap resevwa dis lòt kamyon. Sepandan gen on bagay si¬twa¬yen: poubèl la la, sa n te blije fè, se anplwaye on moun ki pou ret bò kot poubèl la, ki pou pran fatra a pou remete l nan poubèl la.”
On lòt kesyon Makis: “Èske nou eseye fè on etid pou n konnen pou ki sa moun yo fè sa a? Msye Po¬le¬mon, ou pa janm eseye konnen pou ki sa moun lan pa vle met fatra a nan poubèl la, se a tè l me¬te l. Pou ki sa l fè sa?”
Polemon: Se on pwoblèm de sansibilizasyon. E ansuit… pwoblèm de kowèsisyon. Ilfoke gen represyon. [Kòmantè Makis: Vwala! Paske, Prezidan Preval pa renmen tande mo sa a.] M kon¬nen l pa renmen tande l. Definitivman…[Makis: Prezidan Preval li menm, li konte sou edika¬syon, men m toujou di pa ka gen edikasyon san sanksyon. Monsieur le Président?]
Preval: “Ou parfètman gen rezon, men met on polisye devan chak poubèl, devan 490 poubèl, e nou pral gen on eleksyon la a, nou pa menm gen 9 mil polisye: gen 10 mil sant, 10 mil biwo d vòt, anplis de sa fò yo pwoteje jounalis yo. Sitiyasyon an vrèman difisil, men ilfo … efò k fèt, nou sot resevwa 490 poubèl la a, ke n mete nan tout ri yo, les provinces viennent de recevoir 600 poubelles et nou espere que ce changement continuera avec la continuité. Se sa nou rele konti¬nui¬te a wi. Kontinue mete poubèl, kèlkeswa prezidan k vini an, kontinue met poubèl.”
Pyès jounalis pa di anyen sou koze ‘kontinuite’ a, yo kite prezidan an fè kanpay li, pandan Kon¬bit Kont Kolera a, pou kandida li… Jaki Kantav kontinye ak kesyon yo:
—“On kesyon toujou nan kesyon fatra a: Gen poubèl la se youn, ranmase poubèl la, se on lòt, nan kote n al jete fatra a, li menm tou, l enpòtan. M kwè gen on sèl dechaj pou tout zòn metwo¬po¬li¬tèn la, se Twitye. Èske selon ou menm, èske Leta ayisyen panse ke sit dechaj sa a, li ta bon nan zòn ki pwoteje, kote ke… anpeche popilasyon an moun ap viv tou pre li, e èske tretman de¬chè a li byen fèt?”
Se Prezidan an ki reponn ankò: “Genyen minis travo piblik la k ap ba ou meyè repons, paske gen travay k ap fèt sou Twitye konnye a. Il faut la gestion du site aussi. Lè kamyon an parèt, li lage l devan sit la, kamyon an pa ka avanse, konnye a genyen on betonaj k ap fèt nan wout lan pou travèse sit la, enteryè dechaj la pou al mete l nan fon…”
Èske, apa Prezidan an, gen lòt fonksyonè Leta ki gen anyen pou yo di nan sa k ap pase nan peyi a? Kote Premye Minis la?

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply