Uncategorized

Ki kote konsyans nou ye?

Apre Sena ayisyen an fin vote, jedi 15 avril 2010, lwa sou etadijans lan, gen on sèl pawòl koripsyon ki gaye nan radyo—konmkwa ta gen 3 senatè ki ta resevwa kòb pou yo ta vote lwa a. Sa k pi grav la, senatè sa yo te fè pati on gwoup senatè ki te deklare yo pa t ap vote lwa a jan Chanm Depite a te fin vote l la. Te menm gen on dizon yo t ap fè on taktik pa bay kowòm, kidonk pa patisipe nan seyans Sena a, on fason pou vòt la pa t janm ka rive fèt. Youn nan moun ki te fè kòmantè sou vòt la, se Andris Riche, senatè Grandans, manm gwoup la, ki deklare, nan emisyon Ranmase sou Rayo Karayib, senatè yo akize yo pa t vote ak konsyans yo, yo te vote ak pòch yo. Sa sa ta vle di vote ak konsyans? Ki kote konsyans lan ye?

Nan “Yon lèt pou pitit mwen”, ki te parèt nan jounal ‘Le Nouvelliste’ le 8 fevriye 2010, ekriven Ketli Mas ekri*: “Kèk segonn sèlman, epi lavi nou vire tèt anba…Pitit pèdi manman, pèdi papa… Ti bebe pa ka jwenn manman yo pou yo tete… Kretyen vivan gaye tankou foumi fou, y ap monte y ap desann nan tout direksyon, yo pèdi moun yo renmen, tout ti sa yo posede. M pa p janm jwenn mo pou m di ou doulè sa a. Pawòl nan bouch mwen twò fèb pou m rakonte ou rèl ki t ap monte nan tout lari, nan tout rakwen… pou m di ou ti souf moun ki t ap rele oskou anba tòn lanmò ki tonbe sou yo. M pa ka esplike ou limyè ki te etenn nan je sa ki pa t mouri yo. Nou tout pèdi moun, pitit, fanmi, zanmi, anmorèz. Moun tout koulè mouri, malere ak moun ki genyen mouri. Ki mesaj sa a latè te ban nou? Yon mesaj malediksyon? Bondye fache ak nou? Li pa renmen nou ankò? Èske li te janm renmen nou? Poukisa l ap pini nou, nan eta nou te ye a? Kesyon sa yo twò fasil, pitit mwen. Se kesyon sa ki fèb yo, sa ki gen pwoblèm ak konsyans yo, sa k ap souse peyi a san yo pa renmen l. Tè a te poze nou yon kesyon, se vre. Nou frè nan doulè, pouki nou pa ka frè nan lanmou? Poukisa nou pa ka frè nan richès?” *[M fè on ti travay edisyon nan tèks la: m fè chanjman senp nan fòm san m pa chanje sans.]

Nou gen on ti lide sa ‘konsyans’ lan ye, lè ekriven an pale de moun “ki gen pwoblèm ak konsyans yo”, moun “k ap souse peyi a san yo pa renmen l”, moun konsyans yo ap kale yo, jan n abitye di, moun konsyans yo ap repwoche yo sa yo fè ki pa sa. Kidonk: konsyans nou se santiman sa a ki anndan nou, ti vwa sa a ki anndan tèt nou, k ap pale avèk nou, k ap jije nou, lè nou pa fè sa n te dwe fè, sitou lè nou konnen byen pwòp sa nou fè a pa bon, sa nou fè a pa respekte prensip moral, li pase diyite lòt moun anba pye. Se sa k fè nou konn rele moun ‘san konsyans’. Tankou nan egzanp sa a: “Ti Jak se on nèg ki san konsyans: li wè jan malerèz la ap trimen ak on ti konmès nan men l, pou l leve 2 pitit san papa, epi l achte afè l kredi nan men l, li refize peye l, malgre lajan antre nan men l.” On moun ta ka mande kouman Ti Jak fè dòmi lannuit, si konsyans li pa kale l, si l pa reflechi. Siman, Ti Jak dwe se on moun ki pa gen konsyans, ki pa gen kapasite pou l reflechi sou zak li. Sa ta grav!

Nan sous mo ‘konsyans’ lan, nou jwenn sans ‘avèk syans’, ‘avèk konesans’, ki soti nan lang Laten. Nan espresyon “…gen konsyans…”, toujou gen lide ‘chonje’, ki mache ak memwa, ki mache ak konesans: “M gen konsyans, li renmèt mwen kle machin lan nan men, men m pa fouti chonje kote m mete l. Sa a vre, m pa ka ba l pote chay la.”

On timoun ki po ko gen konesans (kidonk kapasite pou l chonje, rekonèt, konprann) pa ka gen konsyans. Sanble, nan sans sa a, fò on moun ta deja gen konesans byen ak mal, selon jan milye kote l grandi a, milye kote l ap evolye a wè sa pou nou ta konsidere si moun sa a gen konsyans osnon pa gen konsyans. Men pwoblèm lan pi konplike pase sa. On moun ka di depi l konnen l gen konesans, li toujou wè moun lakay li ap maltrete ti restavèk ki rete avèk yo. E sa ta vle di, moun sa a pa p janm gen okenn pwoblèm konsyans, okenn remò, si l ta gen pou l maltrete ti restavèk tou li menm. Sa montre nou si ‘lide konsyans’ se on bagay ki inivèsèl, nan sans n ap jwenn li nan pami tout gwoup, tout pèp, jan konsyans lan parèt pou chak grenn moun, se pral rezilta diferan esperyans chak moun selon diferan gwoup kote li rekonnèt tèt li. Kidonk se regleman, prensip, lwa—kit nou pran yo lakay, legliz, lekòl, nan kominote nou—ki pral pèmèt fòmasyon konsyans lan pou chak grenn moun.

Gen on lòt nivo konsyans, nou abitye avè l, nou ta ka di li on ti jan pi ba, osnon pi pre, reyalite egzistans nou. Wè pa wè, li toujou la. Lè on moun di li pral lage osnon mete on bagay nan konsyans li, konsyans lan se sak pay li, vant li. Gen on moman k rive tou, fò l oblije al degaje osnon soulaje konsyans lan, retire dechè ensipòtab ladan l.

Gen on antre-soti ant sa k anba ak sa k anwo: nan lèt Ketli Mas la, kesyon fasil moun yo poze yo, se on fason pou yo eseye degaje/soulaje konsyans yo. Si senatè yo te vote ak ‘konsyans-sak pay’ yo, sa ka pran on bon ti tan, sitou si yo gran manjè, pou sa mande yo regleman, pou yo vin degaje konsyans yo… si yo gen konsyans…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan [email protected]

Haitian Times

Haitian Times

The Haitian Times was founded in 1999 as a weekly English language newspaper based in Brooklyn, NY.The newspaper is widely regarded as the most authoritative voice for Haitian Diaspora.
Haitian Times
May. 05, 2012

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *