D

Pa gen twò lontan, se priyè sa a nou te konn ap resite maten, midi e swa. M di ‘pa twò lontan’, menmsi sa ap kouri sou trant an, paske ti espas tan sa a pa sanble anyen lè nou konsidere istwa ak demele diferan pèp sou latè beni. Se an¬van ou bat je ou trant an pase! Ki jou k a jou? Se fason sa a nou menm—m vle di ekip jenn gason ak jenn fi nan diferan ti sektè m te konn ap evolye yo—nou te konn eseye tradui pawòl fatig, pawòl dekourajman, pawòl dezolasyon nou te konn ap tande toupatou nan so¬syete a, kit se te nan bouch jounalis, nan bouch chantè konpozitè, nan bouch aktè k ap jwe pyès teyat… ‘Ki jou k a jou?’: se te fason pa nou pou nou te di ‘Ki lè Ma¬chwè Won sa a ap tonbe?’ ‘Ki lè rejim san manman sa a ap kaba?’
Soti 1978 rive 2008, sa fè trant an. Anpil nan nou ka gentan bliye, tèlman nou pran siyad nan men lavi a, tèlman nou resevwa pataswèl desounen. Nou ka bliye repòtaj Konpè Filo ak Lili te konn al fè toupatou nan peyi a. Nou ka bli¬ye pawòl an daki mesyedam sa yo te konn ap lage lè yo t ap fè kòmantè sou Somoza ki tonbe os¬non sou Sèjan Samyèl Do (Samuel K. Doe), ki pran pouvwa a nan on koudeta nan peyi Liberya. Nou ka bliye gwo kout rèl an¬mwe nan ‘Debafre’ os¬non kòmantè K-Plim sou Radyo Kasik. Nou ka bliye Polidò k ap esplike Piram, nan Pèlen Tèt, riz sistèm lan sèvi pou l antòtye on ekip makak youn ak lòt. Nou ka bliye Man¬no ak Mako k ap chante ‘Yon eleman ke pwovidans favorize…’. Nou ka bliye Rene Teyo¬dò, sou Radyo Pè e Pwogrè, k ap ban nou nouvèl bouyon ‘Gouvènman sendenden Jan Klod Di¬va¬lye a ap bay sou Bè¬lè’, konm si yo te la nan peyi a ap suiv tout bagay, sa k te fè nou kwè yo te gen moun nan peyi a, jou a pa t twò lwen. Nou ka menm bliye kòmansman novanm 80, apre Rigann fin pase nan elek¬syon Etazini, epi Radyo Nasyonal ap chante ‘Bal la fini!’ Nou ka bliye se te kòmansman gwo represyon ki te pral debouche 28 Novanm 80. Nou ka bliye tribilasyon K-Plim ak Silvyo Klod. Nou ka bliye koze yakoukout ak kalòt marasa ant le wè e le tande.
Wi, trant an ka fè n bliye anpil bagay. Nou ka menm bliye pou ki rezon nou te konn ap resite lapriyè ‘Ki jou k a jou?’ a. Sa k fè sa? Èske se paske jou a po ko rive? Èske se paske li rive sou nou, nou pa wè. Èske se paske nou pa konn ki jan pou nou idantifye l—kidonk menmsi nou ta wè l, nou pa ka rekonnèt li? E 7 fevriye 86, sa l te ye? On jou konsa konsa? Finisman on peryòd osnon kòmansman on lòt epòk? Se vre Machwè Won an te tonbe, se vre nou te fè kèk dechou¬kay. Men sanble nou pa t gen bon plan pou nou te rechouke. Sanble nou pa t pare pou jou a. Ko¬ze sa a, pyès moun pa vle antre ladan l. Èske se paske yo pè pou yo pa akize yo kòm moun ki gen nostalji diktati? Osnon, èske se paske li nòmal pou nou dòmi, leve, dòmi ankò san nou pa janm re¬flechi, san nou pa janm fè plan pou demen, menmsi se move plan?
Aktè ki monte sou sèn lan depi apre 7 fevriye 86 pa enterese nan poze kesyon konsa. Se pa plan yo gen nan tèt yo ki enpòtan, se jan sa te ye anvan ki konte pou yo. Youn nan aktè sa yo, Prezidan Preval, pa janm neglije vire gade dèyè. Men nan seremoni ki te fèt nan memwa viktim lekòl ki te efondre yo, Prezidan an di jan li konprann sitiyasyon ki lakòz jan de pwoblèm sa yo: li gade ozalantou li, li fè on ti gade devan tou. Li bon pou nou medite sou pawòl li yo. Pètèt sa va ede nou lè n ap chwazi lidè pou pi devan, pou lè jou a rive toutbon vre…
“Ki sa k ap pase konsa? Moun ki gen laj pou sa ka sonje yon ti chante lontan ki te di ‘Gade on peyi, m fè sa m pito.’ Mwen fè sa m pito vle di: dezòd toupatou, konstriksyon san règleman, san aliyman, san twotwa, san wout yo pa gen ase lajè pou kite machin pase. Dezòd ‘gade on peyi m fè sa m pito’ a dire trant lane. Lè diktati ale, dezòd nan sen klas politik la, pèp la di: ‘Gade on de¬mo¬krasi, m fè sa m pito.’ Pèp la fè sa l pito nan bati kay tout kote, nenpòt ki jan pandan ven lane. Ven lane pandan politisyen ap goumen youn ak lòt. Demokrasi pa vle di dezòd. Trant lane dikta¬ti, ven ane dezòd pou chèche demokrasi, fè senkant lane pandan nou menm Ayisyen n ap fè sa nou pito nan peyi a. Jodi a, peyi a mande nou règleman. Kit se nan mòn, kit se lavil, jodi a, n ap konte kadav. Li lè pou n sispann konte kadav. Li lè pou politisyen mete tèt yo ansanm pou jwenn stabilite pou konstwi peyi a nan règleman. Li lè pou politisyen gen kouraj pou pran desizyon pou tout dezòd ka sispann. Se sa k ap bon pou peyi a. Se sa k ap bon pou pèp la. Se sa k ap anpeche nou kontinye konte kadav, kit se nan mòn, kit se lavil. Lan non tout pèp Ayisyen an, m ap voye senpati ak kondeleyans bay tout elèv, tout pwofesè, tout paran ki viktim nan katastwòf de (2) lekòl sa yo. […] Peyi a gen moun ki vle travay, ki chaje ak bòn volonte. Se Leta ki pou akonpaye yo, pou konstwi peyi a.”
Ki jou k a jou? Èske n ap pare lè jou a jou toutbon vre? Èske n ap gen on bon jan plan lè bajou kase pou nou tabli on Leta ki kapab jwe wòl li toutbon vre?
Ki jou k a jou?

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *