Se on pawòl nan koze semenn pase a ki voye m nan kesyon sa a. Nan dezyèm pati “Bondye konn bay…” la, apèn m te fin ekri fraz sa a: ‘On moun ki kout, on ti tonken, on ti restan degi, k ap ose sou pwent pye l pou l eseye pran on bagay ki koke on ti jan twò wo pou li, nou mande l: “Lè Bondye t ap bay otè, kote ou te ye?”, lide kwoke dyakout la te vin nan tèt mwen. M souri lè sa a. Lespri m toujou mache konsa, ap fè konneksyon pou mwen, sanzatann.
Gen on premye remak pou nou fè: lè yo pale de ‘kwoke dyakout’, nou pa wè imaj on moun k ap ose sou pwent pye l pou l dekwoke lans dyakout la—anjeneral, moun ose sou pwent pye pou yo dekwoke sa yo menm yo pa t kwoke. Lè nou pale de dyakout on moun, nou nan senbòl: senbòl byen ak konnesans li posede, senbòl kapasite li genyen. M si nou konn abitye tande animatè emisyon radyo k ap mande responsab on segman nan emisyon an: “Msye osnon Madan Entèl, sa ou pote/gen nan dyakout ou pou oditè yo jodi a?”
Lide kwoke a, li menm, mache ak lide nivo, lide otè. Ki nivo mwayen ou? Ki nivo konnesans ou? Moun ki gen mwayen, nou konsidere yo anwo, nou gade yo tankou yo sou tèt lòt moun… Kidonk dyakout konnesans, dyakout mwayen on moun, pa ta ka kwoke pi wo pase moun sa a, li pa ta ka nan nivo kote moun lan, mèt li, pa ta ka rive ladan l. Amwenske gen on pakèt lòt pawòl ankò dèyè lide sa a…
Chak fwa pawoli ki di pou on moun kwoke dyakout li kote ponyèt li ka rive a vin nan tèt mwen, li toujou rale souvni kantite fwa ak nan ki okazyon m te konn tande granmoun sèvi avèk li lè m te piti. Se te toujou menm penpenp lan: madanm k ap fè mari egzijans, timoun k ap pouse granmoun aleksè, pou trimès yo bezwen osnon batanklan yo anvi, paske yo gen lanbi posede sa yo wè lakay osnon nan men zòt.
Lè on moun nan pozisyon pou l di li kwoke dyakout li kote ponyèt li ka rive, sa pa pi mal. Se on pozisyon defans, on pozisyon rezistans. Se on moun ki pa t sede anba presyon lavi, ki pa t pran nan kou fè wè pa dire. Sa mande gwo jefò. Sa mande anpil pawòl anpil. Sa mande tou anpil pawòl esperyans, anpil pawòl sajès. Pawòl tankou wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy. Pawòl tankou se kiyè bwa a ak moun ki kenbe kiyè bwa a k ap pran tout chòf la. Pawòl tankou moun ki ba ou konsèy achte chwal plenn nan sezon lepli, lè sezon lesèk, li pa ede ou ba l manje. Pawòl tankou kredi pa peye tèt li…
Men sa pa toujou pase konsa. Fòm pawoli a li menm fè n konprann sa; li montre n gen on pwoblèm. Pawoli a pa pale de dekwoke dyakout la, alòske se la menm tout doulè a ta ye, dapre prensip ki di ‘apre dans tanbou lou’ a. Sitiyasyon kwoke dyakout la, se tout sitiyasyon kote ou ap depanse, kote ou ap fè dèt, kote ou fonksyone san pwoblèm, tankou Ti Soulou, lè l sou, li sòt—li bay san konte, san gad dèyè, on bon gason, pi mal pase Yoyo. Lè sa a, ou te gendwa kwoke dyakout ou sèt otè, ou pa t ap santi sa. Pa t ap gen pyès doulè. Okenn venn pa t ap foule, alewè pou l ta redi jis li pete, koze soufrans. Se lè ou fin desoule, lè ou leve an mal makak, lè moman dekwoke a rive ou koumanse santi sa. Moun ki fè kredi pou yo ka al banbile, pou yo ka al paweze anba bèl degizman nan kanaval, se apre twa jou gra yo, Mèkredi Lèsann, yo koumanse santi efè gagann yo t ap ranmase devan bann. Menm jan tou, moun ki fè kredi pou mori yo ka gra, pou yo ka fè zòt wè luil k ap kouri nan de kwen bouch yo Vandredi Sen ak Dimanch Pak, se Lendi maten yo koumanse rann yo kont mori a te bwè twòp luil, osnon luil la te rans, li menm vle tounen on metsin ki pral pase yo. Konsa tou, moun ki eseye fè san sot nan wòch, ipoteke papye kay yo, pou yo ka fè on Premyè Kominyon wololoy, pou zòt ka wè yo pa pè fè depans men longè pou pitit yo, se lè papye tenbre koumanse rive ak menas poze sele, yo reyalize ipotèk yo te fè a pa t on tèk maton, se te on kou mazèt…
Kite kantik, pran priyè. Ann antre nan bon jan reyalite. Nan ‘Mèt Zabèlbòk Bèrachat’ (Moris Siksto), nou wè on sitiyasyon malouk ki rive lè Mèt Zabèl fin marye ak Mina, epi l deklare on pèmanans byen manje byen bwè twa fwa pa jou, san l pa fè pyès efo pou li leve ni lou ni lejè, san l pa fè pyès rimaj chache travay. Siksto di nou: “Madanm lan li menm, bèlmè a, se moun ki koke dyakout li kote bra l ka rive. Se de kay yo l genyen la a, se sa k pou fè l viv a pitit li. E boutik koumanse ap voye mande l lajan lèt evapore, lajan sik. L antre nan on gwo refleksyon: l ap mande èske l ka kontinye avèk pwotokòl dikdetonkèl l al achte byen chè a ?! Madanm lan wè li pa si antrave tankou l kwoke.”
Lide se madanm lan li menm ki kwoke a enteresan. Lè ou kwoke dyakout ou nan on otè kote ou pa ka rive, efò ou oblije fè pou ou rale dyakout la desann nan on nivo rezonab konn lakòz ou menm mèt dyakout la ou tou ret kwoke anlè tou. Se on bon kretyen ki pou vin dekwoke ou, keyi ou ak on kout gòl fè ou tonbe sou pwent on katchapika ponya, osnon mete on nechèl pou pèmèt ou desann an dous, mach pa mach…
Nan ki otè ou ap chwazi pou ou kwoke dyakout ou?
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com