Depi jedi 21 oktòb 2010 nouvèl la tonbe: moun ap mouri nan zòn Latibonit anba yon sèl dyare vantmennen yo rele kolera. M te gentan pare mwen pou m al chache pawòl ki dèyè on koze ‘mo¬ve dlo’ m tande yo di ki reskonsab tout dega yo. Men, nan fè rechèch, m al tonbe sou 2 videyo nan sit jounal “Le Nouvelliste”, kote zotobre ministè sante piblik Ayiti ap pale ak jounalis: youn, ki dire 1’24”, se Doktè Alèks Lasèn (Alex Larsen), minis Sante piblik; lòt la, ki fè 9’35”, se Dok¬tè Joslin Pyè-Lwi (Jocelyne Pierre-Louis), reskonsab Sante familyal nan ministè a.
M pran tan m, m transkri pawòl doktè yo k ap pale de epidemi kolera a pou memwa, pou lis¬twa, epitou gen on koze deyò a konmkwa pa ta ka sèvi pou pawòl lasyans… Fò zòt ta di m sa yo rele lasyans!
Semenn sa a, m ap ban nou transkripsyon videyo minis la ak on pati videyo Doktè Pyè-Lwi a. Semenn pwochèn, n a jwenn rès la, epi nan 2 semenn, m a vin ak kèk kòmantè sou kalite tèks yo.

Doktè Alèks Lasèn, Minis Sante piblik (1’24”)
“…On galon dlo trete ou on galon dlo bouyi, ou mete on gwo kiyè sik ladan l, ou mete 3 ti kiyè bebe sèl ladan l, ou fè yo fonn, ou fè sewòm oral. Donk se on bagay ki ekstrèmman fasil. On moun pa bezwen, si on moun gen dyare lakay ou, pou tèt ou cho, kote ou ap jwenn sewòm oral. Ou gendwa fè l annatandan ou rive lopital ke yo mete sewòm nan venn ou pou ou. Sèl bagay, lè ou ap bwè sewòm oral, se pou ou pran l piti piti, gòje pa gòje, fò ou pa plen lestomak ou avè l paske ou kab vomi l. Se nan nivo lestomak ou ke l antre nan kò ou.
Dezyèm anons m ap fè antanke minis de la sante piblik, m ta mande òm politik e kandida yo pou yo ta—m pa di yo sispann fè pwopagann elektoral non, yo gendwa fè li—men pou yo ta sis¬pann pandan on ti tan rasanbleman piblik. ‘Parce que’, rasanbleman piblik la, kontaminasyon an gendwa gaye pi rapidman ke on lòt moman, e m konte sou konpreyansyon yo ‘parce que c’est pour le bien de la nation’.”

Doktè Joslin Pyè-Lwi, Reskonsab Sante familyal (9’35”)
“…Sa ki pi enpòtan, se fè prevansyon. M toujou tande mo sa a nan sante: ‘Prévenir vaut mieux que guérir.’ Pito n prevni maladi a pou n pa kite l rantre. Men pi gwo jan n ka fè prevansyon sa a, se avèk ijyèn. Se mo sa a pou n retni, se ijyèn. E lè nou di ijyèn lan, se partikilyèman men nou ki pou pwòp. E se sa k fè ansanm maladi sa yo ki bay sa yo rele twoub dijestif yo, dyare, vomis¬man, yo rele yo ‘maladi men sal’. Donk si se maladi men sal e ke nou kenbe men nou pwòp, nou gen anpil chans pou n kenbe maladi a lwen. Donk sa ki pi enpòtan se ijyèn, ijyèn men.
Genyen mesaj ki di fò nou lave men n e n pral soti mesaj jodi a pou n montre moun yo ki jan pou yo lave men yo, paske se pa annik mouye men an, oubyen mouye men an, pase savon: gen on nonm de tan pou nou pran pou nou lave men n. Lè ou lave men ou, ou asire ou ke ou lave men ou jiske nan nivo ponyèt la, e fò ou lave tout fant dwèt yo, ni do men ou, ni plan men ou. E ou pran tan pou ou fwote, e tou fò ou pa lave l anndan on kivèt, m ap repete fò ou pa fè l anndan on kivèt, paske ou ap mete mikwòb la anndan kivèt la lè ou ap rense men ou avè l. Chèche on moun avèk on gode, on po, pou l vide dlo a sou men ou. E tout imaj ki soti yo—paske gen postè deja, gen afich ki soti—n ap wè se sa yo montre: se on moun k ap vide dlo sou men moun k ap lave men l lan. Sa a se te pou lave men an.
Lòt eleman enpòtan an, se on aspè de prevansyon, men ki tou se on aspè de swen. Se pran se¬wòm oral. Lè on moun gen dyare, li pèdi tout likid ki nan kò l, paske chak fwa l al nan twalèt, tout dlo ki nan… se pa nan entesten l non l soti, se mikwòb la k ap tire dlo a nan tout selil ki nan kò l. E moun lan ap mouri lè selil la vin seche, pa gen dlo nan kò l ankò, epui l ap antre nan, tèm teknik la, sa k rele on chòk ipogwolemik. Donk ‘quelque part’, lè l pa gen dlo ankò, sistèm lan pa ka fonksyone. Donk otomatikman ke on moun wè ke li gen premye watè dlo, sa n rele sèl dyare¬yik, dyare a parèt, fò l kòmanse chèche likid pou l bwè. Menm si l po t ko kapab jwenn ak on sa¬che sewòm oral, li ka pran on sevennòp, li ka pran dlo, paske se dlo a pou l bwè pou l ranplase l. Men tou, pa bliye, nan dyare ak vomisman, moun lan pa p pèdi dlo a sèlman, l ap pèdi sa yo rele elektwolit: sodyòm, potasyòm, klò, eksetera… Donk fò l pran lòt eleman anplis de dlo. Men si se dlo a sèlman l jwenn e ke l kòmanse pran l, sa ap kenbe selil yo pou pèmèt li rive nan on enstiti¬syon d sante. Donk si ou pa gen sewòm oral, brè on sache dlo.
Alò tout reflèks sa a konnye a ta vle di chak fanmi konnye la, a atravè peyi a, ta dwe chèche omwen on sache sewòm oral li mete lakay li paske, depi premye dyare a parèt, premye jès la se kòmanse bwè sewòm oral, kòmanse bwè likid, pou pèmèt ou rive nan sant sante, oubyen on ens¬ti¬ti¬syon, oubyen kay on doktè pou ou ka jwenn ak tretman, paske menm si li grav, m ap repete l, tretman an fasil. …/…”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply