Etan m chita devan òdinatè a dimanch 14 novanm 2010 pou m kontinye travay refleksyon len¬gwis¬tik m te kòmanse sou tèks m te pibliye apati de videyo m te jwenn sou ‘Le Nouvelliste’ la (“Ijyèn Kont Kolera”, 27 Oktòb ak 3 Novanm 2010), m tande sou Radyo Karayib on emisyon ki mande rete koute: “Konbit Kont Kolera”. Se on emisyon espesyal plizyè òganizasyon pote kole pou yo reyalize, òganizasyon tankou ‘Association nationale des médias haïtiens’ (ANMH), ‘As¬so¬ciation des médias indépendants d’Haïti’ (AMIH), ‘Rasanbleman Medya pou Aksyon Komi¬note’ (Ramak), ‘Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal’ (Saks)… Objektif emisyon sa a, pifò radyo t ap bay nan tout peyi a e menm sou entènèt se te pou yo bay popilasyon an enfòmasyon sou ijyèn ak demach tretman kont ravaj kolera a.
Pami jounalis ki te gen nan emisyon, te gen Venel Remarè (Venel Remarais), Radyo Solida¬ri¬te; Makis Gasya (Marcus Garcia), Radyo Melodi; Izrayèl Jaki Kantav (Israel Jacky Cantave), Ra¬dyo Karayib; Wobèsonn Alfons (Roberson Alphonse), Radyo Majik 9 ak jounal Le Nouvel¬lis¬te. Plizyè sèvis Leta te patisipe nan konbit la: minis ak lòt gwo anplwaye te la. Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Alèks Lasèn (Alex Larsen), te la; men tou, te gen Doktè Joslin Pyè-Lwi (Jocelyne Pierre-Louis), reskonsab Sante familyal nan ministè a. Minis Enteryè ak Kolektive Te¬ri¬toryal la, Pòl Antwàn Byenneme (Paul Antoine Bien-Aimé) te la; men tou, te gen Delege De¬pat¬mantal Nò a, Zefiren Adwen (Zéphyrin Ardouin). Te gen lòt zotobre ki t ap pale nan non òga¬ni¬zasyon non-gouvènmantal tou, tankou Periklès Jan-Batis (Périclès Jean-Baptiste), chèf seksyon kominikasyon nan Lakwa Wouj osnon Madam Elizabèt Ogisten (Elizabeth Augustin) reskonsab ko¬minikasyon nan Inisèf (UNICEF).
Lè m ap suiv emisyon an, entansyon m se te transkri on bon kou nan koze ki te derimen nan kon¬bit la pou nou, pou memwa, pou listwa… paske gen anpil pawòl ki te tonbe, pawòl konsekan, pawòl temwen. Men chita transkri mande tan. Kidonk, m chwazi pito pou m fè kèk ti refleksyon sou sa m tande.
Premye bagay ki te frape m, se fason jounalis yo kominike ak piblik k ap koute emisyon an. Si objektif konbit la se pou bay enfòmasyon enpòtan sou epidemi kolera a, lang y ap sèvi pou yo bay enfòmasyon an ta dwe on faktè ki enpòtan. M remake, anpil fwa, pandan konbit la, alòske on doktè osnon on enjenyè ap pale kreyòl, osnon ap fè efò pou yo kominike an kreyòl, on jounalis gen¬dwa kanpe moun k ap pale a pou l mande l on presizyon osnon eklèsi on pwen, men se an jounalis la fè sa. Se reyalite fonksyònman on seri jounalis nan peyi a ki pa reflechi ditou sou pwo¬blèm kominikasyon. Kesyon ‘Ak ki moun y ap pale?’ a pa sanble li janm vin nan tèt yo. Gen on maji mikwo radyo a ki genlè fè depi yo ouvè bouch yo se an franse pou yo fè sa, osnon nan on langaj melanje.
Pa egzanp, jounalis k ap resevwa / triye kesyon oditè yo nan fen emisyon an di: “Malgre nou pase kesyon yo nan pèy fen, nou wè ke yo retounen…” M pa konnen si m ta mete espresyon, pawoli, “pase on bagay nan pèy fen” nan on diksyonè, ki sa pifò Ayisyen t ap konprann ladan l. On lòt jounalis li menm deklare: “Sou 14 mil 642 moun ki atenn, genyen 14 mil 83 ki geri, ki egzeyate.” Pou ki sa atenn li di? Èske se sa sèlman ki te vin nan tèt li?
Abitid sèvi ak langaj melanje a, langaj tout voum se do a, menm aji sou jan yo jounalis sa yo suiv enfòmasyon on moun k ap pale prezante devan yo.
An nou pran egzanp Doktè Joslin Pyè-Lwi ki t ap bay enfòmasyon sou sewòm oral. Men sa l di: “…se mezi pou prepare sewòm oral mezon, wi. Sa pa vle di sa k nan ti sache a pi bon, non. Paske, se avèk menm sèl nou sèvi nan manje nou an, ki gen sodyòm, ki gen klòr ladan l lan, en¬ben se avèk menm pwodui sa yo, yo fè sachè sewòm oral la. Donk, li on ti jan an poud, epui, li genyen lòt engredyan ladan l, ti suk tou, pa vre, men ou pa janm pran gou suk la vre. Donk lè sa a, ou ouvè l, ou annik mete l nan dlo a. Donk se sa ou rele ‘des éléments’—alò m pa vle itilize tèm teknik lan, pa vre—se elektwolit, pa vre, sodyòm, klòr ‘que’ ou bezwen. E se sa k fè l pa rekòmande si ou pa fè tansyon pou ou pa manje san sèl. Pa vre, fò ou toujou mete on ti sèl nan manje a, paske kò ou bezwen l.”
Men kesyon / presizyon on jounalis Radyo Karayib: “Gen on mo ou sot di la a, ou anplwaye l de fwa nan de bagay diferan: ou pale de sèl, lè moun al nan twalèt, ou pale de sèl pou kolera, e ou pale de sèl pou sewòm oral.”
Doktè Pyè-Lwi reyaji menm moman an pou l di: “Non! Lè m ap pale de twalèt, m di poupou!”
Jounalis la kontinye: “An, oke! Alò pou moun yo pa konfonn yo…”
Doktè Pyè-Lwi kontinye: “Sèl ke nou manje a, ke n rele gwo sèl la, ke genyen sèl fen, se sèl ki genyen sodyòm, klòr, sa m t ap di yo la a, se yo menm lan kò ou bezwen, e ke ou pèdi lè ou gen dyare… Tandiske watè, yo rele l tou nan mo franse ‘sèl’, “s-e-l-l-e-s”, men lè n ap pale la a, sa nou di, nou menm, se poupou.”
Si nou suiv byen tèks pawòl Doktè Pyè-Lwi a, n ap remake li pa t janm sèvi ak mo ‘sèl’ la nan sans jounalis la di a. Se nan sans ‘engredyan yo met nan manje’ li te sèvi avèk li. Pou ki rezon jounalis la chwazi pou l kouri ak pawòl la nan sans pètèt on doktè ta ka mande on pasyan pou l al fè yon egzamen sèl?
Èske se paske lè l ap pale se plis pou on ti ponyen moun li konnen ki abitye di: “Fò que mwen al wè docteur mwen parce que m gen deux jou m pa fè sèl.”?!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply