De semèn ki sot pase yo, m te pibliye pawòl m transkri nan 2 videyo m te jwenn nan sit jounal “Le Nouvelliste”. Pawòl sa yo te pale nan rankont ak laprès ministè sante piblik (mete ak lòt sè¬vis Le¬ta) te òganize pou yo esplike popilasyon an ki jan l dwe konpòte l ak danje kolera ki te kò¬man¬se nan peyi a depi zòn 21 oktòb 2010 la. Moun ki te pale yo, se te Doktè Alèks Lasèn (Alex Lar¬sen), minis Sante piblik la—videyo a dire 1’24”—ak Doktè Joslin Pyè-Lwi (Jocelyne Pierre-Louis), reskonsab Sante fa¬mi¬lyal nan ministè a—videyo a dire 9’35”.
Nan prezantasyon 2 kwonik sa yo (Ijyèn Kont Kolera), m te di: “M pran tan m, m transkri pa¬wòl doktè yo k ap pale de epidemi kolera a pou memwa, pou lis¬twa, epitou gen on koze deyò a konmkwa kreyòl pa ta ka sèvi pou pawòl lasyans… Fò zòt ta di m sa yo rele lasyans!”
Sa k te nan tèt mwen, se te tout kalite pawòl anpil m wè k ap fèt sou entènèt la nan fowòm ayi¬syen depi apre DOUZ JANVYE sou kesyon lang ann Ayiti. Ou gen enpresyon tranblemanntè a resi¬si¬te tout bagay nèt. On ti ponyen moun, fò ou ta kwè se sòlda ki t ap fè pòs nan djòb gadyen de¬van mozole leve-jwenn nou, pete on kokenn kabouya, on eskonbrit menm, sou koze lang lan. Yo retounen sou ke¬syon non lang tout Ayisyen pale a: Èske se ‘kreyòl’ osnon ‘ayisyen’? Yo fè de¬ba sou lang ki ta dwe sèvi nan lekòl dapre plan rebati, rekonstwi, refouye fondasyon peyi a, kidonk lang ki pi bon pou devlopman peyi a; lang k ap fè nou vin sivilize: franse osnon an¬gle? Yo di ou franse a pou yo se tankou ga¬lon yo medaye zèpòl on solda pou rekonpanse bèl mè¬vèy li fè nan la¬gè: li pran l, li pran l nèt; li gen dwa pou l pase l bay pitit, pitit-pitit, fil ann egui… Pa gen ke¬syon si l bon, si l pa bon, si l itil, si l pa itil. Yo di ou angle a se lang moun toutbon, lang ki fè yo respekte ou, lang ki fè ou devlope, lang ki ba ou demokrasi… Kanta pou kreyòl la li menm, yo di ou li pa vo anyen, li pa pèmèt nou regle anyen, li pa pèmèt nou fè wonn pòt…
Gen yon patisipan nan fowòm ‘Haiti-Nation’ ki pase nan rizib jan kreyòl di “Non ak Siyati” lè franse, li menm, di “Prénom et Nom”. Li mande kouman pou yo di “signature” an kreyòl si “si¬ya¬ti = Nom”. Konmkwa ta gen on pwoblèm lè on Ayisyen di: “Sa a se siyati Emànyèl. Se paraf li, m rekonèt jan l siyen an.” E si l te tande lè moun ap di: “M dakò avè ou, Sizàn lan pa ka tout non l, men se konsa m konn tande y ap rele l. Men m pa konn tit li, m pa konn ki sa l siyen, m pa t kondisip dè klas li!”—Sa l ta di?
Jan de moun sa yo ba ou enpresyon gen on bagay yo konnen. Paske yo marande de twa fraz an franse—epi ki franse atò!?—ka fè nou panse fòk nou eseye ba yo bon jan esplikasyon, an franse tou, souple, pou yo ka konprann yo pa fin konn tout bagay nèt. Men, mwen menm, m refize eg¬zè¬sis lave men siye a tè a: moun sa yo pa gen bon konprann, sèvèl yo on ti jan manke moso, e yo pran wont sèvi kòlè pou kache peche sòtè yo!
Lang kreyòl la, se ta on blag li ta ye, si tout bagay li ta bezwen di, se ta ak on dekalke franse pou l ta parèt! Fòk tout moun ki ta ap pale kreyòl, se ta nan franse pou yo ta soti ak tou sa yo be¬zwen nèt. Pa t ap menm gen rezon pou yo ta ap pale kreyòl (lè yo gen on bèl lang tankou fran¬se)—se ta pou lwanj sèl, pou chèlbè, kondi yo di, pou fè wè jan yo maton… nan fè lang! Yo pa fin konprann, ann di yo pa ka konrann ditou ditou, koze ‘baz leksik kreyòl la, se franse a’. Baz la se youn, men fè diferan mo mache ansanm anndan “sistèm lang lan”, se sa ki pi enpòtan an: se on lòt!
M ta ka bay plizyè egzanp, men an nou chita sou on grenn. Sèl se youn nan engredyan, youn nan founiti, ki enpòtan lè n ap pale de gou on manje. Nou tout abitye ak sèl. Nan on resèt pou pre¬pare on pla, franse gendwa di: “Salez et poivrez.” Èske nan on resèt ayisyen yo pral sèvi ak menm mo ‘sale’ a? Èske yo pral di ‘pwavre’? On Ayisyen ki ta li osnon ki ta tande yo di l ‘sale on manje’ t ap mande ki kalite remèd sa a, pou ki sa l bon. Depi nou piti n ap di: “Mete sèl, mete pwav.” ‘Sale’ se toujou twòp sèl… ki gate on manje, fè moun pa ka manje l. Nou apresye manje ki gen bon ti gou sèl. Men sa pa anpeche gen moun ki renmen manje ki gen fòs sèl. Konsa tou, gen lòt moun ki pa manje sèl (ditou). Fò manje a fad sèl. Osnon se beni pou yo ta beni l ak on ti sèl.
Kidonk, moun k ap pale kreyòl, lang natif-natal yo, k ap sèvi avè l pou bezwen egzistans yo, k ap devlope l, yo pa ret ap tann on moun ki konn pale franse pou di yo men ki diferan nivo sans pou yo pran nan mo y ap sèvi yo—kit mo sa yo te sot nan franse, kit yo te soti nan lòt sous. Rapò nou ak mo nan lang nou, se menm rapò on moun k ap grandi nan vil li, nan bouk li, nan katye l gen¬yen ak diferan riyèl, diferan koridò, diferan lakou… Se pa rapò etranje genyen ak vil y ap vi¬zite… Ou konn lang ou, ou abite lang ou, ou viv nan lang ou!
M pa konnen ki kantite lasyans y ap wè ki genyen nan analiz lengwistik sa yo. Se pa lang lan ki pa ka kapab: ou pa ka bay lang lan sa ou pa genyen!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *